Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la
wete Izrayèl sot devan fas li, se ras Jida a sèlman ki rete».
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 17, 5-8. 13-15a. 18
Jou sa yo:
Salmanaza, wa Asiryen yo travèse tout peyi a, li monte
Samari, li bloke l’ pandan twazan. Sou nevyèm ane Oze a, wa Asiryen yo pran
Samari; li ekzilé Izrayèl kay Asiryen yo, li enstale yo Ala, avèk Abòr, bò
larivyè Gozan an, nan vil Mèd yo.
Rive, kòm pitit Izrayèl yo te fè peche kont Granmèt
Bondye yo a, ki te fè yo sòti nan peyi Lejip la, sot nan men Farawon, wa Lejip
la, yo te adore dye etranje yo. Yo mache daprè seremoni nasyon yo, sa Granmèt
la te detwi devan fas pitit Izrayèl yo ak wa Izrayèl yo, yo aji menm jan.
Granmèt la te avèti Izrayèl avèk Jida, pa lantremiz
pwofèt yo ak moun ki wè yo, li te di: «Tounen sot nan chemen nou yo ki move yo,
obsève kòmandman m’ yo ak desizyon m’ yo, daprè tout lalwa a mwen te kòmande
zansèt nou yo, avèk jan mwen te voye di nou pa lantremiz sèvitè m’ yo, pwofèt
yo». Yo pa koute, men yo fè kou yo rèd menm jan avèk zansèt yo, ki pa t’ vle
obeyi Granmèt Bondye yo a. Yo rejte lalwa l’ yo avèk kontra l’ la, sa l’ te
pase avèk zansèt yo a, ni temwayaj li yo, sa l’ te sèvi pou l’ ba yo avètisman.
Granmèt la fache anpil kont Izrayèl, li wete l’ sot
devan fas li; se fanmi Jida a sèlman ki rete.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 59, 3. 4-5. 12-13
R/ Sove nou avèk men dwat ou, Granmèt, koute nou.
Bondye, ou te
rejte nou, ou te detwi nou; ou fache; tounen vin jwenn nou.R.
Ou souke tè
a, ou sakaje l’; geri kote l’ blese yo, paske li depafini
Ou fè pèp ou
a wè bagay ki rèd, ou fè nou bwè diven vètij.R.
Èske ou menm,
Bondye, se pa ou ki te rejte nou, ou pa sòti avèk lame nou yo, Bondye?
Ba nou sekou
nan tray la, paske delivrans moun pa vo anyen. Nan Bondye n’ap fè pwodij, se li
menm k’ap kraze moun k’ap fè nou pase tray yo.R.
LEVANJIL
«Kòmanse wete bout bwa a sot nan je ou»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 1-5
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa jije, pou yo pa jije nou; sèke avèk jijman n’ap
jije a, se avèk li y’ap jije nou; mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap renmèt
nou.
Konsa, pouki sa w’ap gade ti pay la ki nan je frè w’
la, epi gwo bout bwa a ki nan je w’ la, ou pa wè l’? Oubyen kòman fè ou di frè
w’ la: «Kite m’ wete ti pay la sot nan je ou», epi men yon gwo bout bwa nan je
pa ou? Ipokrit, kòmanse wete gwo bout bwa a sot nan je ou, epi lè sa a w’a wè
klè pou ou wete ti pay la sot nan je frè w’ la».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Bondye envite nou tounen vin jwenn li nan senplisite, antan n’ap ekzanmi pwòp
tèt nou. Kase tèt tounen vin jwen Papa w’. Kretyen, se pou nou bay kò nou twa
tap ! Revize lavi nou, nou pakab ap viv lwen Bondye, nan neglije sa Bondye
nou an mande nou fè. Si nou viv nan obeyisans kòmandman li yo, nan renmen, nou
deja gen sekrè kè kontan tout tan. Apwoche vini antoure mwen, se sa li vle di
nou jodi a, Ayisyen toupatou, pa ret ap dòmi, pa ret nan move chemen, pa ret ap
kritike lòt moun. Pwoche vini, kite limyè Bondye klere ou. Bay lòt la yon chans
pou li fè yon pa nan lavi espirityèl, pou li amelyore relasyon li ak Bondye.
Akeyi l’ nan Legliz la, akeyi l’ nan kè w’.
Zanmi Bondye yo, lè nou wè yon moun ap chèche fè
rankont ak Bondye, pa meprize l’, pa kriminen l’, pa rejte l’, Bondye se Bondye
tout moun : li pa jete nou. Ou pa pi bon pase sa. Se Bondye ki bon, se li
ki konnen fon kè, se li pou jije. Petèt ka pa w’ la ka pi grav pase lòt. Se pou
sa pawòl la di nou retire bout bwa ki nan je nou anvan nou wè ti pay ki nan je
lòt la. Kidonk, pouvwa jije se Bondye ki genyen l’, se pa nou, pòv pechè.
Ann ede lòt la avanse pito olye nou kale do li ak lang
nou, pou nou tout ansanm ka rive kote Bondye Wa a. Egoyis, tripotay, pale moun
mal p’ap fè nou avanse ni devan kominote ni devan Bondye, e pi red devan l’, li
konn tout bagay. Ann mande Bondye jodi a pou l’ede nou pran konsyans de
sitiyasyon pa n’ yo, pou n’ ka ede lòt yo avanse san nou pa kriminen yo.
LAPRIYÈ :Papa Bondye, ou menm ki plen mizerikòd, aprann nou pran pasyans
nan renmen ak frè ak sè nou yo. Pa pouvwa Jezikri, Pitit ou a. Amèn.
PWOPOZISYON:M’ap sispann kriminen lòt la ; m’ap chèche dekouvri
defo mwen pou m’ kapab amelyore relasyon mwen ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario