Páginas

MÈKREDI 22

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Wa a li pawòl liv kontra a pou pèp la, liv sa a yo te jwenn nan kay sakre Granmèt la, li pase yon kontra devan Granmèt la".
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 22, 8-13; 23, 1-3
Jou sa yo:
Prèt an chèf Elsyas di pwofesè Safan: "Mwen jwenn Liv Lalwa a nan kay sakre Granmèt la". Elsyas bay Safan woulo a, li li l’. Pwofesè Safan rive kot wa Jozyas, li fè l’ rapò sou sa li te kòmande li di: "Sèvitè ou yo fonn lajan yo jwenn nan kay sakre Granmèt la, yo bay yo pou chèf travay kay sakre Granmèt yo separe yo bay travayè yo". Safan, pwofesè a, fè deklarasyon bay wa a tou, li di: "Prèt Elsyas renmèt mwen yon liv". Lè Safan li liv la devan wa a, wa a tande pawòl liv Lalwa Granmèt la, li chire rad li.
Li pase prèt Elsyas lòd, ni Ayika, pitit Safan an, ni Akobòr, pitit Miche a, ni sekretè Safan, ni Asaya, sèvitè wa a, li di: "Al konsilte Granmèt la pou mwen ak pou pèp la, ak pou tout Jida, sou pawòl sa a, nou jwenn nan. Sèke se yon gran kòlè Granmèt la ki limen kont nou, paske zansèt nou yo pa t’ koute pawòl liv sa a, pou yo te fè tout sa ki ekri pou nou".
Yo anonse wa a sa l’ te di. Li menm, li voye rasanble tout ansyen Jida avèk Jerizalèm vin kote l’. Wa a monte nan kay sakre Granmèt la, ni tout moun Jida, ni tout moun ki te abite Jerizalèm avèk li, ni prèt, ni pwofèt, ni tout pèp la, depi piti jous gran. Li li tout pawòl liv Kontra a pou tout moun ki t’ap koute yo, liv sa a yo te jwenn nan kay sakre Granmèt la. Wa a te kanpe sou estrad la, li pase kontra devan Granmèt la, pou yo mache dèyè Granmèt la, pou yo obsève kòmandman l’ yo, ak temwayaj li yo avèk desizyon l’ yo, ak tout kè, avèk tout nam, pou yo reyalize pawòl kontra sa a, ki te ekri nan liv sa a. Pèp la dakò avèk contra a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 33. 34. 35. 36. 37. 40
R/ Poze chemen desizyon ou yo pou mwen, Granmèt.
Poze lalwa a pou mwen, Granmèt, chemen desizyon ou yo, m’a obsève yo tout tan.R.
Ban m’ entelijans, m’ap obsève lalwa ou la, m’a kenbe l’ ak tout kè m’.R.
Kondui m’ nan tras wout kòmandman ou yo, paske mwen renmen l’.R.
Panche kè m’ nan temwayaj ou yo, pa nan renmen lajan.R.
Vire je m’ pou yo pa wè sa k’ pa vo anyen, nan chemen ou yo ban m’ lavi.R.
Mwen anvi kòmandman ou yo; nan jistis ou a, fè m’ viv.R.
LEVANJIL
"Se nan fwi yo n’ap rekonèt yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 15-20
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Fè atansyon pwofèt manti yo, k’ap vin kote nou ak rad mouton yo, men sou pa anndan, se lou voras; se nan fwi yo n’ap rekonèt yo. Èske yo konn keyi rezen sou pikan, oubyen fig frans sou chadwon? Konsa tout pye bwa ki bon li donnen fwi ki bon, men move pye bwa se move fwi li donnen. Yon bon pye bwa pa kapab donnen move fwi, ni yon move pye bwa pa kapab donnen bon fwi.
Tout pye bwa, ki pa donnen bon fwi, y’ap koupe l’, y’ap jete l’ nan dife. Konsa se nan fwi yo n’ap rekonèt yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye Granmèt la.
REFLEKSYON :
"Se nan fwi yo n’ap rekonèt yo".
Jodi a, Levanji la prezante nou yon kontradiksyon ant move pye bwa ak bon pye bwa. Jezi itilize yon langaj ki trè senp antan li pran yon ekzanp pou eksplike nou kijan nou dwe aprann fè diferans ant sa k’ap ede nou devlope e viv kòm moun ak sa k’ap kokobe nou, paralize nou.
Nan lavi nou, nou aprann konnen genyen bon ki dejenere e finalman yo bay move fwi; men tou genyen sa ki move ki chanje e ki bay bon fwi. Finalman kisa sa vle di «tout pye bwa ki bon li donnen fwi ki bon» (Mt 7,17)? Èske sa vle di ke sa ki bon an, li bon paske li pa janm sispann fè byen? Li fè byen an e li pa janm bouke. Li fè byen an e li pa tonbe nan tantasyon fè mal la. Li fè byen an e li pèsevere jiskaske li tounen yon ewo. Li fè byen an, e si fatig ta lakòz li pa kontinye fè li, oubyen li tonbe nan tantasyon fè mal, li rekonèt fot li… li rekòmanse.
Wi, li fè li, paske li konnen konsekans sa kapab genyen, li konnen si li pa bay bon fwi, y’ap koupe li e jete li nan dife. Sa pa kont pou n’ap di «Granmèt, Granmèt !». Tankou Sen Jak fè nou sonje sa, lafwa gen sans li, se lè li manifeste nan zèv yo :« Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen» (Jak 2,18).
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri fè kado Lespri Sen an nou te resevwa pote nan lavi nou. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : M’ap analize pwòp tèt mwen : èske mwen se yon bon pye bwa oubyen yon move pye bwa. Ki fwi mwen pote pou lòt yo ? M’ap reflechi sou sa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario