Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Zakari nou touye a ant kay sakre a ak lotèl la».
LEKTI DEZYÈM
LIV KWONIK YO 24, 17-25
Lè Jozada fin
mouri, chèf Jida yo antre, yo salye wa a byen ba, li kite yo pran tèt li ak
priyè yo, li vin dakò avèk yo.Yo kite kay sakre Granmèt Bondye zansèt yo, yo
sèvi poto ak zidòl yo; kòlè a rive kont Jida ak Jerizalèm poutèt peche sa a. Yo
voye pwofèt ba yo pou yo tounen kot Granmèt la; yo revòlte kont yo, yo refize
koute.
Lespri Bondye
vlope Zakari, pitit Jozada, prèt la; li kanpe devan pèp la, li di l’: «Men
pawòl Granmèt Bondye a: Pouki sa nou dezobeyi lòd Granmèt la, sa pa nan avantaj
nou, nou lage Granmèt la, pou l’ lage nou tou».
Yo rasanble kont li, yo kalonnen l’ sou lòd wa a nan
lakou kay Granmèt la. Wa Joas pa sonje kè sansib Jozada te gen pou li, Jozada,
papa Zakari, men li fè touye pitit li a. Li menm, lè l’ap mouri, li di: «Se pou
Granmèt la wè, pou l’ mande kont».
Ane a pase, lame Siri a monte kont li; li rive Jida ak
Jerizalèm, li touye tout chèf pèp la, yo voye tout richès yo bay wa a Damas.
Malgre siryen yo pa t’ anpil, Granmèt la renmèt yon
gran kantite moun nan men yo, poutèt yo te kite Granmèt Bondye zansèt yo a;
Joas tou, yo avili l’ anba pinisyon. Yo pati, yo kite l’ malad grav.
Sèvitè l’ yo leve kont li pou vanje san pitit prèt
Jozada a, yo touye l’ nan kabann li, li mouri.Yo antere l’ nan vil David la,
men se pa nan kavo wa yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
88, 4-5. 29-30. 31-32. 33-34
R/ Pou tout tan, m’ap kenbe kè sansib mwen pou li.
Mwen pase kontra avèk sila a mwen chwazi a, mwen fè
sèman bay David sèvitè m’ nan: Pou tout tan m’ap asire desandans ou, m’ap drese
fotèy pou jenerasyon ak jenerasyon».R.
Pou tout tan m’ap kenbe kè sansib mwen pou li, kontra
m’ nan ap fidèl pou li. M’ap mete desandans li pou tout tan gen tan, ak fotèy
li tankou jou syèl yo.R.
Men si pitit li yo lage lalwa m’ nan, si yo pa mache
nan jijman m’ yo; si yo derespekte desizyon m’ yo, si yo pa obsève kòmandman m’
yo.R.
M’ap vizite fot yo avèk fwèt, ni peche yo avèk repwòch.
Men kè sansib mwen, mwen p’ap wete l’ sot, sou
li, mwen p’ap bay manti nan verite m’ nan.R.
LEVANJIL
«Pa pran tèt
chaje pou demen».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 24-34
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pèsòn pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn,
l’ap renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, l’ap meprize lòt la. Nou
pa kapab sèvi Bondye avèk lajan.
Se pousa mwen di nou: Pa pran tèt chaje pou lavi nou,
pou nou mande ki sa n’ap manje, ni pou kò nou ak kisa n’ap abiye l’: èske lavi
a pa plis pase manje a, epi kò a plis pase rad la? Gade zwazo syèl yo, yo pa
simen, yo pa rekòlte, yo pa ranmase nan depo; epoutan Papa nou ki nan syèl la
nouri yo. Èske nou pa plis pase yo?
Kilès nan nou, afòs l’ap kalkile, ki kapab mete yon
mezi an plis sou wotè l’?
Pou rad la, pouki sa nou pran tèt chaje? Konsidere lis
yo nan jaden yo, kijan yo grandi; yo pa travay, yo pa fè twal. Men mwen di nou
ata Salomon nan tout bèlte l’ li pa t’ abiye tankou youn nan yo. Konsa si zèb
jaden an ki la jodi a, epi demen y’ap jete l’ nan dife, Bondye abiye l’ konsa,
èske li p’ap fè plis pou nou, nou menm ki gen ti lafwa?
Konsa, pa pran tèt chaje, ap di: «Ki sa n’ap manje?»
oubyen «Ki sa n’ap bwè?», oubyen «Ak ki sa n’ap abiye?» Tout bagay sa yo, payen
yo ap chèche yo; Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Konsa kòmanse chèche rèy Bondye a ak jistis li, epi tout bagay sa yo ap
vin an plis pou nou.
Pa pran tèt
chaje pou demen; jou demin an ap pran tèt chaje pou kont pa l’: mizè chak jou
kont pou jou a».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Kòmanse
chèche rèy Bondye a ak jistis li, epi tout bagay sa yo ap vin an plis pou nou».
Jodi a, Levanjil la pale nou sou viv “moman aktyèl
la”: Pa trakase tèt nou, pa mande kisa
m’ap manje, kisa m’ap bwè, ki rad m’ap mete. Sa ki enpòtan, se fè Bondye
konfyans nèt ale, se kwè nan mizerikòd li ki san limit. Sen Terèz de Lanfan
Jezi di nou: “ Sèl bousòl mwen, sèke mwen abandone tout bagay!”
Lè
nou fè sousi, sa pa rezoud anyen pou nou, nou toujou gen pwoblèm, nou menm gen
plis pwoblèm. Se konfyans ak lafwa ki rezoud pwoblèm nou yo. Jezi di nou: “Si
Bondye abiye zèb la konsa, èske li p’ap fè plis pou nou, nou menm ki gen ti
lafwa?”.
Lavi
a nan li menm pa twò konplike, se moun nan ki manke lafwa. Ekzistans la pa
toujou fasil. Pafwa nou santi li peze nou; souvan nou santi nou blese e
skandalize akoz sa ki rive nou oubyen sa ki rive lòt yo. Men, an nou eseye fè
fas ak tout sa avèk lafwa, epi ann eseye viv chak jou ak konfyans nan pwomès
Bondye yo. Lafwa a mennen nou nan delivrans.
«Pa pran tèt chaje pou demen; jou demin an ap pran tèt
chaje pou kont pa l’. Mizè chak jou kont pou jou a» (Mt 6, 34). Kisa sa vle di
menm? Jodi a, fè jefò pou w’ viv selon lojik Wayòm Bondye a, nan konfyans,
senplisite, nan chèche Bondye, nan abandone kèk bagay. Epi Bondye ap pran rès
bagay yo an konsiderasyon.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, mèsi paske ou pran swen mwen chak jou.
PWOPOZISYON :Menm si mwen pa wè klè, m’ap fè Bondye konfyans. M’ap ofri li tout pwoblèm
mwen ak pwoblèm peyi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario