Páginas

LENDI 13

Koulè Blan
SEN ANTWÁN DE PADOU,
Prèt e Savan Sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Yo kalonnen Nabòt, li mouri".
LEKTI PREMYE LIV WA YO 21, 1-16
Nan tan sa a, Nabòt moun Izreyèl la, te gen yon jaden rezen, ki te Izreyèl, bò palè Akab la, wa Samari a. Akab pale avèk Nabòt, li di: "Ban m’ jaden rezen ou nan pou m’ fè yon jaden legim, paske li tou pre, tou kole kay mwen; m’ap ba ou yon jaden rezen ki pi bon nan plas li, oubyen, si ou kwè sa ap ba ou plis avantaj, m’ap ba ou pri lajan an li merite a". Nabòt reponn li: "Se pou Granmèt la padonnen m’ mwen p’ap bay eritaj zansèt mwen yo".
Akab rive nan lakay li a, byen fache, kontrarye poutèt pawòl la, sa Nabòt, moun Izreyèl la, te di l’ la: "Mwen p’ap ba ou eritaj zansèt mwen yo". Li jete kò l’ sou kabann li, li vire fas li nan miray la, li pa manje pen.
Jezabèl, madanm li, antre kote l’, li di l’: "Pouki sa nam ou tris la? pouki sa ou pa manje pen-an?" Li reponn li: "Mwen te pale avèk Nabòt, moun Izreyèl la, mwen te di l’: Ban m’ jaden rezen ou nan, aksepte valè l’; oubyen, si ou pito, m’ap ba ou yon jaden rezen ki pi bon nan plas li; li di: 'Mwen p’ap ba ou jaden rezen m’ nan' ". Jezabèl, madanm li, di l’: "Ou se yon gran otorite, ou kòmande byen sou Izrayèl kòm wa. Leve, manje pen, bay kò ou kouraj; se mwen menm k’ap ba ou jaden rezen Nabòt moun Izreyèl la".
Li ekri lèt o non Akab, li siyen yo ak so ki sou bag li a; li voye yo bay moun gran ras yo ak otorite yo ki te nan lavil la, ki te abite avèk Nabòt yo. Men fraz ki te nan lèt yo: "Deklare yon jèn, fè Nabòt chita nan premye ran pèp la; ranje ak de vagabon, voye yo kont li, pou yo fè temwayaj manti: «Li madichonnen Bondye ak wa a; fè l’ sòti, kalonnen l’, pou l’ mouri konsa».
Moun gran ras yo avèk otorite yo ki nan lavil li a, ki te abite avèk li nan lavil la, yo fè jan Jezabèl te pase lòd la, ak jan l’ te ekri nan lèt yo li te voye ba yo a. Yo deklare yon jèn, yo fè Nabòt chita nan premye ran pèp la; yo mennen de pitit djab, yo fè yo chita an fas li. Yo menm, kòm pitit djab, yo deklare temwayaj kont li devan foul la. "Nabòt madichonnen Bondye ak wa a". Se pousa yo kondui l’ deyò lavil la, yo touye l’ ak kout wòch. Yo voye kot Jezabèl, yo di: "Yo kalonnen Nabòt, li mouri".
Lè Jezabèl tande Nabòt mouri anba kout wòch, li pale avèk Akab: "Leve, al pran posesyon jaden rezen Nabòt, moun Izreyèl la, li menm ki pa t’ vle sede ba ou a, pou l’ vann ou li antan ou t’ap ba l’ lajan; sèke Nabòt pa vivan, li mouri". Lè Akab tande sa, kijan Nabòt te mouri, li leve, li desann nan jaden Nabòt, moun Izreyèl la, pou l’ pran posesyon l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 5, 2-3. 5-6. 7 (r.: 2b)
R/ Konprann plent mwen an, Granmèt.
Koute pawòl mwen yo ak zorèy ou, Granmèt; konprann plent mwen an.
Panche sou vwa rèl mwen, wa mwen, Bondye mwen.R.
Sèke ou pa yon Bondye ki renmen fot; mechan an pa abite kote ou,
Moun ki pa kòrèk yo pa rete devan je ou.R.
Ou rayi tout moun ki fè enjistis, w’ap pèdi tout moun k’ap bay manti; Granmèt la pa vle wè moun san ak riz.
ALÉLOUYA                                                                    Ps 118, 105
R. Alélouya. Paròl ou-a sé yon lanp pou pié-m,
yon limiè pou tras rout mouin.   R. Alélouya.
LEVANJIL
"Mwen di nou pa reziste ak mechan an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 38-42
Lè sa a Jezi di disip li yo:
"Nou te tande yo te di: "Je pou je, dan pou dan". Mwen menm mwen di nou pa reziste ak mechan an; men si yon moun frape ou sou machwa dwat ou, prezante l’ bò gòch la tou; moun ki vle fè pwosè nan jijman avèk ou pou l’ pran chemiz ou, kite manto a pou li tou nenpòt moun ki fòse ou fè mil pa, ale, fè de mil pa avèk li. Moun ki mande ou, ba li, moun ki vle prete nan men ou, pa vire do ba li".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi Legliz ap sonje Sen Antwán. Se te yon gwo predikatè ki te anonse Wayòm Bondye a; li te viv yon lavi ki te chita sou konesans apwofondi, meditasyon Levanjil la.  Sen Franswa te ekri li yon lèt pou li mande li pran fòmasyon tewoloji lòt frè yo sou responsablite li pou li te ka montre yo kijan pou yo preche lè yo t’a prale nan misyon. Antwán te di mesye yo: «Nou dwe preche avèk pawòl Lespri Sen an enspire nou, men se pa avèk pawòl pa nou. Pawòl la vivan lè se aksyon nou ki pale. Mwen sipliye nou pale mwens epi poze plis aksyon».
Jodi a, Jezi di nou: «Mwen menm mwen di nou pa reziste ak mechan an».
Nan sans sa a l’ap montre nou kijan nou kapab venk rayisans la lè nou aprann padone. Lwa Talyon an te aprann nou tire vanjans: je pou je, dan pou dan. Jezi vle fè nou konnen vanjans p’ap mennen nou okenn kote. Okontrè se detwi l’ap detwi nou. Se bak l’ap fè nou fè. Sou lakwa a Jezi te ba nou lansèyman sa a, lè li te mande padon pou sila yo ki te klouwe li a: « Papa, padone yo paske yo pa konnen sa y’ap fè» (Lik 23,34).
Padon an dwe mache ak verite. Nou pa dwe padone sèlman akoz enkonpetans nou ak konplèks nou. Lè Jezi di nou «prezante l’ bò gòch la tou», sa pa vle di pou nou derekonèt dwa lejitim nou. Se pa sa ditou. Sa vle di, sila a ki te komèt enjistis la,  nou dwe denonse li, epi entèpele li, san nou pa fè lagè ak li; se kòm si nou ta di li: «Ou te frape mwen sou machwa dwat la, èske ou vle frape mwen sou bò gòch la tou? Èske sa ou fè a parèt kòrèk pou ou?». Jezi te byen reponn sèvitè granprèt la : «Si m' pale mal, montre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen? (Jn 18,23).
Kidonk, nou wè konduit kretyen an dwe genyen: pa janm chèche tire vanjans, men rete byen fèm, ak kè nou byen ouvè pou nou padone e di tout bagay byen klè. San dout, se pa yon bagay ki fasil, men se sèl mwayen pou nou frennen vyolans la epi montre vizaj mizerikòd la nan mond lan.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki te padone sila yo ki te asasine ou, tanpri fè nou youn padone lòt pou nou sispann fè vyolans. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: M’ap padone yon moun ki te ofanse mwen. M’ap ba li lamen, m’ap swete li lapè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario