Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Yo rele kot Granmèt la sou miray pitit fi Siyon an".
LEKTI LIV
LAMANTASYON 2,2. 10-14. 18-19
Granmèt la
chavire, li pa menaje okenn bèlte Jakòb yo; nan kòlè l’ li dekonstonbre kay defans
vyèj Jida a, li jete l’ atè; li avili rèy li ak chèf li yo.
Yo chita atè a,
yo pe bouch yo, granmoun pitit fi Siyon yo, yo vide sann sou tèt yo, yo abiye
avèk rad sak: yo drive tèt yo atè a, vyèj Jerizalèm yo.
Je m’ febli
ak dlo kriye, zantray mwen boulvèse; fwa m’ vide atè a sou malè pitit fi pèp mwen
an, pandan ti bebe ak sa k’ nan tete ap mouri sou laplas vil la. Y’ap di manman
yo: "Kote ble a ak diven an?" pandan y’ap mouri tankou moun ki blese
sou plas lavil la, pandan y’ap rann nam yo sou kè manman yo.
Ak kilès pou m’
konpare ou, ak kilès pou m’ fè ou sanble, pitit fi Jerizalèm? Ak kilès pou m’
konpare ou, pou m’ konsole ou, vyèj pitit fi Siyon? Sèke malè ou la gran tankou
lanmè; kilès ki pou geri ou?
Pwofèt ou yo
te gen pou ou vizyon manti, vizyon moun fou; yo pa t’ dekouvri ou fot ou a, pou
yo te chofe ou fè penitans; yo te fè ou deklarasyon k’ap twonpe ou, k’ap vire
tèt ou.
Kè yo rele
kot Granmèt la sou miray pitit fi Siyon an; kite dlo ki sot nan je ou koule
tankou larivyè lajounen kon lannuit; pa pran repo, pa kite pòpyè je ou pe bouch
yo.
Leve, fè lwanj
nan nuit nan kòmansman vèy yo; vide kè ou tankou dlo devan fas Granmèt la; leve
men ou kote l’ pou nam ti pitit ou yo, yo menm ki mouri ak grangou nan mitan
tout kalfou yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 73, 1-2. 3-5a. 5b-7. 20-21 (r.: 19b)
R/ Lavi pòv ou yo, pa bliye l’ jouskalafen.
Poukisa, Bondye,
ou rejte jouskalafen, ou fache ak gwo kòlè nou mouton pak ou yo?
Sonje sila yo
ou rasanble a, sa ou te posede depi nan kòmansman an.
Ou te delivre
ti plant eritaj ou a, mòn Siyon kote ou abite a.R.
Leve pye ou
vin nan debri tout tan yo: lènmi an demoli tout bagay nan kay sakre a.
Yo pouse gwo
rèl, sila yo ki rayi ou yo, nan mitan sila yo ou te rasanble a. Yo plase siy pa
yo kòm sèl siy.
Yo te parèt
tankou moun k’ap voye kout rach sou tèt mòn, nan rak bwa.
Yo fann pòt
li yo yon ti moman; ak rach, ak mas, yo jete l’.
Yo boule kay
sakre ou la ak dife, yo avili joupa non ou nan atè.R.
Voye je sou
kontra-a, paske kachèt peyi a plen ak joupa britalite.
Pa kite pòv
la tounen ak lawont; pòv la ak malere a ap fè lwanj pou non ou. R.
LEVANJIL
"Anpil moun ap vin sot nan direksyon solèy leve ak nan direksyon
solèy kouche, y’ap sou tab avèk Abraam, Izaak epi Jakòb".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8,
5-17
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap
antre Kafanawòm, yon kapitèn pwoche kote l’, li lapriyè l’, li di:
"Granmèt, sèvitè m’ nan kouche lakay la, li pa kapab fè mouvman, l’ap
soufri anpil". Jezi di l’: "M’a prale, m’ap geri li".
Kapitèn nan reponn,
li di: "Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba tonnèl mwen, men di yon
pawòl sèlman, sèvitè m’ nan ap geri. Sèke mwen menm ki yon moun ki anba pouvwa
lòt moun, mwen gen sòlda anba pouvwa m’, mwen di sa a: 'Ale', epi l’ale; epi
lòt la: 'Vini', li vini; epi sèvitè m’ nan: 'Fè sa', epi li fè l’.
Lè Jezi tande
sa, li sezi, li di moun yo ki t’ap suiv li yo: "An verite mwen di nou, mwen
pa jwenn yon lafwa gran konsa nan Izrayèl. Mwen di nou anpil moun ap vin sot
nan direksyon solèy leve ak solèy kouche,y’ap sou tab avèk Abraam ak Izaak epi
Jakòb nan rèy syèl la; men pitit rèy nan menm, y’ap jete yo nan fènwa deyò yo:
kote sa a ap gen dlo nan je ak manje dan". Jezi di kapitèn nan: "Ale, jan ou kwè a, se pou sa fèt konsa".
Sèvitè l’ la geri menm lè sa a.
Lè Jezi antre
nan lakay Pyè, li wè bèlmè l’ kouche, mare ak lafyèv. Li touche men l’, lafyèv
la kite l’; li leve, li sèvi yo.
Lè aswè rive,
yo mennen anpil moun ki te gen demon, li chase lespri yo avèk yon mo, li geri
tout moun ki te malad; pou sa pwofèt Izayi te di a te kapab reyalize: "Li
pran feblès nou yo, li pote maladi nou yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye Granmèt
la.
REFLEKSYON : «Granmèt, mwen pa
merite pou ou antre anba tonnèl mwen, men di yon pawòl sèlman, sèvitè m’ nan ap
geri»
Jodi a, nan Levanji la, nou dekouvri lanmou, lafwa, konfyans
ak senplisite kè yon kapitèn ki renmen yon sèvitè li anpil. Li tèlman tèlman
gen sousi, li bay tèt li pwoblèm pou sèvitè sa a, atèlpwen li koube li byen
ba devan Jezi e li plenyen ba li: «Granmèt, sèvitè
m’ nan kouche lakay la, li pa kapab fè mouvman, l’ap soufri anpil» (Mt 8,6). Demand sa li
te fè Jezi an favè sèvitè li a, te jwenn yon repons tousuit: «M’a prale, m’ap
geri li» (Mt 8,7).
Tout sa ki pral pase aprè sa, abouti nan yon seri temwayaj
lafwa ak konfyans. Kapitèn nan pa konsidere li diy men li eksprime lafwa li ak
konfyans li nan Jezi an favè lòt yo, sa ki fè Jezi te eksprime li konsa: «An
verite mwen di nou, mwen pa jwenn yon lafwa gran konsa nan Izrayèl» (Mt 8,10).
Nou ta kapab poze tèt nou kesyon, kisa ki pouse Jezi
akonpli yon mirak. Souvan nou mande yon bagay, men nou ta di Bondye pa okipe
nou! E tout sa, antan nou gen asirans Bondye toujou tande demand nou yo. Alò,
kisa ki pase menm? Pèt nou panse nou fè yon demand kòrèk, men èske nou mande
menm jan ak kapitèn nan? Lapriyè kapitèn
nan pa egoyis, men li plen ak lanmou, senplisite ak konfyans. Sen Pyè Krizològ
di nou: «Fòs lanmou an pa konsidere
posiblite yo (…). Lanmou an pa disène, li pa reflechi, li pa konnen okenn
agiman. Lanmou
an, se pa reziyasyon devan sa ki enposib, paske li pa kite difikilte yo fè li
pè».
Èske se konsa nou
priye? «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba tonnèl mwen»
(Mt 8,8). Sa a se repons kapitèn
nan, èske se kalite santiman sa a ou genyen? Èske lafwa ou sanble ak pa kapitèn
nan ? Se Sen Maksim ki di
nou : «Se sèl lafwa ki kapab konprann mistè sa a, lafwa ki se poto mitan
ak fondasyon tout sa ki depase eksperyans ak konesans òdinè». Si ou gen kalite
lafwa sa a, ou menm tou ou va tande pawòl sa yo : «Ale, jan ou kwè a, se
pou sa fèt konsa". Sèvitè l’ la geri menm lè sa a.» (Mt 8,13).
Lasent Vyèj Mari, Manman nou, ou menm ki si tèlman te gen
lafwa, esperans ak lanmou, aprann nou priye kòmsadwa pou nou jwenn tout favè
nou bezwen nan men Bondye.
LAPRIYÈ: Jezi o, ou
menm ki te vini sou tè a pou ou kapab libere nou, tanpri kase tout chenn ki
mare nou. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap priye pou yon moun ki gen pwoblèm.
No hay comentarios:
Publicar un comentario