Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
NAN PREMYE LIV WA YO 18:
20-39
Akab
voye chache tout pèp Izrayèl la. Li fè sanble tout pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl
la. Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: Kilè n'a sispann woule de bò! Si se
Granmèt la ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n'
sèvi! Men pèp la pa di yon mo.
Eli di yo: Nan tout pwofèt Granmèt la, se mwen
menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (450)
pwofèt Baal. Mennen de jenn towo ban nou. Pwofèt Baal yo va chwazi youn, y'a touye l', y'a
koupe l' an moso, y'a mete l' sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen
menm m'a fè menm jan an tou ak lòt towo a, m'a mete l' sou yon pil bwa, mwen
p'ap limen dife, y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Granmèt la. Sa
ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout
pèp la reponn: Nou dakò!
Lè
sa a, Eli di pwofèt Baal yo: Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi
yon towo. Pare li. Lèfini, rele bondye nou
an. Men, pa mete dife nan bwa a.
Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'.
Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: Baal o!
Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon
repons. Vè midi, Eli pran pase yo nan betiz. Li di yo: Rele pi fò non! Se
bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li
ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l'.
Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto,
yo make tout kò yo jan yo te konn fè l' la. San t'ap koule sou yo konsa. Lè
midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann
apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote
l'. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Granmèt la paske yo te kraze
l'.Li pran douz wòch, youn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Granmèt la
ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.Li pran wòch yo, li rebati lotèl Granmèt
la. Li fouye yon kanal fè wonn lotèl la. Kanal la te ka pran kat galon dlo. Li
ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo.
Lèfini li di: Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Aprè yo
fè sa, li di yo: Fè l' yon dezyèm fwa. Aprè yo fè l', li di yo ankò: Fè l' yon
twazyèm fwa. Yo fè l’ankò. Dlo
a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la.
Lè
lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di:
Granmèt, Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jodi a se ou
menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se Ou menm
ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, Granmèt! Reponn mwen pou pèp sa
a ka konnen se ou menm Granmèt la ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè
yo tounen vin jwenn ou.
Granmèt
la voye dife sòti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak
anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kanal la cheche.
Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele:
Se Granmèt la ki Bondye! Se Granmèt la ki Bondye!
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 15,1-2a. 4.5 e 8.11
R/ Kenbe m’ Bondye, paske mwen espere nan ou.
Kenbe
m’ Bondye, paske mwen espere nan ou,
Mwen
di Granmèt la: «se Granmét mwen ou ye».R
Yo fè soufrans yo vin anpil,
sila yo k’ap kouri dèyè Bondye etranje yo.
Mwen p`ap vide likè sakrifis yo ak san.R
Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen,
Se
ou menm ki kenbe destine mwen.
Mwen
te mete Granmèt la devan fas mwen toutan,
Paske
li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R
W’ap
fè m’ konnen wout lavi yo,
Piyay
kè kontan devan fas ou,
Plezi
adwat ou pou toutan san rete.R
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5:
17-19
Pa
mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou.
Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.
Sa
m'ap di nou la a, se vre wi: toutan syèl la ak tè a la, pa yon ti detay, ni yon
sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.
Se
sa ki fè, moun ki dezobeyi youn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki moutre
lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa ap pase pou pi piti nan Peyi Wa ki
nan syèl la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Avan Jezi te vin sou tè a nou te gen sa yo
rele Alyans. Alyans la se yon Kontra Yave te pase ak pèp li a. Nou jwenn Kontra
sa a nan Liv Detewonòm, chapit 5 epi nan liv Nomb lan tou, nan chapit 20. Se
Kontra sa a ki regle lavi pèp la, se yon gid pou konpòtman li. Jounen jodi a,
nou kapab jwenn yon gid, yon limyè nan Labib pou klere chemen pelerinaj nou sou
tè a.
Jezi, Pitit Bondye a, vin
aktyalize Kontra sa a ke Bondye te pase ak pèp li a. Jezi pa vin elimine anyen,
okontrè li vin akonpli tout sa ki te anonse osijè li. Li fè nou konprann tou, Lalwa
se pa yon bagay ki negatif, nan tout sosyete moun dwe respekte lalwa, se lwa ki
pwoteje moun. Lalwa pa dwe la pou oprime moun. Si yon lwa oprime moun, lwa sa a
pa bon. Lalwa a se yon enstans ki regile sosyete a pou l’ vin pi bèl e pi
vivab.Se nan sans sa a Jezi di nou ke li pa vin detwi lwa men okontrè li vin
aktyalize li. Lafwa nou nan Bondye, sa pa anpeche nou respekte lalwa.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri ede n’ konprann enpòtans lalwa nan
sosyete nou yo. Fè lwa nou yo jwenn sous yo nan renmen pou yo kapab sèvi diyite
moun, pou yo kapab pwoteje lavi, defann lavi. Amèn.
PWOPOZISYON:Ki diferans nou fè ant yon peyi ki mache selon
lalwa ak yon peyi ki fonksyone san lalwa?
No hay comentarios:
Publicar un comentario