Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo sakre
Joas, yo di: Viv wa a»!
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 11, 1-4. 9-18. 20
Jou sa yo:
Atali, manman Okozyas, wè pitit li a mouri, li leve, li
touye tout ras wa yo. Jozaba, pitit fi wa Joram nan, sè Okozyas la, pran Joas,
pitit Okozyas la, li wete l’ sot nan mitan pitit wa yo, sa yo t’ap touye yo,
ansanm ak nouris li a, li wete l’ sot nan chanm nan; li kache l’ devan je
Atali, pou yo pa touye l’. Pitit la ret avèk li pandan sizan, an kachèt nan kay
Granmèt la; pandan tan sa a Atali ap kòmande sou peyi a.
Sou setyèm ane a, Jozada voye pran kapitèn ak sòlda, li
fè yo antre nan kay sakre Granmèt la, li pase kontra avèk yo; li fè yo fè sèman
nan kay Granmèt la, li montre yo pitit wa a.
Kapitèn yo aji daprè tout sa prèt Jozada te kòmande yo;
chak kapitèn pran moun li yo ki te konn antre jou saba a, ansanm avèk sa k’ te
konn sòti jou saba a, yo vin kot prèt Jozada; ki ba yo pik ak zam wa David yo,
ki te nan kay Granmèt la. Chak moun kanpe, yo gen zam nan men yo, sot nan bò
dwat kay sakre a, rive jous nan bò goch lotèl la ak palè a alantou wa a.Yo
prezante pitit wa a, li poze kouwòn nan sou tèt li ak temwayaj la; yo fè l’ wa,
yo sakre l’, yo bat bravo, yo di: «Viv wa a!»
Atali tande vwa pèp la k’ap kouri, li antre nan foul yo
nan kay sakre Granmèt la, li wè wa a kanpe sou estrad la daprè abitid la, avèk moun
k’ap chante yo ak twonpèt yo bò kote l’, tout pèp tè a k’ap fete k’ap sonnen
twonpèt; li chire rad li, li rele: «Konplo! Konplo!» Jozada pase kapitèn yo
lòd, yo menm ki t’ap kòmande lame yo, li di yo: «Fè l’ sòti deyò pòtay kay
sakre a, nenpòt moun ki suiv li, se pou yo touye l’ ak epe». Prèt la te di: «Yo
pa dwe touye l’ nan kay sakre Granmèt la».
Yo poze men sou li, yo pouse l’ nan chemen kote chwal
yo konn sòti a, jous bò palè a, yo touye l’ la.
Jozada pase yon kontra ant Granmèt la avèk wa a epi pèp
la, pou l’ vin pèp Granmèt la; epi ant wa a ak pèp la. Tout pèp tè a antre nan
kay sakre Baal la; yo demoli lotèl li yo, yo kraze zidòl yo nèt; yo touye Matan
tou, prèt Baal la, devan lotèl la. Prèt la mete gad nan kay sakre Granmèt la.
Tout pèp tè a te kontan, men lavil la te rete trankil;
Atali menm, yo touye l’ ak epe nan kay wa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
131, 11. 12. 13-14. 17-18
R/ Granmèt la chwazi Siyon kòm kay li.
Granmèt la fè sèman bay David, se verite, li p’ap
demanti l’: «Se nan fwi vant ou m’ap mete sou fotèy ou a».R.
Si pitit li yo kenbe testaman m’ nan, ak temwayaj mwen
yo m’ap anseye yo a, pitit yo pou tout tan ap chita sou fotèy ou a».R.
Sèke Granmèt la chwazi Siyon, li te anvi l’ kòm kay pou
li:
«Sa a se repo m’ pou tout tan gen tan; se isit la m’ap
abite, paske mwen anvi l’».R.
M’ap pare yon
lanp pou Kris mwen an. M’ap fè lènmi l’ yo wont, men sou li se kouwòn k’ap
fleri».R.
LEVANJIL
«Kote trezò
ou la ye a, se la kè ou ye».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 19-23
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa ranmase trezò nou sou tè a, kote lawouy ak mit ap
devore, kote vòlè ap kase kay pou yo vòlè. Ranmase trezò nou nan syèl la, kote
lawouy ni mit pa devore, kote vòlè pa kase kay pou yo vòlè. Sèke kote trezò ou
la ye a, se la kè ou ap ye tou.
Lanp kò ou se je ou: si je ou an sante, tout kò ou ap
klere. Men si je ou malad, tout kò w’ap nan fènwa. Konsa si limyè ki nan ou a,
se fènwa li ye, fènwa yo yo menm, ala anpil y’ap anpil!»
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Jezi
ba nou yon avètisman: pa ramase trezò sou tè a. Pito nou chèche trezò tout bon
vre a. Jezi envite nou mete konfyans nou yon lòt fwa ankò nan pwovidans Bondye
Papa a, olye pou n’ap ramase richès sou tè a: paske kote trezò nou ye, se la kè
nou va ye tou, an nou sèvi ak trezò Granmèt la konfye nou an, li ba nou l’ pou
fè l’ grandi, boujonnen, fleri, donnen. Konsa, li enpòtan pou nou pran
responsablite nou tout bon vre, pou Granmèt la menm kapab pran responsablite l’
nan okipasyon pa nou tou.
Jezi di nou tou, je nou se lanp kò nou li ye; je nou reprezante konsyans
nou; si je a nan limyè, nou nan laverite tout antye, si je a nan fènwa, nou pa
wè klè. Se nan peche n’ap tonbe, lè sa a se nan manti nou ye ; kote nou konn wè
yon avèg k’ap kondi yon lòt avèg! Toude ta tonbe nan twou! Jodi a, li vrèman
enpòtan pou nou chèche vrè trezo ki sòti nan syèl la, sa ki kapab bay lavi ki
p’ap janm fini an, trezò pèsonn p’ap kapab vòlè nan men nou an, trezò wayòm
Bondye a.Tout sa se nan renmen an pou n’ jwenn li, paske lè ou gen renmen nan
ke w’, sa pouse w’ fè sa ki byen: an nou mete nou dako pou n’ chèche yon ak lòt
pou ansanm, nou chèche vrè richès k’ap dire pou tou tan an .
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri soutni jefò n’ap fè pou konstwi yon
sosyete ki jis.
PWOPOZISYON: Chèche vrè trezò lavi ki p’ap janm fini an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario