Páginas

MADI 28

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt Bondye pale; kilès ki p’ap fè deklarasyon pwofèt? »
LEKTI LIV PWOFÈT AMÒS 3, 1-8; 4, 11-12
Koute pawòl Granmèt la deklare sou nou, pitit Izrayèl yo, sou tout fanmi mwen te fè soti nan peyi Lejip la, mwen di: «Se nou menm sèlman mwen te rekonèt nan tout fanmi tè a: se pousa m’ap vizite tout fot nou yo kont nou».
Èske de moun konn mache ansanm, si yo pa mete yo dakò? Èske lyon konn rele nan rak bwa, si l’ pa jwenn jibye? Èske pitit lyon konn pouse rèl nan kachèt li, si l’ pa pran kichòy? Èske zwazo konn tonbe nan pyèj atè a san pa gen manje? Èske pèlen konn leve sot atè a anvan l’ pran kichòy? Si twonpèt sonnen nan lavil la, èske pèp la pa sezi? Èske gen malè nan yon vil, san Granmèt la pa aji? Paske Granmèt Bondye pa fè anyen, san l’ pa devwale sekrè l’ bay sèvitè l’ yo pwofèt yo. Lyon an rele: kilès ki p’ap pè? Granmèt Bondye pale: kilès ki p’ap fè deklarasyon pwofèt?
«Mwen te sakaje nou, tankou Bondye te sakaje Sodòm ak Gomò, nou te vin tounen tankou yon bwa dife yo wete sot nan boukan; malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen, deklarasyon Granmèt la. Se pousa, se bagay sa yo m’ap fè ou, Izrayèl. Lè m’a fin fè ou bagay sa yo, prepare ou pou ou rankontre Bondye ou la, Izrayèl».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 5, 5-6. 7. 8
R/ Granmèt, kondui m’ nan jistis ou a.
Sèke ou pa yon Bondye ki renmen fot, mechan an pa abite kote ou,
moun ki pa kòrèk yo pa rete devan je ou.R.
Ou rayi tout moun ki fè enjistis, w’ap pèdi tout moun k’ap di manti; Granmèt la pa vle wè moun san ak riz.R.
Mwen menm nan pakèt kè sansib ou a, m’ap antre nan kay sakre ou la; m’ap adore ou nan kay sakre ou la ki sen an nan respè ou.R.
LEVANJIL
«Li leve, li kòmande van ak lanmè, vin gen yon gran kalmi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 23-27
Lè sa a:
Jezi monte nan yon batiman, disip li yo suiv li.
Yon gran tanpèt leve nan lanmè a, si tèlman, batiman an te kouvri ak lanm yo; li menm menm li t’ap dòmi. Disip li yo pwoche kote l’; yo reveye l’, yo di: «Granmèt, sove nou, n’ap peri».
Jezi menm di yo: «Pouki sa nou pè a, lafwa nou piti?» Lè sa a atò, li leve, li kòmande van an ak lanmè a, vin gen yon gran kalmi.
Mesye yo sezi, yo di: «Kilès sila a, paske van ak lanmè obeyi l’?»
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Litiji Pawòl Bondye pou jodi a envite nou medite sou 2 bagay: Premyèman tout sa ki rive genyen yon rezon; dezyèmman nou se moun ki manke lafwa.
Nan premye lèkti a, yo montre nou tout sa ki rive, li rive paske nou te chwazi li, oubyen Granmèt la deside li konsa, oubyen genyen yon bagay ki lakòz. Nan tout sa ki rive nou nan lavi sa a, li enpòtan pou nou chache ki mesaj Bondye vle ba nou. Tout sa ki rive pa toujou bon, men nou ka tire yon leson epi aprann pou nou ka amelyore lavi nou epi tou chache viv lavi nou jan Bondye Papa nou ki nan syèl vle li.
Sou lanmè a, nan mitan gwo tanpèt la, disip yo tranble tankou fèy bwa epi yo pouse yon rèl dezespwa bay Jezi: «Granmèt, sove nou, n’ap peri». Nou menm tou, nou konn  genyen menm atitid sa lè nou nan pwoblèm. Pafwa menm moun ki di yo pa kwè nan Bondye oubyen ki pa janm mete pye Legliz, lè yo nan pwoblèm yo rele Jezi. Nou wè nan tèks la Jezi leve epi li bay lanmè a lòd pou li kalme li, epi sa fèt jan li kòmande li a. Sa konn rive lè yon moun nan malè, li rele Jezi ak tout lafwa li, li delivre li. Konsa li bon pou nou mete konfyans nou nan Bondye paske li ka delivre nou. Li gen pouvwa pou li kòmande tout fòs mal yo. Tout bagay anba pouvwa li, tout bagay anba lòd li. Si nou asire nou tout bon vre sou Jezi, tout fènwa ki nan lavi nou va tounen solèy midi. Konfyans!
LAPRIYÈ: Granmèt, nan mitan tanpèt pwoblèm lavi a, ede nou kwè ou toujou prezan epi ou p’ap kite nou peri. Amèn.

PWOPOZISYON: Mwen p’ap pèdi konfyans menm si lanmè pwoblèm yo chavire bato lavi m’, paske Jezi avèk mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario