Koulè Wouj
PYÈ AK PÒL KI SEN, Apot
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
«Koulye a mwen konnen tout bon vre Granmèt la delivre m’ sot nan men
Ewòd.
LEKTI LIV TRAVAY APOT YO 12, 1-11
Jou sa yo:
Wa Ewòd lonje men l’ pou l’ fè kèk moun nan Legliz la
pase mati. Li touye Jak, frè Jan an, avèk epe. Lè l’ wè sa fè Juif yo plezi, li
pase lòd arete Pyè tou. Se te jou azim yo. Lè l’ fin fè arete l’, li fè mete l’
nan prizon, li renmèt li nan men kat eskwad sòlda ki gen kat sòlda nan chak pou
yo siveye l’, li te vle fè l’ konparèt devan pèp la aprè Pak la. Yo te kenbe
Pyè nan prizon an; men priyè t’ap monte san rete nan Legliz la kot Bondye pou
li.
Lè Ewòd t’a pral fè l’ konparèt la, nan nuit sa a menm,
Pyè t’ap dòmi nan mitan de sòlda, li te mare ak de chenn, te gen sòlda devan
pòt la ki t’ap siveye prizon an.
Anj Granmèt la vin kanpe, limyè klere nan kay la, li
frape Pyè sou kote, li reveye l’, li di: «Leve byen vit». Chenn yo tonbe sot nan men l’.
Anj la di l’:
«Met sentiwon ou, met sapat ou nan pye ou». Li fè sa. Li di l’: «Abiye ou, suiv
mwen». Li sòti, li
suiv li, san l’ pa konnen sa anj la t’ap fè a t’ap fèt vre; li te konprann se
nan rèv li te ye. Yo travèse premye santinèl la, epi dezyèm nan, yo rive nan
pòt an fè a ki kondui nan vil la; li louvri devan yo, yo sòti, yo pase nan yon
koridò; menm lè a anj la kite l’.
Lè sa a atò, Pyè retounen nan li menm epi li di:
«Koulye a mwen konnen tout bon vre Granmèt la voye anj li a, li delivre m’ sot
nan men Ewòd ak nan tout sa pèp Juif yo t’ap tann nan».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Nan tout tray mwen yo Granmèt la sove m’.
M’ap fè
konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt
la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’
anlè ansanm, mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè,
li delivre m’.R.
Gade nan
direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute
l’, anba tout tray li li sove l’.R.
Anj Granmèt la ap veye alantou moun ki krenn li yo,
l’ap delivre yo.
Goute, n’a wè jan Granmèt la bon; ala kontantman pou
moun ki espere nan li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Sa k’ rete
pou m’ resevwa a, se kouwòn jistis la y’ap ban mwen-an».
LEKTI DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 4,6-8.
17-18
Ou menm mwen
renmen anpil:
Mwen deja fin
bay tèt mwen kòm sakrifis, lè a rive pou m’ pati nèt. Mwen batay bon batay la,
mwen fini kous mwen, mwen kenbe lafwa a. Sa k’ rete pou m’ resevwa a, se kouwòn
jistis la, sa Granmèt la ap ban mwen jou sa a, li menm ki jij kòrèk la; pa
sèlman pou mwen, men pou sa yo ki renmen jou l’ap vini an.
Fè vit vin
jwenn mwen san pèdi tan. Granmèt la menm te kanpe kote m’, li te ban m’
asirans, pou prèch mwen te kapab transmèt Pawòl la byen, pou tout nasyon yo te
kapab tande l’. Mwen delivre sot nan bouch lyon an. Granmèt la delivre m’ sot
anba tout move mannèv, l’ap sove m’ nan peyi wa li a. Konpliman pou li pou tout
tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Ou se Pyè, m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 13-19
Lè sa a:
Jezi rive nan
rejyon Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon, li di: «Kisa moun yo di
Pitit moun nan ye? »
Yo menm yo di: «Genyen se Jan Batis, dòt menm se Eli,
dòt ankò se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo».
Jezi di yo: «E nou menm ki sa nou di mwen ye?»
Simon Pyè
pran lapawòl, li di: «Ou se Kris, Pitit Bondye vivan an».
Jezi pran lapawòl, li di l’: «Ala kontantman pou ou,
Simon, pitit Jan, paske se pa ni chè ni san ki devwale ou sa, men Papa m’ ki
nan syèl la. Mwen menm mwen di ou ou se Pyè, sou wòch sa a m’ap bati Legliz
mwen an, epi pòt lanfè yo p’ap ranpòte viktwa kont li; m’ap ba ou kle peyi wa
syèl yo, tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la, tout sa w’ap lage
sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap
fete Pyè ak Pòl ki sen, ki se de poto mitan Legliz Jezikri a. Kilès Pyè te ye?
Kilès Pòl te ye? Ki relasyon mesye sa yo te genyen ak Jezi? Mesye sa yo pa gen
menm istwa, yo chak yo te fèt nan yon fanmi diferan, yo te gen edikasyon pa yo,
yo te gen mòd lavi pa yo. Men, yon jou konsa Jezi te chwazi yo pou li te kapab
asosye yo nan travay levanjelizasyon an, travay liberasyon mond lan. Pyè se te
yon pechè pwason. Yon jou Jezi te mande li kite aktivite pèch la, kite kannòt
la, kite senn nan, pou li te kapab tounen pechè moun avèk senn Levanjil la. Epi
Levanjil jodi a rakonte yon misyon espesyal Jezi te konfye Pyè nan yon kontèks
dyalòg espesyal. Jezi di li: «…
m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo, tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl
la, tout sa w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou».Se menm misyon sa ke
pap ki pase nan istwa Legliz la kontinye, se menm misyon sa a ke Pap Franswa ap
kontinye jounen jodi a.
Men gen yon
bagay ki enteresan ki ka atire atansyon nou; sèke menm Pyè ki te renye Jezi twa
fwa a, pou li te di li pa t’ konnen li an, se menm Pyè sa Jezi te remèt kle
Legliz la. Se menm Pyè sa a tou Jezi te di nan lapasyon an «mete epe a nan
fouwo li, tout moun ki itilize epe, se kout epe k’ap touye yo»; se menm Pyè sa
a tou Jezi te di «pran swen mouton m’ yo». Aprè Pyè te fin trayi Jezi, li te
repanti, li te dezole, li te pran wout penitans la. Se yon fason pou nou
konprann, menm si Legliz Jezikri a sen (paske se Lespri Sen an k’ap dirije li
ep se Jezi ki tèt la), men Legliz la se pechè ki ladan li, moun k’ap chèche vin
kòrèk, moun k’ap chèche fè sa ki bon. Moun Bondye rele pou asosye nan misyon
Kris la, yo se pechè, yo pa diy, men se Jezikri li menm menm k’ap sanktifye
Legliz li a.
Pami tout apot yo, nou
konnen Sen Pyè se figi prensipal la, paske se li menm Jezi te remèt kle Legliz
la ak responsabilite mouton yo. «Ou se
yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè
l' anyen» (Mt 16,18). Sen Pòl li menm, nou konnen kijan Granmèt te rele
li pami pechè yo, pou gras a Levanjil la, li te rive chanje anpil kè ak
mantalite. Se konsa Jezi te pale ak li pou premyè fwa: « Sòl, Sòl, poukisa
w'ap pèsekite mwen konsa?» (Travay Apot yo 22,7), lè li te sou wout pou
t’al pèsekite kretyen yo. Lavi li, konsepsyon li, mantalite li te vin
chanje radikalman aprè rankont li ak Jezi sou wout Damas la, e se konsa li te
vin tounen yon misyonè zele, li te yon bon konseye, yon gran vwayajè. Tanpèt ak
gwo van pa t’ fè li pè nan anons Levanjil la. Temwayaj li kontinye sèvi nou
jous jounen jodi a. An nou di Granmèt mèsi pou lavi Pyè ak Pòl, ki te kite
mistè renmen Bondye a penetre yo, pou answit yo te ka kominike lanmou sa bay
Legliz la.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki bay yon kè kontan
ki mande respè e ki sen, pou jou sa a, nan gran fèt apot Pyè ak Pòl, fè Legliz
ou a favè pou l’ toujou suiv lòd pa yo a nan tout bagay, kòm se nan men yo li
te resevwa premye prensip relijyon an.Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti
tan pou m’ evalye misyon mwen kòm apot Jezikri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario