Páginas

JEDI 9

Koulè vèt
PREMYE LEKTI
NAN PREMYE LIV WA YO, 18: 41-46
Apre sa Eli di wa Akab konsa: Kounyeya, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini. Akab al manje, l' al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl la. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Li di domestik li a: Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade.Li tounen, li di: M' pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade.
Sou setyèm fwa a, domestik la di l': Mwen wè yon ti nwaj k'ap moute sot lòt bò lanmè a. Li gwosè yon plan men. Lè sa a Eli bay domestik li a lòd sa a: Al jwenn wa Akab, w'a di l': Moute sou cha ou, al lakay ou anvan lapli a bare ou.
Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an pran soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.
Pouvwa Granmèt la vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren l`, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS : 64,10abcd.10e-11.12-13
R/ Yo dwe fè lwanj ou Bondye nan Siyon.
Ou vizite tè a, ou wouze l’,
Ou fè l’ vin rich anpil.
Larivyè Bondye a plen ak dlo,
Ou pare ble yo. R
Se konsa ou pare l’.
Ou fè dlo koule nan kanal li yo, ou egalize bit tè yo,
Ou fè l’ vin mòl ak gwo lapli, ou beni jèm li yo.R
Ou kouwone ane a ak bon kè ou,
Tras pye ou ap degoute ak grès.
Pak bèt savann yo ap degoute,
ti mòn yo vlope ak kontantman.R
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 20-26
Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. Nou tande kijan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Piga ou janm touye moun. Moun ki touye moun, se pou yo jije yo. Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.
Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi pandan ou la devan lotèl la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:
Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou a anvan. Aprè sa, w’a tounen vin bay Bondye ofrann ou an.
Si yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l' pandan nou prale ansanm nan tribinal la, pou li pa lage ou nan men jij la, pou jij la pa lage ou nan men lapolis, pou yo pa mete ou nan prizon.
Sa m'ap di ou la, se vre wi: ou p'ap soti nan prizon an toutotan ou pa peye dènye lajan yo mande ou la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye Granmèt la.
REFLEKSYON:Si nou pa viv pi byen pase farizyen yo ak direktè Lalwa yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Jodi a, Jezi envite nou ale pi lwen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, li envite nou ale pi lwen ke sa nenpòt fidèl te kapab viv.Granmèt la vle fè nou konprann nan pawòl li jodi a, youn nan aspè ki enpotàn anpil nan lavi tout kretyen, se relasyon l’ ak frè l’ ak sè l’ yo. Bondye pa aksepte ni lapriyè ni ofrann nou yo si nou pa konn viv youn ak lòt. Se poutèt sa yon kretyen dwe toujou ekzamine jan l’ap viv ak frè l’ yo. Si youn ofanse lòt, se pou l’ mande padon. Se nòmal ka genyen dezakò nan mitan nou, men nou dwe toujou rekonsilye, nou dwe chèche solisyon nan dyalòg sensè. Yon kretyen pa ka gen rankin nan kè l’.
Pafwa nou di «mwen p’ap janm bliye sa entèl te fè m’», epi nou mache ak chay sa nan kè nou. Nou pa kapab fè lwanj pou Bondye si nou gen rayisans nan kè nou. Nou pa kapab ofri Bondye anyen ki fè l’ plezi si n’ap viv nan ipokrizi.
Si nou gen kè nou sal, nou p’ap kapab rankontre ak Bondye.
Yon lòt bagay ankò nou dwe reflechi nan pawòl la jodi a, se mete an pratik refòm Kris la pote pou nou yo nan lalwa yo. Se pa sèlman tiye moun ki se peche, men lè n’ chita n’ap pale sou do lòt moun, kritike yo, joure yo, di yo sa k’ pa bon, trete yo enbesil, se yon mwayen n’ap detwi frè n’ yo piti piti. Gen nan nou ki toujou prè pou pale lòt yo mal, pafwa nou fè ti gwoup pou jije yo:Levanjil la fè n’ sonje Granmèt la pa renmen sa, li vle nou toujou prè pou trete lòt yo menm jan nou ta renmen yo trete nou tou. 
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ede nou viv nan tèt ansanm tankou frè ak sè.

PWOPOZISYON:M’ap fè jefò pou m’ viv nan amoni ak moun ki bò kote mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario