Koulè Vèt
11 ÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE C
PREMYE LEKTI
“Granmèt la wete peche w’ la, ou p’ap mouri”.
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 12, 7-10. 13
Jou sa yo:
Natan di David: “Se ou menm menm moun sa a. Men pawòl
Granmèt Bondye Izrayèl: “Mwen te sakre ou wa sou Izrayèl, mwen te delivre ou
sot nan men Sayil, mwen te renmèt kay mèt ou a nan men ou avèk madanm mèt ou a
nan lestomak ou, mwen te ba ou kay Izrayèl la ak Jida a; e si sa pa kont, m’ap
mete ankò anpil pase sa pou ou.
Poukisa ou meprize pawòl Granmèt la, pou ou fè mal
devan je m’ nan? Ou touye Iri, moun Et la avèk epe, ou pran madanm li kòm
madanm ou; ou touye Iri avèk epe pitit Amon yo. Se pousa epe p’ap rekile sot
nan kay ou ditou, paske ou meprize m’, ou pran madanm Iri, moun Et la, pou l’
vin tounen madanm ou”.
David di Natan: “Mwen fè peche kont Granmèt la”. Natan
di David: “Granmèt la wete peche w’ la: ou p’ap mouri”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
31, 1-2. 5. 7. 11
R/ Granmèt, padonnen peche m’ nan.
Se chans pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche
l’. Se chans pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan
lespri l’.R.
Mwen fè ou
konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen an. Mwen di: “M’ap deklare fot mwen
an devan Granmèt la”.Ou menm ou padonnen peche m’ nan.R.
Ou se kachèt
mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la; w’ap vlope m’ ak fèt delivrans la.R.
Fè kè nou
kontan nan Granmèt la, fete, nou menm ki kòrèk yo.Leve tèt nou, nou tout ki gen
kè nou dwat yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pa mwen menm k’ap viv ankò, se Jezikri k’ap viv nan mwen”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU GALAT YO 2, 16. 19 21
Frè m’ yo:
Nou konnen
moun pa vin kòrèk poutèt aksyon lalwa a, men gras a lafwa nan Jezikri, se pousa
nou menm nou kwè nan Jezikri, pou nou kapab vin kòrèk gras a lafwa Jezikri a,
men se pa akoz aksyon lalwa a: paske nan aksyon lalwa a okenn chè pa vin kòrèk.
Reyèlman vre,
poutèt lalwa a mwen mouri parapò a lalwa a, pou m’ viv parapò a Bondye; mwen
kloure sou kwa a avèk Jezikri. Mwen viv, men se pa mwen menm ankò k’ap viv, se
Jezikri k’ap viv nan mwen.
Si m’ap viv
koulye a nan chè a, se nan lafwa Pitit Bondye a m’ap viv, li menm ki renmen m’,
ki renmèt pwòp tèt li pou mwen. Mwen pa rejte favè Bondye a: si
jistis la rive pa lantremiz lalwa a, sèke Jezikri mouri pou granmesi.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pakèt peche
l’ yo padonnen, paske li renmen anpil”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7,
36-8, 3
Lè sa a:
Youn nan farizyen yo mande Jezi pou l’ vin manje avèk
li. Jezi antre lakay farizyen an,
l’al sou tab. Yon madanm ki t’ap mennen yon vi peche nan lavil la vini lè l’
konnen Jezi te sou tab nan lakay farizyen an, li pote yon boutèy losyon; li
kanpe dèyè bò pye l’, li kòmanse wouze pye l’ ak dlo k’ap sot nan je l’, li
siye yo ak cheve tèt li, li bo pye l’, li pase losyon sou yo.
Lè farizyen
an ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l’: “Sila a, si se te pwofèt li te
ye, li ta konnen sètènman kilès madanm sa a, epi ki kalite moun li ye, sila a
k’ap touche l’ la se yon fi k’ap viv nan peche”.
Jezi pran
lapawòl, li di l’: “Simon, mwen gen kichòy pou m’ di ou”.
Simon di l’: “Mèt, pale”.
“De moun te dwe yon moun ki konn prete lajan; youn te
dwe senksan goud, lòt la senkant. Kòm yo pa t’ kapab renmèt li, li fè yo
toulede kado lajan an. Kilès k’ap renmen l’ pi plis?”
Simon reponn, li di: “Mwen kalkile se sa li fè kado
plis la”.
Jezi di l’: “Ou fè bon rezònman”.
Li vire kot madanm nan, li di Simon: “Ou wè madanm sa
a? Mwen antre lakay ou, ou pa ban m’ dlo pou pye m’; li menm menm se ak dlo nan
je l’ li wouze pye m’, ak cheve l’ li siye yo. Ou pa bo m’; li menm menm, depi
l’ antre, li pa sispann bo pye m’. Ou pa pase luil sou tèt mwen; li menm menm
li vide losyon sou pye m’. Se pousa mwen di ou: Pakèt peche l’ yo padonnen,
paske li renmen anpil. Moun yo padonnen ti kras, li renmen ti kras”.
Jezi di madanm nan: “Peche w’ yo padonnen”. Moun ki te
sou tab ansanm ak li a, yo kòmanse ap di andan kè yo: “Kilès sila a, k’ap
padonnen ata peche yo?”
Jezi menm di
madanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale ak lapè”.
Aprè sa, li
travèse vil ak bouk yo, l’ap preche, l’ap anonse bòn nouvèl rèy Bondye a; douz
yo te avèk li, te genyen kèk medam tou li te geri sot anba pouvwa move lespri
ak maladi: Mari, sa yo rele Madlèn nan, sa l’ te wete sèt demon sot nan li a,
Jan, madanm Chouza a, minis Ewòd la, Sizán, avèk anpil lòt medam ki t’ap sèvi
l’ ak byen yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Peche a se pi
gwo pwazon ki nan lavi nou, se tankou yon penti nwa yo mete sou yon twal blan
ki pou fè pèsonn moun pa wè si twal la blan. Peche a, se tout bagay ki vini pou
defigire nou, kokobe nou, fè nou pèdi bèlte nou, sa ki fè nou pèdi chèlbè nou.
Depi lè Adan ak Èv te tonbe nan tantasyon Dyab la, tout pitit Bondye yo angaje
nan yon konba ant byen ak mal.
Bondye nan mizerikòd san limit li pa kite nou pou kont
nou. Li voye Jezikri, sèl grenn pitit li a vin pote nou sekou, pou wete nou
anba grif demon an ki vle kenbe nou prizonye, pou nou pa jwi libète Bondye vle
pou tout pitit li yo. Peche fè nou lèd, li fè nou pèdi diyite nou, li fè nou fè
sa nou pa t’ dwe fè, li fè yo lonje dwèt sou nou, li fè yo bat nou, mete nou
nan prizon, imilye nou; peche a fè yo griyen dan sou nou, li fè nou pèdi dwa
nou e li kondi nou sou chemen traka ak lanmò.
Ebyen, se sa nou wè ki te rive pou David lè li te fè
konnen krim sa a, kote li te touye Iri epi li te pran madanm Iri pou madanm li.
Bagay sa pa t’ fè Bondye plezi e li pa t’ kontan ak David. Men sa ki enpòtan,
sa nou dwe konnen, sèke Bondye pa rayi pechè a (paske se pitit li li ye),
okontrè Bondye se peche a li rayi, paske se peche a ki sal imaj Papa a nan
pitit li.
Anpil fwa nou di, Bondye se yon Papa ki gen kè manman. Lanmou
manman pou pitit li, se yon bagay ki pran li nan zantray e ki makonnen li ak sa
ki sòti nan zantray li a. Kidonk puiske se nan zantray Bondye nou sòti, li pa
kapab rayi nou, li pa kapab vle wè mal pou nou. Se pou sa li ba nou yon kòd
prensip pou li kapab gide nou nan konpòtman nou, nan pale ak nan aji nou,
tankou tout bon papa kapab fè pou pitit yo. Sèlman li kite nou ak libète nou,
pou nou chwazi. Libète sa a pa vle di libètinaj, men li vle di respè pou diyite
moun. Si nou pa te genyen libète sa nou ta viv nan kondisyon esklav. Men anpil
fwa libète a tou konn kòz nou pran dezisyon kont pwòp tèt nou.
“Granmèt la wete peche w’ la, ou p’ap mouri”. Se pawòl
soulajman sa a ki te sòti nan bouch Natan sèvitè Bondye a, lè David te fè
meakoulpa li, pou li te mande padon pou krim li te komèt la antan li di nan sòm
nan: “M’ap deklare fot mwen an devan
Granmèt la”. Se konsa tou, zanmi mwen, lè ou santi ou koupab ou dwe gen menm
atitid sa, ou dwe fè «ak dekontrisyon», ou dwe pran chemen rekonsilyasyon an
nan sakreman penitans lan.
Konsa, lè nou fè gwo pa sa a, jèm
peche ap detwi ak dife mizerikòd la epi jèm lavi ap pouse, lavi nou ap fleri,
kè nou ap kontan; menm jan ak apot Pòl nou kapab di: “Se pa mwen menm k’ap viv
ankò, se Jezikri k’ap viv nan mwen”.
Kantan pou mesaj Levanjil la, li ase klè pou nou konpran
li. Sen Lik ap di nou, plis yon moun genyen lanmou nan kè li pou Bondye, se
plis li kapab jwenn padon pou peche li. Antan Jezi te sou tab lakay farizyen ki
te envite li manje ak li a, vwala yon ti pòv malerèz te pwofite okazyon sa a
pou li te fè yon rankont pèsonèl radikal ak li, paske fi sila a te santi lavi
li merite yon chanjman e se Jezi sèl ki te kapab pote chanjman sa a nan lavi
li.
Se konsa fi sa a te pwoche kote Jezi. Li pa t’ di Jezi
okenn pawòl men li te touche li, li te bo pye li, li te lave pye li ak dlo ki
t’ap koule sòti nan zye li, aprè sa li te vide losyon sou pye Jezi. Jès sa yo
te vo pase plis pase mil pawòl, Jezi te konprann e li. Pwoksimite fi sa te
genyen avèk Jezi ke li te menm rive touche a te mete lafwa farizyen an an dout,
ki fè li te deskalifye Jezi, paske li konnen kijan fanm sa a t’ap benyen nan
labou peche. Li te gade fi a tankou pi gwo pechè sou latè, kòmsi se yon moun ki
te merite lanmò.
Bondye se lanmou, se mizerikòd, se konpasyon, se padon. Jodi
a Jezi ap di nou bay lòt la yon chans, bay lòt la opòtinite pou li kapab
chanje. Menm si ou konnen li fè sa ki pa sa, ou dwe rekonèt li se pitit Bondye,
ou dwe resevwa li lakay ou, ou dwè chita sou tab ak li, ou dwe renmen li, ou
dwe kite pòt Legliz la ouvè pou li, ou dwe rekonèt li pote imaj Bondye nan li,
e si li lèd Granmèt kapab pwòpte li pou li fè li tounen yon moun nouvo, yon
kreyati tou nèf. Lòt la tou se pitit Bondye, si li tonbe, pa mete pye sou kou
li pou ou touye li, pa kritike li, pa fè kout dwèt, okontrè ba li lebra, ede li
leve. Se nan sa Bondye pran plezi.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpran ede m’ rekonèt feblès mwen e fè mwen pran chemen
repantans k’ap mennen m’ nan padon ak mizerikòd ou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON:Jodi a, m’ap aprann konnen tèt mwen pou mwen kapab
konprann lòt yo pi byen. M’ap ede yon moun pran chemen konvèsyon nan fason mwen
akeyi li, nan fason mwen pale ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario