Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Ja farin nan
pa manke daprè pawòl Granmèt la, sa Eli te di a»
LEKTI PREMYE LIV WA YO 17, 7-16
Jou sa yo:
Ravin nan kote Eli te kache a vin seche; sèke pa t’ gen
lapli sou tè a. Pawòl Granmèt la rive kote l’, li di: «Leve, al nan Sarepta
Sidonyen yo, w’a rete la; mwen pase yon vèv lòd pou l’ nouri ou». Li leve,
l’ale nan Sarepta.
Lè l’al antre nan pòt lavil la, yon vèv parèt devan l’,
l’ap ranmase bwa; li rele l’, li di l’: «Ban m’ ti gout dlo nan yon veso pou m’
bwè». Pandan l’a pral chèche l’, li rele dèyè l’, li di: «Tanpri, pote yon ti
bouche pen nan men ou pou mwen».
Li reponn: «Sou lavi Granmèt Bondye ou la, mwen pa gen
pen, sof yon ti ponyen farin nan yon ja ak yon ti kras luil nan yon poban.
Koulye a menm m’ap ranmase de bout bwa pou m’ antre, m’ap pare l’ pou mwen ak
pou pitit mwen an, pou nou manje, pou nou mouri».
Eli di l’: Pa pè, men ale, fè jan ou di a; sèlman ak
farin sa a menm, kòmanse fè yon ti pen ki kuit anba sann pou mwen, epi pote l’
ban mwen; kanta ou menm ak pitit ou a, w’a fè aprè. Men pawòl Granmèt Bondye
Izrayèl la: «Ja farin nan p’ap manke, poban luil la p’ap bese jous jou Granmèt
la ap bay lapli sou fas tè a».
L’ale, li fè daprè pawòl Eli a; Eli manje, madanm nan
tou, ni kay li; depi lè sa a, ja farin nan pa manke, poban li a pa bese, daprè
pawòl Granmèt la, sa l’ te di pa lantremiz li a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 4,
2-3. 4-5. 7-8
R/ Leve limyè figi ou sou nou tankou yon siy, Granmèt.
Koute m’
pandan m’ap lapriyè, Bondye jistis mwen;
nan tray mwen
ou degaje m’; pran pitye pou mwen, koute lapriyè m’.
Pitit moun
yo, jouskilè n’ap lou nan kè nou?
Pouki sa nou
renmen sa k’ pa vo anyen, n’ap chèche pawòl manti? R.
Se pou nou konnen Granmèt la fè mèvèy pou sen l’ nan;
Granmèt la ap koute, lè m’ap rele kote l’.
Fè kòlè, men
pa fè peche; pale nan kè nou, sou kabann nou, rete trankil.R.
Leve limyè
fas ou sou nou tankou yon siy, Granmèt.
Ou mete plis kè kontan nan kè m’ pase lè ble ak diven
yo vin anpil.R.
LEVANJIL
«Nou se limyè
tè a»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 13-16
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Nou se sèl tè a. Si sèl la vin fad, ak ki sa y’ap sale
l’? Li pa vo anyen ankò, sof pou yo jete l’ deyò, pou moun pile l’.
Nou se limyè tè a. Yon vil ki poze sou yon mòn pa kapab
kache. Yo pa limen yon lanp, pou yo mete l’ anba mamit; men sou yon etajè, pou
l’ klere tout moun ki nan kay la.
Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo wè
bon aksyon nou yo, pou yo fè lwanj pou Papa nou ki nan syèl la».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Nou se sèl
tè a. Si sèl la vin fad, ak ki sa y’ap ba li gou? Granmèt la vle fè nou sonje
jodi a devwa nou kòm kretyen: nou dwe bay lavi gou nan fanmi nou, nan kominote
a, nan Legliz la; sa vle di, tout kote nou ye, nou dwe temwaye nan pawòl ak
aksyon nou ke nou se sèvitè Bondye, lavi n’ dwe limyè pou klere chemen frè ak
sè nou yo.
Ann pran yon ti tan pou nou ekzamine
lavi n’, pou wè si n’ap fè devwa nou tankou kretyen oubyen si reyèlman vre nou
se sèl ak limyè nan kote n’ap viv. Misyon sèl ak limyè a, li pa fasil, paske
san sèl pa gen anyen ki gen gou. Kidonk si nou pèdi misyon nou kòm sèl, mond la
p’ap gen gou Bondye. E si nou pèdi misyon nou kòm limyè, tout bagay ap rete nan
fènwa.
Gen anpil fason nou ka montre nou se
sèl ak limyè tè a: nan renmen pwochen n’, nan pataj, nan sèvis, padon; lè nou
prè pou nou kolabore nan kominote a, nan kole zepòl pou lajistis, nan chèche
viv nan kominyon ak Bondye Granmèt la, ki rele nou pou puize nan sous lagras
sakreman yo. Se nan sous sa n’ap jwenn enèji k’ap pèmèt nou travay pou yon
sosyete ki miyò, yon sosyete kote tout moun santi li se moun.
Nan premye lekti a, nou wè jan
Granmèt la aji ak moun ki fè volonte l’ yo, nou wè ekzanp sa klè nan lavi Eli,
kote Bondye voye l’ kote yon vèv pou li ka nouri l’ nan tan grangou sa, menm
jan tou Bondye fè ni farin nan, ni luil la pa fini pou yo te ka kontinye nouri
lavi yo. Bondye nou an kapab konble tout
vid ki nan lavi nou. Granmèt la fè mèvèy, epwi pa gen anyen ki enposib pou
li. Pafwa nan difikilte lavi a, nou konn bliye ke Bondye nou an pwisan, li p’ap
janm lage nou, malgre nou wè wout espwa lwen anpil. Men nou pa dwe dekouraje,
paske nou konnen se Bondye malere, se Bondye moun y’ap pèsekite yo, se Bondye
moun y’ap maltrete yo, moun y’ap derespekte diyite yo. An nou renouvle lafwa n’ nan Granmèt la ki toujou kanpe avèk nou, nan
tout moman lavi nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè m’ tounen sèl ak limyè nan fason m’ap viv,
pa kite m’ dekouraje nan konba lavi a, pou m’ ka viv jan ou vle. Amèn.
PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap mete plis gou nan relasyon mwen
genyen ak moun ki nan anviwònman kay mwen ak travay mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario