Páginas

JEDI 16

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Eli kache nan toubiyon an, lespri l’ reyalize nan Elize".
LEKTI LIV SIRASID 48, 1-15
Pwofèt Eli leve tankou dife, pawòl li boule tankou flanbo.
Li menm ki te fè grangou rive sou yo, yo fè l’ fache, jalouzi l’ fè yo vin tounen yon ti kras; yo pa t’ kapab sipòte kòmandman Granmèt la. Ak pawòl Granmèt la, li fèmen syèl la, li fè dife desann twa fwa sot nan syèl la.
Se konsa Eli jwenn grandè nan mèvèy li yo. Ki moun ki kapab jwenn bèlte menm jan avèk ou?
Ou menm ki leve moun mouri yo sot anba tè a, sot nan eritaj lanmò a gras a pawòl Granmèt Bondye a; ou menm ki jete wa yo pou yo pèdi, ou menm ki kraze pouvwa yo san traka, ki jete moun ki nan grandè yo sot sou kabann yo.
Ou menm ki tande jijman sou Sinayi, ak jijman defans nan Orèb; ou menm ki sakre wa yo pou chanjman konduit, ou menm ki fè pwofèt yo pran plas aprè ou.
Ou menm yo pran nan toubiyon dife a, nan kabwèt chwal dife; ou menm yo ekri sou ou pou jijman tan yo, pou ou kalme kòlè Granmèt la, pou ou fè kè papa tounen vin jwenn pitit, pou ou fè fanmi Jakòb yo kanpe.
Se chans pou moun yo ki te wè ou yo, ki te anbeli avèk relasyon zanmi ou! Sèke nou menm se pou lavi sa a sèlman n’ap viv; aprè lanmò a, menm non nou p’ap konsa.
Eli te kache nan toubiyon an, lespri l’ reyalize nan Elize. Nan jou l’ yo, li pa t’ pè chèf, pèsòn pa t’ ranpòte laviktwa sou li avèk pouvwa yo.
Òkenn paròl pa kraze l’, kò l’ fè travay pwofèt nan pami mò yo. Nan lavi l’ li fè pwodij, nan lanmò a li reyalize mèvèy.
SÒM REPONS 96, 1-2. 3-4. 5-6. 7 (r.: 12a)
R/ Fè kè nou kontan nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Nyaj yo ak bouya antoure l’, jistis ak jijman se platfòm fotèy li.R.
Dife ap mache devan l’, l’ap boule lènmi l’ yo toutalantou.
Zeklè l’ yo ap klere fas tè a: tè a wè, li sezi.R.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè bèlte l’.R.
Y’ap wont, tout moun k’ap adore zidòl yo, sila yo k’ap met fyète yo nan zidòl yo. Adore l’, tout dye yo.R.
LEVANJIL
"Se konsa pou nou lapriyè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 7-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Lè n’ap lapriyè, pa pale anpil tankou payen yo; yo konprann vre se nan pale anpil yo a y’ap koute yo. Pa fè tankou yo; sèke Papa nou konnen sa nou bezwen, anvan nou mande l’ li. Men kijan pou nou lapriyè:
Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a, padonnen nou sa nou fè ou, tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou anba sa ki mal. Amèn.
Konsa si nou padonnen lèzòm peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou tou; men si nou pa padonnen moun yo, Papa nou ki nan syèl la p’ap padonnen nou peche nou".
REFLEKSYON: Jodi a, Jezi pwopoze nou yon bagay ki gran e ki difisil: padon peche. E li fikse yon mezi ki trè rezonab: pa nou an. «Konsa, si nou padonnen lèzòm peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou tou; men si nou pa padonnen moun yo, Papa nou ki nan syèl la p’ap padonnen nou peche nou» (Mt 6,14-15). Yon lòt bò li montre nan ki fason moun nan ka viv kòmsadwa nan sosyete ak moun parèy li: « Se pou nou fè pou moun sa nou ta renmen yo fè pou nou» (Mt 7,12).
Nou vle Bondye padone nou, nou vle lòt yo padone nou tou; men nou menm, li difisil pou nou padone. Li difisil pou nou mande padon, men li pi difisil toujou pou nou padone yon moun. Si nou te vrèman gen kè nou senp, sa pa ta twò difisil pou nou; men lògèy la terib, li fè bagay yo trè difisil. Nou kapab etabli ekwasyon sa a:  Plis senplisite, se plis fasilite; plis lògèy, se plis difikilte. Sa se yon fason ou kapab konnen degre senplisite ou.
Padon Bondye a gratis, li total. Lè Bondye padone nou, li menm bliye peche nou te fè a. Li pi fasil pou nou bliye favè yon moun fè olye nou bliye jan li te ofanse nou. Si mesye dam k’ap viv ansanm yo te konn bliye, sa ta fè yo evite anpil pwoblèm, yo ta jwenn solisyon pou anpil pwoblèm.
Se pou Lavyèj Mari, Manman Mizerkikòd la ede nou konprann lòt yo e padone yo avèk bon kè.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri aprann nou youn padone lòt tout bon vre pou nou ka viv an pè. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Si Bondye padone m’ mwen pa ka kontinye kenbe moun nan kè. M’ap mete lògèy mwen an sou kote pou m’ kapab padone ak senserite.

No hay comentarios:

Publicar un comentario