Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Ou fè Izrayèl fè peche".
LEKTI PREMYE
LIV WA YO 21, 17-29
Lè Nabòt fin
mouri, pawòl Granmèt la rive kot Eli, moun Tisbe a, li di: "Leve, desann
al rankontre Akab, wa Izrayèl la, ki nan Samari a; men li desann nan jaden rezen
Nabòt la pou l’ pran l’. W’a pale avèk li, w’a di l’: "Men pawòl Granmèt
la: Ou fin touye, epi an plis, ou pran posesyon". Aprè sa w’a ajoute: 'Men pawòl Granmèt la: Nan plas sa a menm, kote chyen
yo niche san Nabòt la, konsa y’ap niche san ou tou' ". Akab di Eli: Èske
ou jwenn mwen kòm yon lènmi pou ou?
Li di:
"Mwen jwenn ou, ou vann tèt ou pou ou fè sa k’ mal devan fas Granmèt la. Men
m’ap fè malè rive sou ou, m’ap siprime ras ou; m’ap touye tout gason nan ras
Akab, ni esklav, ni moun ki lib. M’ap fè kay ou a vin tankou kay Jewoboam,
pitit Nabat la, ak tankou kay Baasa, pitit Ayia a, paske ou aji pou ou eksite
kòlè m’, pou ou fè Izrayèl fè peche".
Ni pou Jezabèl
tou, Granmèt la pale, li di: 'Chyen yo ap manje Jezabèl nan jaden Izreyèl la.
Si Akab mouri nan lavil la, chyen yo ap manje l’; si l’ mouri andeyò, zwazo syèl
yo ap manje l' ".
Pa t’ gen dòt
tankou Akab, ki te vann tèt li pou l’ fè sa k’ mal devan fas Granmèt la; Jezabèl
madanm li te pouse l’ pou l’ kondui tèt li mal, jouskatan li suiv zidòl, sa
Amoreyen yo te fè yo, yo menm Granmèt la te detwi devan fas pitit Izrayèl yo.
Lè Akab tande
pawòl sa yo, li chire rad li, li kouvri kò l’ avèk yon sak; li fè jèn, li dòmi
nan sak, li mache tèt bese. Pawòl Granmèt la rive kot Eli, moun Tisbe a, li di:
"Èske ou pa wè kijan Akab rabese tèt li devan m’? Poutèt li rabese tèt li
akoz mwen an, mwen p’ap fè malè rive nan tan lavi l’, men se pandan lavi pitit
li m’ap fè malè rive nan lakay li".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 5-6a. 11 e 16 (r.: cf. 3a)
R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen,
Bondye, daprè kè sansib ou; daprè kantite bon kè ou, efase fot mwen an.
Lave m’ nèt
sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen
an se mwen menm ki konnen l’, peche m’ nan devan m’ tout tan.
Kont ou, kont
ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan ou la mwen fè l’.R.
Vire fas ou lwen peche m’ yo, tout fot mwen yo, efase
yo. Delivre m’ sot nan san yo, Bondye,
Bondye delivrans mwen, lang mwen ap chante jistis ou a.R.
LEVANJIL
"Renmen lènmi nou yo".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 43-48
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
"Nou te
tande yo te di: "Se pou ou renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou. Mwen menm
mwen di nou: Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou
moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou; pou nou kapab vin tounen
pitit Papa nou ki nan syèl la, li menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move
yo, ki fè lapli tonbe sou moun kòrèk yo ak sou mechan yo.
Si nou renmen
sila yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen? Èske pibliken yo pa fè sa? Si
nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè an plis? Èske payen yo pa fè sa?
Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Se pou nou kòrèk nèt, tankou
Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt»
Jodi a, Jezi
envite nou renmen. Renmen san mezi, paske se konpasyon an ki mezi vrè lanmou
an. Bondye se Lanmou, « Li fè
solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni
pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal» (Mt 5,45). Lòm nan
dwe travay chak jou pou li vin sanble ak Bondye pi plis, pou li kapab tounen
vrèman Pitit Bondye ki nan syèl la. Ki kote nou jwenn vizaj Kris la? Se nan
pwochen nou an, sila ki pi pre nou an. Li trè fasil pou ou santi konpasyon lè
w’ gade imaj timoun k’ap mouri grangou nan peyi Etyopi lè yo montre sa nan
televizyon. Li fasil pou w’ pran lapenn pou imigran k’ap koule ak tout bato ki
pote yo. Men, e lakay ou? E konpayon travay nou yo? E manb fanmi nou sa a ki
abite pou kont li a e ke nou ta kapab vizite yon moman pou nou akonpaye li a?
Kijan nou trete lòt yo? Kijan nou renmen
lòt yo? Kijan nou rann lòt yo sèvis chak jou?
Li
trè fasil pou nou renmen yon moun ki renmen nou. Men Granmèt la envite nou ale
pi lwen, paske «Si nou renmen sila yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen?»
(Mt 5, 46). Renmen lènmi nou yo, renmen moun nou konnen ki p’ap jann renmen
nou, moun ki pa ri ak nou, moun ki pa rann nou sèvis. Tou senpleman paske yo pa
rekonèt nou. Okenn kretyen pa ta dwe renmen pou enterè. Kretyen an dwe bay tèt
li menm. Granmèt la, li t’ap mouri sou kwa, li padone moun ki t’ap klouwe li
yo. San li
pa fè yo repwòch, san li pa plenyen, san li pa fè okenn move jès.
LAPRIYÈ: Akoz renmen ou an, ou sove nou. Mèsi Bondye.
PWOPOZISYON: Chak moun
genyen yon gren zanno kay òfèv; Bondye pa kondane m’, mwen menm non plis mwen
p’ap kondane pèsonn.
No hay comentarios:
Publicar un comentario