Páginas

MÈKREDI 15

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Men yon machin dife, Eli monte nan syèl la».
LEKTI ONZYÈM LIV WA YO 2, 1. 6-14
Lè Granmèt la te vle leve Eli nan toubiyon an nan syèl la, Eli avèk Elize t’ap mache sot Gilgal. Lè yo rive Jeriko, Eli di Elize: «Rete isit la, paske Granmèt la voye m’ jous nan Jouden an». Li di: «Sou lavi Granmèt la, sou lavi pa ou tou, mwen p’ap kite ou». Konsa yo tou le de yo t’ap mache. Senkant mesye nan pitit pwofèt yo t’ap suiv yo, yo rete kanpe byen lwen; yo tou le de a kanpe bò Jouden an.
Eli pran manto l’ la, li woule l’, li frape dlo yo, dlo yo separe nan de pati; yo travèse yo tou le de pye sèk. Pandan l’ap travèse, Eli di Elize: «Mande sa ou vle pou m’ fè pou ou, anvan yo pran m’ sot kote ou». Elize di: «Tanpri, fè m’ gen de pòsyon lespri ou». Li reponn: «Se yon bagay ki difisil ou mande a; sèlman si ou wè m’, lè yo pran m’ sot kote ou la, w’ap jwenn sa ou mande a; otreman, si ou pa wè, ou p’ap jwenn».
Pandan y’ap mache, yo kòmanse ap pale, men yon machin dife ak chwal dife separe yo tou le de a; Eli monte nan toubiyon an nan syèl la. Elize wè l’, li rele: «Papa mwen! Papa mwen! Machin Izrayèl la ak chwal li yo!»
Li pa wè l’ ankò. Li pran rad li yo, li chire yo nan de moso. Li leve manto Eli a ki te tonbe pou li.
Li tounen, li kanpe sou bò rivyè Jouden an.Avèk manto Eli a ki te tonbe pou li a, li frape dlo yo, yo separe; li di: «Kote Bondye Eli a koulye a menm?» Li frape dlo yo, yo separe de bò, Elize travèse.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30, 20. 21. 24
R/ Se pou kè nou pran kouraj, nou tout ki espere nan Granmèt la.
Ala anpil yo anpil kantite dousè ou, Granmèt, sa ou kache pou moun ki respekte ou yo. Ou reyalize yo pou sila yo ki respekte ou yo, devan fas pitit moun yo.R.
Ou kache yo nan kachèt fas ou a devan tranzaksyon lèzòm; ou pwoteje yo nan joupa a lwen lang yo k’ap demanti yo.R.
Renmen Granmèt la, tout sen l’ yo: Granmèt la pwoteje fidèl yo, l’ap pini moun k’ap fè lògèy yo anpil.R.
LEVANJIL
«Papa ou ki wè nan kote ki kache l’ap renmèt ou sa».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 1-6. 16-18
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Fè atansyon pou nou pa reyalize jistis nou devan lèzòm pou yo wè nou, otreman nou p’ap gen rekonpans kot Papa nou ki nan syèl la.
Lè w’ap fè lacharite, pa sonnen klewon devan ou, tankou ipokrit yo fè nan kay reyinyon yo ak nan lari yo, pou moun kapab fè lwanj yo. An verite mwen di ou, yo resevwa rekonpans yo.Ou menm menm, lè w’ap fè lacharite, pa kite men gòch ou konnen sa dwat ou ap fè, pou lacharite ou la fèt an kachèt; Papa ou, ki wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè w’ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen kanpe pou lapriyè nan kay reyinyon ak nan kwen kalfou yo, pou moun kapab wè yo. An verite mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap lapriyè, antre nan chanm ou, fèmen pòt la, lapriyè Papa ou an kachèt; Papa ou ki wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè n’ap fè jèn, pa fè tankou ipokrit yo, pou nou tris; reyèlman vre yo pran min dekonpoze, pou moun kapab wè y’ap fè jèn. An verite mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap fè jèn, men Papa ou ki nan kachèt; Papa ou wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou te fè yon bagay pou yon moun epi li rann nou engratitid, sa pa ankouraje nou fè byen ankò. Poutan, sa parèt nòmal lè yon moun montre nou li rekonesan paske nou te fè kichòy pou li oubyen nou te ede l’ jwenn solisyon pou yon pwoblèm. Li trè enteresan pou nou aprann rann sèvis san nou pa tann okenn rekonpans.
Nan sans sa a, Pawòl Bondye pou jodi a envite nou gen anpil imilite ak senplisite. Pou nou rive kiltive kalite imilite sa a, nou dwe koute ekzòtasyon nou jwenn nan pawòl Bondye a:
Premye ekzòtasyon an, se sou lacharite : Pa kite men goch ou konnen kisa men dwat ou ap fè. Nan sans sa, nou va aprann sispann fè grandizè, nou va konnen tout sa nou genyen se gras a Granmèt la, kòm konsekans nou dwe pataje ak tout kè nou e nan tout diskresyon posib.
Dezyèmman, lè w’ap dyaloge avèk papa w’, moun pa bezwen konnen. Se pa sa k’ap montre w’ se kretyen, men se nan fason w’ap viv. Twazyèmman, pa kite figi w’ fennen lè w’ap jene, moun pa bezwen konnen kisa w’ap fè. Si yon moun ap jene epi sa make nan figi l’, se yon fo jèn l’ap fè. Paske an reyalite fè jèn vle di rantre an kontak pi sere avèk Bondye pandan nou detache nou de zafè materyèl yo, sitou lamanjay pandan yon ti bout tan. Kimoun k’ap benyen nan sous lagras Bondye ki ka gen figi l’ fennen ?
Se twa ekzòtasyon ki envite nou pratike youn nan vèti ki pèmèt nou pi atantif ak bezwen frè nou yo. Si nou pa gen kè nou senp, si nou pa pòv nan kè nou, l’ap difisil pou nou rankontre ak Granmèt la nan sila yo ki pòv e ki konte sou konkou Bondye.
An nou aprann konprann sans lacharite, lapriyè ak jèn pou nou ka jwenn kè kontan tout bon. Paske Bondye kache sa l’ ye ak moun k’ap fè gran panpan, fè wè ; li revele li ak moun ki senp e ki gen imilite.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, si m’ te ekziste pou kont mwen, lavi mwen pa t’ap gen sans. Ede m’ viv nan tèt ansanm ak pwochen mwne. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON:Poze yon aksyon nan non Bondye jodi a, ki ka pa nan avantaj mwen men ki an favè yon majorite.

No hay comentarios:

Publicar un comentario