PREMYE LEKTI
"Wa Babilòn nan kondui Joakin avèk tout moun ki gen fòs yo kòm
prizonye Babilòn".
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 24, 8-17
Joakin te gen dizuitan lè l’ te kòmanse kòmande kòm wa,
li te wa Jerizalèm pandan twa mwa. Non manman l’,
se te Noesta, pitit fi Elnatan moun Jerizalèm. Li fè sa ki mal devan Granmèt
la, daprè tout sa papa l’ te konn fè.
Lè sa a,
sèvitè Nabikodonozò, nan Babilòn yo, monte Jerizalèm, yo antoure lavil la avèk
ranblè. Nabikodonozò, wa Babilòn nan, rive nan lavil la avèk sèvitè l’ yo, li
batay kont li. Joakin, wa Jida a, sòti, l’al jwenn wa Babilòn nan, li menm ak
manman l’, ak sèvitè l’ yo, ak chèf li yo, ak minis li yo; wa Babilòn nan pran l’
nan uityèm ane rèy li.
Li pran tout
trezò kay Granmèt la, ak trezò kay wa a, li kraze tout veso lò Salomon wa Izrayèl
la te fè nan kay sakre Granmèt la, daprè pawòl Granmèt la. Li ekzile tout moun
Jerizalèm, ak tout chèf yo, ak tout sòlda lame yo, di mil, kòm prizonye; ni
tout moun ki gen metye ak fòjwon, li pa kite anyen, sof peyizan, sof moun k’ap
travay tè. Li ekzile Joakin tou Babilòn; ni manman wa a, ni madanm wa yo, ni
minis li yo, ni jij peyi a, li kondui yo kòm esklav sot Jerizalèm al Babilòn.
Tout moun ki gen fòs, sèt mil, ni moun ki gen metye, ni fòjwon yo, mil, tout
moun ki gen kouraj, ak sòlda yo, wa Babilòn nan kondui yo Babilòn kòm esklav.
Li enstale
Matanyas, tonton wa a, nan plas li; li ba l’ non Sedesyas.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 78, 1-2. 3-5. 8. 9 (r.: 9bc)
R/ Poutèt bèlte non ou, Granmèt, delivre nou.
Bondye, nasyon
yo rive nan eritaj ou a, yo sal kay sakre ou la ki sen an, yo fè Jerizalèm vin
tounen debri.
Yo renmèt
kadav sèvitè ou yo kòm manje bay zwazo syèl yo, chè sen ou yo bay bèt yo sou tè
a.R.
Yo vide san
yo tankou dlo alantou Jerizalèm, pa gen pèsonn ki pou antere.
Nou vin tounen
fatra pou vwazen nou yo, mank dega ak rizib pou sila yo ki antoure nou yo.
Jouskilè,
Granmèt? W’ap fache jouska lafen? W’ap limen jalouzi ou tankou dife? R.
Pa sonje fot
zansèt nou yo, fè vit pran devan nou ak kè sansib ou yo, paske nou vin pòv
anpil.R.
Pote nou sekou,
Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou; padonnen peche nou yo
poutèt non ou.R.
LEVANJIL
"Kay ki bati sou wòch avèk kay ki bati sou sab".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 21-29
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
"Se pa
tout moun k’ap di m’: «Granmèt, Granmèt», k’ap antre nan rèy syèl la, men se
moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm k’ap antre nan rèy syèl
la. Anpil moun ap di m’ jou sa a: «Granmèt, Granmèt, èske se pa onon ou nou te
fè travay pwofèt, èske se pa o non ou nou te fè anpil mèvèy?» Lè sa a, m’ap deklare
yo: «Mwen pa janm konnen nou: rale kò nou sot sou mwen, nou menm k’ap fè peche».
Sèke tout
moun ki tande pawòl mwen sa yo, epi li reyalize yo, li sanble avèk yon moun
sajès, ki bati kay li sou wòch; lapli tonbe, larivyè desann, van soufle, yo
fonse sou kay sa a, li pa tonbe: sèke fondasyon l’ te sou wòch.
Tout moun ki
tande pawòl mwen sa yo, men ki pa reyalize yo, li sanble ak yon moun sòt, ki
bati kay li sou sab; lapli tonbe, larivyè desann, van soufle, yo fonse sou kay
sa a, li tonbe, tablati l’ la gran".
Rive, lè Jezi
fin di tout pawòl sa yo, foul yo te sezi poutèt lansèyman l’: sèke li t’ap anseye
yo tankou moun ki gen pouvwa, men se pa tankou pwofesè yo ak farizyen yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: « Li pa sifi pou nou di: ‘Granmèt, Granmèt’, pou nou antre nan peyi kote
Bondye Wa a».
Jodi a, deklarasyon Jezi fè a etone
nou: «Li pa sifi pou nou di: ‘Granmèt, Granmèt’, pou nou antre nan peyi kote
Bondye Wa a; men se pou nou fè volonte Papa m’ ki nan syèl la» (Mt 7,21).
Atravè pawòl sa yo, Jezi vle montre nou omwen nou gen ekzijans pou nou temwaye
lafwa nou.
Konstwi kay nou sou wòch, se yon imaj
klè ki envite nou konsidere angajman lafwa nou, ki pa sèlman limite nan nivo
bèl pawòl, men ki dwe chita sou pratik zèv lacharite. Nan youn nan jou sa yo, Legliz la pral fè nou sonje lavi Sen
Pelaj, yon jèn ki te mouri mati akoz li te vle viv pou Bondye. Pou fè sonje li,
Sen Bèna te ekri: «Kèlke swa bèlte li genyen, chastete a pa gen valè ni merit
san lacharite a. Se tankou yon lanp san luil; men sajès la di: Ala bèl li bèl
lè sajès la (syans la ou konesans) fè yon sèl kò ak lanmou an! Se de lanmou sa
a Apot la pale nou, yon lanmou ki sòti nan yon kè pwòp, yon konsyans dwat ak
yon lafwa ki sensè».
Mèsaj li
a ki te klè a e ki makonnen ak fòs lanmou an, manifeste otorite Jezi, ki te fè
sila yo ki t’ap viv nan tan li a sezi: «Foul yo te sezi poutèt lansèyman l’:
sèke li t’ap anseye yo tankou moun ki gen pouvwa, men se pa tankou pwofesè yo
ak farizyen yo» (Mt 7,28-29). Priyè ak kontanplasyon nou jodi a dwe mache ak
yon gwo refleksyon: Antan ke kretyen, kòman mwen pale e aji chak jou nan lavi
mwen? Kòman mwen konkretize temwayaj mwen an? Kòman mwen tradui kòmandman
lanmou an nan lavi pèsonèl mwen, nan lavi fanmi mwen, nan travay mwen,
elatriye? Se pa ni pawòl yo ni lapriyè san angajman nou yo ki konte, men se
pito efò nou fè pou nou viv selon Pwojè Bondye. Lapriyè nou yo dwe eksprime
dezi nou genyen pou nou fè sa ki byen antan nou konte sou konkou Bondye, lè nou
rekonèt feblès nou.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri fè priyè nou yo makonnen avèk fòs lanmou an. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn.
PWOPOZISYON:
M’ap fè jefò pou mwen viv selon sa
mwen kwè, olye mwen pale anpil, m’ap poze plis aksyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario