Koulè Wouj
BANABE, Apot
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Se te yon moun ki bon, ki plen
Lespri Sen ak lafwa»
LEKTI
TRAVAY APOT YO 11, 21b-26; 13, 1-3
Jou
sa yo:
Anpil
kantite moun ki kwè te vin tounen kot Granmèt la. Pawòl la rive nan zòrèy
Legliz la ki Jerizalèm nan, sou bagay sa yo, yo voye Banabe jous Antyòch. Lè l’
rive, li wè gras Bondye a, li kontan; li ankouraje tout moun pou yo rete nan
bon dispozisyon kè yo nan Granmèt la; paske se te yon mesye ki bon, ki te plen
ak Lespri Sen ak lafwa. Anpil foul vin jwenn Granmèt la.
Banabe
pati al Tas, pou l’ chèche Sòl; lè l’ jwenn li, li mennen l’ Antyòch. Yo rete
pandan tout ane a la nan Legliz la, yo t’ap bay anpil foul ansèyman, atèl pwen
pou premye fwa yo rele disip Antyòch yo «kretyen».
Nan
Legliz la ki Antyòch la, te gen pwofèt ak savan sakre, nan pami yo se te Banabe
ak Simon, sa yo rele Nwa a, Lisiyis, moun Sirèn nan, ak Manaèn, ki te grandi
tou piti ansanm avèk Ewòd, chèf ka peyi a, epi Sòl.
Pandan
y’ap fè sèvis yo pou Granmèt la, epi y’ap fè jèn, Lespri Sen an di yo: «Mete
Sòl ak Banabe apa pou mwen, pou travay la mwen chwazi pou yo a». Yo fè jèn, yo
priye, yo poze men sou yo, yo kite yo ale.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3a. 3c-4. 5-6
R/ Devan
fas nasyon yo Granmèt la devwale jistis li a.
Chante
yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki
sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li a,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje mizerikòd li, ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye
nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou
gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas
Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
«Ale, preche, rèy syèl yo tou pre»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 10, 7-13
Lè
sa a: Jezi di Apot li yo:
«Ale,
preche, di peyi wa syèl yo tou pre. Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte lepre yo,
chase demon yo: nou resevwa gratis, bay gratis.
Pa
pote lò ni lajan, ni ti monnen nan pòch nou, ni sa k’ sou wout la, ni de
chemiz, ni soulye, ni baton; travayè a merite manje l’ nan nenpòt vil oubyen
bouk nou antre, mande si gen yon moun respektab la, rete la joustan nou pati.
Lè
nou antre nan yon kay, salye l’, di: «Lapè pou kay sa a», si kay sa a merite,
lapè nou an ap vin sou li; otreman si l’ pa merite, lapè nou an ap tounen kote
nou».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap sonje youn nan poto mitan
li yo ki te viv nan premye syèk: se sila yo rele Banabe, Apot. Se youn nan moun
ki te viv tout difikilte Legliz la t’ap fè fas depi nan kòmansman ansanm ak
tout lòt apot yo. Li te resevwa misyon pou li te ale kote yo rele Antyòch.
Premye Lekti a fè nou konnen «Lè
l’ rive, li wè gras Bondye a, li kontan; li ankouraje tout moun pou yo rete nan
bon dispozisyon kè yo nan Granmèt la». Sa se wòl yon patizan Jezikri. Pi lwen,
nanm menm moso Labib la, nou jwenn orijin misyon Banabe a, kote yo eksplike:
«Pandan y’ap fè sèvis yo pou Granmèt la, epi y’ap fè jèn, Lespri Sen an di yo:
«Mete Sòl ak Banabe apa pou mwen, pou travay la mwen chwazi pou yo a». Nou menm
tou k’ap viv nan tan sa a, se nou menm Granmèt la ap rele pou nou kontinye bèl
misyon sa ke apot yo te genyen an. Depi nan batèm nou nou resevwa yon kokenn
chenn misyon pou nou pote pawòl Bondye a tout kote, nan tout kwen, pou nou
tounen sèl ki bay gou nan yon mond ki fad, pou nou tounen limyè nan yon mond
k’ap viv nan fènwa injistis, rayisans, ensekirite, rankin, jalouzi, fimen dwòg,
konplo, elatriye.
Jodi
a, li vrèman enpòtan pou nou pran konsyans de misyon nou epi pou nou konprann
se pa yon bagay ki fasil puiske se pou tout lavi nou li angaje nou.
Puiske
se Bondye ki rele nou, li plen nou ak pouvwa ki pou pèmèt nou domine tout fòs
mal yo: «Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte lepre yo, chase demon yo: nou
resevwa gratis, bay gratis». Vrèman, anyen pa enposib pou Bondye!
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki
te pase lòd pou mete Banabe ki sen apa pou fè nasyon yo konvèti, li menm ki
plen ak lafwa ak Lespri Sen, fè Bòn Nouvèl Jezikri a li te preche ak tout fòs
li a, nou anonse l’ avèk fidelite ni nan bouch ni nan aksyon. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: Pran yon ti tan pou mwen evalye misyon
Granmèt la konfye mwen. Kisa mwen ta dwe fè ke mwen poko fè?
No hay comentarios:
Publicar un comentario