Koulè Vèt
12 ZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE C
PREMYE LEKTI
“Y’ap gade sila a yo pike a”.
NAN LIV PWOFÈT ZAKARI 12, 10-11
Men pawòl Granmèt la:
“M’ap vide yon lespri favè ak
lapriyè sou kay David la ak sou moun ki abite Jerizalèm yo: y’ap gade m’, mwen
menm yo te pèse a, y’ap kriye sou li, yon rèl tankou pou yon sèl pitit gason,
y’ap plenn sou li, tankou yo konn plenn pou lanmò premye pitit gason.
Jou sa a, rèl la ap gran nan Jerizalèm, tankou rèl
Adadremon nan plenn Megido a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
62, 2. 3-4. 5-6. 8-9
R/ Nanm mwen swaf ou, Granmèt, Bondye mwen.
Bondye, se Bondye m’ ou ye. se kote ou m’ap veye depi
granmaten. Nanm mwen swaf ou, chè mwen anvi ou.R.
Nan tè savann nan, ki sèk la, ki san dlo a, se konsa
mwen parèt devan ou nan kay sakre a, pou m’ wè fòs ou ak bèlte ou. Sèke kè
sansib ou pi bon pase lavi yo, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Konsa m’ap fè
konpliman pou ou nan lavi m’, o non ou m’ap leve men m’. Tankou ak vyann ak bon
manje gra nanm mwen plen, ak pawòl fèt bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Paske ou pote
m’ sekou, anba vwal zèl ou m’ap fete. Nanm mwen kole apre ou, men dwat ou
soutni m’.R.
DEZYÈM LEKTI
“Nou tout ki batize, nou abiye ak Jezikri”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU GALAT YO 3, 26 29
Frè m’ yo:
Nou tout nou
se pitit Bondye gras a lafwa a, ki nan Jezikri a. Reyèlman vre nou tout ki
batize nan Jezikri, nou abiye ak Jezikri. Pa gen kesyon Juif ni Grèk, nan pwen
ni esklav ni moun lib, pa gen gason ni fi: sèke nou tout se yon sèl nou fè nan
Jezikri.
Si nou pou Jezikri, konsa nou se ras Abraam, eritye
daprè pwomès la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Ou se Kris
Bondye a. Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 18-24
Lè sa a:
Jezi t’ap lapriyè pou kont li, disip yo te avèk li. Li
poze yo kesyon, li di: “Kilès foul yo di mwen ye?”
Yo reponn, yo di: “Jan Batis; dòt menm Eli; dòt ankò se
youn nan pwofèt lontan yo ki leve”.
Jezi di yo: “Nou menm menm kilès nou di mwen ye?”
Simon Pyè
pran lapawòl, li di: “Kris Bondye a”.
Jezi menm
menase yo li pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsònn sa, li di Pitit moun nan gen
pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo rejte l’, ni chèf prèt yo, ni pwofesè yo,
l’ap mouri, men sou twazyèm jou a, l’ap tounen vin vivan.
Li t’ap di
tout moun: “Si yon moun vle vin apre mwen, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou
l’ pran kwa l’, chak jou, pou l’ suiv mwen. Reyèlman vre, moun ki vle sove lavi
l’, l’ap pèdi l’: moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove li”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
“Nou menm
menm kilès nou di mwen ye?”
Jodi a, nan Levanjil la, Jezi poze nou yon
kesyon-kle, fondamantal. Lavi nou depann de sa: «Nou menm menm kilès nou di mwen ye?» (Lik 9,20). Nan
non lòt patizan Jezi yo, Pyè bay yon repons rapid ak yon lafwa ki klè: «Kris
Bondye a». E nou men, jodi a, ki repons nou bay? Èske nou vrèman
konnen Jezi pou nou reponn kesyon sa a? Nou kapab konnen Jezi pi plis nan
lapriyè, nan lekti ak meditasyon Levanjil la, nan lavi sakreman yo ak Legliz
la. Toutotan nou poko kapab bay yon
repons tankou Pyè, yon repons ki sòti nan fon kè nou, ebyen Jezi poko ap
transfòme lavi nou. Nou dwe rive santi sa Pyè te santi a.
Levanjil jodi a
ankouraje nou suiv Jezi ak kè nou senp, antan nou pare pou nou pote kwa nou. Lè
nou suiv Jezi nan fason sa a, nou kapab jwenn delivrans la, libète. Sen Abwaz
di nou: «Sa ki rive lò a, li rive Legliz la tou; sa vle di, lè li pase sou
dife, li pa santi anyen ki fè l’ mal, okontrè li vin pi bèl».
Oken
kontraryete, okenn pèsekisyon pou koz Wayòm Bondye a pa dwe fè nou pè, okontrè
yo dwe fè nou gen plis espwa e menm plis kè kontan. Lè ou
bay lavi ou pou Kris la, se pa pèdi ou pèdi li, men se genyen ou genyen li pou
tout tan. Jezi mande nou pou nou viv nan senplisite ak fidelite Levanjil la; li
vle ke se ak pwòp libète nou nou ofri li eksistans nou. Sa vo lapenn pou nou
bay lavi nou pou Wayòm Bondye a!
Sa
ki enpòtan pou nou kòm kretyen, se swi Jezi, imite li, viv lavi lagras la,
kidonk se rete avèk Bondye. Sen Ogisten di nou:«Bondye fè li moun pou moun nan
te ka vin tounen Bondye, yon bagay ki te enposib avan». Se pou Bondye ede nou
viv divinite li a nan chè nou, gras ak konkou fòs Lespri Sen an.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki se Papa bon kè a, ou
menm ki renmen nou chak epi ki devwale kè sansib ou an favè nou, tanpri, ede n’
kite Lespri w’ la anvayi nou pou n’ ka tounen vrè temwen leve byen vivan w’ lan. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap kontanple Jezi nan fason li sove mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario