Koulè
vèt
PREMYE LEKTI
"M’ap pwoteje lavil sa a, m’ap sove l’ poutèt mwen menm ak
David".
LEKTI DEZYÈM
LIV WA YO 19, 9b-ll. 14-21. 31-35a. 36
Jou sa yo:
Senakerib, wa
Asiryen yo, voye mesaje bay Ezekyas, li di: "N’a di Ezekyas, wa Jida a: Pa
kite Bondye ou la twonpe ou, li menm ou met konfyans nan li a, pa di: 'Li p’ap
lage Jerizalèm nan men wa Asiryen yo'. Ou menm menm, ou te tande sa wa Asiryen yo te fè tout peyi yo, kijan yo
te detwi yo. Ebyen èske se ou menm sèl ki ta kapab sove?"
Se pousa, lè
Ezekyas resevwa lèt yo nan men mesaje yo, li li yo, li monte nan kay sakre
Granmèt la, li louvri yo devan Granmèt la. Li lapriyè devan l’, li di:
"Granmèt, Bondye Izrayèl, ou menm ki enstale anlè Cheriben yo, se ou menm
sèl ki Bondye tout wa sou tè a, ou te fè syèl la ak tè a. Panche zòrèy ou, koute;
louvri je ou, Granmèt, gade, koute tout pawòl Senakerib yo, li menm ki voye derespekte
Bondye vivan nou an. Reyèlman vre, Granmèt, wa Asiryen yo gaye nasyon yo ak peyi
tout moun yo; yo jete dye yo nan dife; sèke se pa t’ dye yo te ye, men se
travay men lèzòm ki fèt ak bwa avèk wòch; yo detwi yo. Koulye a, Granmèt Bondye
nou, sove nou sot nan men l’, pou tout peyi wa yo sou tè a konnen se ou menm
Granmèt la ki sèl Bondye".
Izayi, pitit
Amòs la, voye kot Ezekyas, li di: "Men pawòl Granmèt Bondye Izrayèl la:
'Sa ou mande m’ sou Senakerib, wa Asiryen yo, mwen tande l'. Men pawòl Granmèt
la di sou li: 'Li meprize ou, l’ap pase ou nan rizib, vyèj la, pitit fi Siyon an;
l’ap souke tèt dèyè do ou, pitit fi Jerizalèm nan. Nan Jerizalèm gen rès k’ap sòti,
y’ap sove sot mòn Siyon an. Jalouzi Granmèt lame yo ap fè sa'.
Se pousa, men
sa Granmèt la di sou wa Asiryen yo: 'Li p’ap antre nan lavil sa a, li p’ap voye
yon flèch ladan l’, pa gen yon zam defans k’ap antre ladan l’, pa gen travay
lame k’ap ansèkle l’. Nan wout li te vini an, se ladan l’ l’ap retounen, li p’ap
antre nan lavil la, deklarasyon Granmèt la. M’ap pwoteje lavil sa a, m’ap sove l’
poutèt mwen ak poutèt David, sèvitè m’ nan' ".
Rive, nan
nuit sa a menm, Mesaje Granmèt la rive, li frape sankatrevensenk mil moun nan
lame Asiryen yo. Lè devan-jou leve, Senakerib, wa Asiryen yo, wè tout kò mò yo;
li pati, l’al fè wout li; li retounen, li rete Niniv.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 47,2-3a.3b-4.10-11
R/ Bondye
enstale lavil li a pou toutan.
Granmèt
la gran li merite anpil lwanj,
Nan lavil
Bondye nou an.
Mòn
li an sen, ti mòn li an bèl,
Kontantman
tout tè a.R
Mòn
siyon an nan bout rejyon nò a,
Lavil gran Wa a Bondye nan lakay li yo, yo konnen
l’ byen,
Li
vin tounen kachèt.R
N’ap
kalkile kè sansib ou a Bondye,
Nan
mitan kay sakre ou a,
Daprè
Non ou Bondye,
Konsa
lwanj ou jous nan bout tè a, jistis ou plen men Dwat ou.R
LEVANJIL
"Tout sa
nou vle pou moun yo fè nou, se pou nou fè yo tou".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 6. 12-14
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
"Pa bay
chyen bagay ki sen yo, pa voye bijou nou devan kochon, pou yo pa foule yo anba
pye yo, pou yo pa vire fonse sou nou.
Tout sa nou
vle pou lèzòm fè nou, se pou nou fè l’ pou yo tou; sa a se lalwa a ak pwofèt
yo.
Antre nan pòt
ki sere a, paske pòt la laj, wout la gran, sa k’ kondui nan lanmò a, epi se
anpil moun ki antre ladan l’. Se pa ti kras sere pòt la sere, se pa ti kras jennen
wout la jennen, sa k’ kondui nan lavi a, men se yon ti kras moun ki jwenn li!"
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye Granmèt la.
REFLEKSYON: «Pa bay chyen
bagay ki sen yo»
Jodi a, Granmèt la pote twa konsèy pou nou. Premye a,
se «Pa bay chyen bagay ki sen yo, pa voye bijou nou devan kochon» (Mt 7,6), yon
kontradiksyon kote yon bò ‘‘byen’’ yo asosye avèk ‘‘bijou’’ epi ak ‘‘bagay ki
sen yo’’, epi yon lòt bò ‘‘chyen yo ak kochon yo’’ bay nou lide yon bagay ki pa
pwòp. Sen Jan Krizostòm ba nou lansèyman sa a: «lènmi nou yo sanble avèk nou
nan sa yo ye, men pa nan sa yo kwè. Menm si tout moun ki diy oubyen ki pa diy
resevwa richès latè menm jan, se pa menm bagay nan nivo espirityèl, se pito
privilèj moun ki fidèl ak Bondye. Nou resevwa byen espirityèl yo lè nou montre
nou gen enterè pou bagay ki sen, ki sakre.
Dezyèm konsèy la,
se sa yo rele ‘‘règ
dò a’’ (Mt 7,12)
ki rezime tout sa Lalwa ak pwofèt yo te anonse, tankou branch yon menm pye bwa:
lanmou pwochen sòti nan lanmou Bondye.
Fè pou moun sa nou ta renmen yo fè pou nou, sa
enplike transparans nan sa nou fè pou lòt yo, nan rekonèt yo se imaj Bondye, yo
gen diyite. Poukisa n’ap chèche byen pou tèt pa nou? Paske nou rekonèt se sèl
mwayen pou nou idantifye nou e fè kò avèk Kreyatè a. Lè nou konsidere byen an
se sèl mwayen ki fè nou viv lavi nou an plen, nou pa kapab imajine relasyon nou
ak lòt yo sa byen an. Kote ki gen mansoj ak mal, pa gen plas pou Byen an.
Dènye
konsèy la, se sou “pòt ki sere a”…Pap Benwa XVI mande nou: « Ki siyifikasyon
“pòt ki sere a”? Poukisa gen anpil moun ki pa rive antre ladan li? Èske se yon
pòt ki rezève sèlman pou kèk moun Bondye chwazi?» Repons la se non!, atravè
mesaj li nou konnen tout moun kapab antre nan lavi a, men pòt la sere pou tout
moun… Pòt ki mennen nan lavi pou tout tan an li ouvè pou tout moun, men li
“sere” paske li ekzijan, li mande angajman, detachman ak pwòp tèt nou.
LAPRIYÈ : Jezi Granmèt, ou menm ki sove lèzòm
granmesi lanmò ak leve vivan ou an, tanpri fè nou rive patisipe nan bèl fèt ou
rezève pou nou an.
PWOPOZISYON :
M’ap pran swen kò mwen
ki se kay Lespri Sen an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario