Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Kanpe sou mòn nan devan Granmèt la»
LEKTI PREMYE LIV WA YO 19, 9a.
11-16
Jou sa yo:
Lè Eli rive sou mòn Bondye a,
Orèb, li rete nan twou wòch la. Pawòl Granmèt la rive kote l’, li di l’: «Sòti,
kanpe sou mòn nan devan Granmèt la». Granmèt la vin ap pase.
Yon souf pase, li gran, li fò, l’ap soulve mòn yo, l’ap
kraze wòch yo devan Granmèt la; Granmèt la pa t’ nan souf la. Aprè souf la, yon
tranbleman; Granmèt la pa t’ nan tranbleman an. Aprè tranbleman an, yon dife;
Granmèt la pa t’ nan dife a. Aprè dife a, yon ti briz prèske san bwi vin ap
soufle.
Lè Eli tande l’, li kouvri fas li ak manto l’, li sòti,
li kanpe nan papòt twou wòch la; yon vwa rive kote l’, li di: «Sa w’ap fè isit
la, Eli?» Li reponn: «Mwen jalou ak jalouzi pou Granmèt Bondye lame yo; paske
pitit Izrayèl yo lage kontra ou la, yo demoli lotèl ou yo, yo touye pwofèt ou
yo ak epe; se mwen sèl ki rete, epi y’ap chèche wete lavi m’».
Granmèt la di l’: «Ale, tounen sou wout ou, nan savann
Damas la; lè w’a rive laba a, w’a sakre Azayèl, kòm wa sou Siri, ak Jeyi, pitit
Namsi, w’a sakre l’ kòm wa sou Izrayèl; Elize menm, pitit Safat, ki moun
Abèlmeoula a, w’a sakre l’ kòm pwofèt nan plas ou».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
26, 7-8a. 8ab-9bc. 13-14
R/ Se fas ou, Granmèt, m’ap chèche.
Granmèt, koute vwa m’ k’ap rele, pitye pou mwen, koute
m’.
Se sou ou kè m’ di: «Chèche fas li».R.
Se fas ou, Granmèt, m’ap chèche. Pa vire fas ou lwen
m’, pa vire do bay sèvitè ou la nan kòlè ou. Se sekou m’ ou ye, pa lage m’.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan peyi vivan yo.Tann
Granmèt la, aji avèk kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Tout moun ki
gade yon madanm pou l’ anvi l’, li deja fè peche avèk li»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 27-32
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Nou te tande ansyen yo te di: «Pa fè move plezi». Mwen
menm mwen di nou: Tout moun ki gade yon madanm pou l’ anvi l’, li deja fè move
plezi avèk li nan kè li.
Si je dwat ou vle fè ou tonbe nan peche, rache l’, jete
l’ lwen ou; li pi bon pou ou pou youn nan manb ou yo pèdi, pase pou yo jete
tout kò ou nan dife. Si men dwat ou fè ou tonbe nan peche, koupe l’, jete l’
lwen ou; li pi bon pou ou pou yon sèl nan manb ou yo pèdi, pase pou tout kò ou
ale nan dife.
Yo te di tou: «Si yon moun ranvwaye madanm li, se pou
l’ ba l’ yon biye divòs». Mwen menm mwen di nou: Tout moun ki ranvwaye madanm
li, sof pou de moun ki t’ap viv nan move plezi, li fè l’ vin tounen adiltè;
moun ki marye avèk yon divòse, li fè adiltè».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Tout moun ki gade yon madanm pou l’ anvi l’, li deja fè peche avèk li»
Jodi a Jezi kontinye
apwofondi tèm ekzijans diskou sou tèt mòn nan. Li pa elimine Lalwa, men l’ap fè
nou konprann pi byen. Bondye ba nou lwa renmen an pou nou kapab rive nan dènye
wotè a, men nou toujou ap chèche mwayen pou nou chanje li, dekwa pou nou pa fè
twòp jefò, sakrifis sa mande. Bondye ap mande nou anpil. Wi, men li te ba nou
plis ke sa li mande nou, li te bay pwòp tèt li.
Jodi a, Jezi montre
nou kijan li gade lwen lè li manifeste otorite li sou sizyèm ak nevyèm
kòmandman an, atik ki konsène seksyalite yo ak kalite yon panse ki san repwòch.
Seksyalite a, se langaj moun nan ki vle di
renmen ak contra, poutèt sa yo pa ka derekonèt valè li; konsa tou, nou pa kapab
itilize lòt yo non plis pou satisfè dezi pwòp tèt nou, menm panse nou pa dwe
panse fè sa! Se pou sa Jezi pale nan fason sa a: «Tout moun ki gade yon madanm pou l’ anvi l’, li deja fè peche avèk li»
(Mt 5,28). Kidonk, nou dwe koupe mal la nan rasin e evite panse ki ka lakòz nou
fè sa Bondye rayi. Se mesaj sa Jezi vle nou konprann jodi a.
Finalman, yo dwe pwoteje diyite maryaj la toutan, paske li fè pati
pwojè Bondye pou gason ak pou fanm; dekwa pou mesye-dam yo kapab vin tounen yon
sèl chè antan youn renmen lòt, youn bay tèt li pou lòt; an menm tan tou se yon
siy ak patisipasyon yo nan contra Kris la ak Legliz li a. Kretyen an pa kapab
viv relasyon fanm ak gason an nan fason pa mond la. Sen Bazil di nou: « Ou pa dwe mete nan tèt ou ke akòz ou marye, ou kapab kontinye viv lavi
mond la, nan pares ak nan kale wès, okontrè, sa oblije ou travay plis toujou
epi veye ak plis atansyon nan fason w’ap travay pou sove nam ou.»
LAPRIYÈ :Bondye Papa, fè fanmi bay pi gwo temwayaj renmen chak jou pi plis, pou yo
kapab manifeste renmen Kris la genyen pou Legliz la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Priye pou fanmi nou yo ka vin
pi solid nan renmen, pou timoun yo ka jwenn bon jan ledikasyon ki nesesè pou yo
viv ak pou devlope sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario