KoulèVèt
PREMYE LEKTI
“Ale, fè deklarasyon pwofèt pou pèp mwen an”.
NAN LIV PWOFÈT AMÒS 7, 10-17
Jou sa yo :
Amazyas, prèt Betèl la, voye kot
Jewobowam, wa Izrayèl la, li di : “Amòs revòlte kont ou nan mitan kay Izrayèl
la; peyi a pa kapab sipòte tout pawòl li yo. Men sa Amòs di : ‘Jewobowam ap
mouri ak epe, Izrayèl ap ekzile kòm prizonye sot nan peyi’1 la’
Amazyas di Amòs : “Ou menm ki gen
vizyon an, al fè wout ou; sove kò’w nan peyi Jida, w’al manje pen’ w laba a, w’a
fè deklarasyon pwofèt laba a. Men lan Betèl, ou pa bezwen kontinye ap fè
deklarasyon pwofèt ankò, paske se kay sakre wa a ak kay rèn li”.
Amòs reponn, li di Amazyas : “Mwen
pa pwofèt, mwen pa pitit pwofèt; men se bèf mwen konn gade, avèk pye fig frans
mwen konn taye. Granmèt la pran m’, pandan mwen t’ap swiv bann bèt yo, Granmèt
la di m’ : ale, fè deklarasyon pwofèt pou pèp mwen Izrayèl’.
Kounye a koute pawòl Granmèt la :
Ou di : «Pa fè deklarasyon pwofèt sou Izrayèl, pa pale kont kay zidòl la».
Poutèt sa, men sa Granmèt la di : «Madanm ou ap fè move dezòd nan lavil la;
pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap tonbe anba kout epe; tè w’ la, y’ap
mezire 1’ ak chèn apantè; ou menm menm se nan peyi plen salte w’ap mouri,
Izrayèl ap ekzile kòm prizonye sot nan peyi 1’ la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 11 (r.:
10b)
R/ Jijman Granmèt la vre, yo kòrèk
yo tout ansanm.
Lalwa
Granmèt la san tach, li refè nam moun, temwanyaj Granmèt la fidèl, li bay ti
moun yo bon konprann.R.
Jistis
Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè
Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk
yo tout ansanm.R.
Yo pi
chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi dous pase siwo myèl ak reyon siwo
myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
“Yo fè lwanj Bondye, ki bay lezòm yon si gran pouvwa”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN (Mt 9, 1-8)
Lè sa a :
Jezi monte nan yon batiman, li
travèse lanmè, li rive nan lavil li a. Men yo vin prezante 1’ yon moun ki pa
kapab fè mouvman, ki kouche sou kabann. Lè Jezi wè lafwa yo, li di moun
paraleze a: «Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase».
Detwa nan pwofesè yo di nan kè yo
: “Sila a ap derespekte Bondye”.
Lè Jezi wè panse yo, li di :
“Pouki sa n’ap kalkile sa k’ mal nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil pou di :
‘Peche’ w’ yo padone’, oswa di : ‘Leve, mache’? Ebyen pou nou kapab konnen
Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou 1’ padone peche yo”, lè sa a li di moun
paraleze a : “Leve, pran kabann ou, al lakay ou”.
Li leve, li pati ale lakay li.
Lè foul yo wè sa, yo sezi, yo fè
lwanj Bondye, ki te bay lezòm yon si gran pouvwa.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: “Leve, pran kabann ou, al
lakay ou”.
Jodi a nou jwenn youn nan gwo temwayaj bonte ak
mizerikòd Granmèt la nan Levanji la. Li montre nou anpil aspè ki chaje ak ti
detay. Konpasyon Jezi a ki manifeste nan mizerikòd li ki san limit la, se sa
kif è li resisite mò, se sa ki fè li geri sila ki gen lalèp la, se sa ki fè tou
li padone fanm movèz vi a tout moun t’ap lonje dwèt sou li a, e se sa tou ki fè
li geri malad yo, li akeyi pechè ki repanti yo, moun rekonèt peche yo e ki kase
tèt tounen vin jwenn Bondye. Li montre kijan li akeyi pechè lè li pale nou te
mouton ki pèdi a ak lè li pale de ti gason banbochè a.
Pòsyon
Levanjil Matye nou li jodi a, li montre nou mizerikòd Granmèt la sou de (2)
aspè an menm tan: mizerikòd Bondye fas ak kò e fas ak nam nan ki enfim. Men
kòm enfimite nam nan pi gwo, Jezi kòmanse avèk li. Li konnen malad la
repanti, li regrèt peche li yo, li wè lafwa li ak lafwa sila yo ki pote li ba
li a, e Li di li: «Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase» (Mat 9, 2).
Men, pou
kisa Jezi di sa alòske pèsonn pa mande li sa? Sa byen klè, Jezi konnen panse
moun e Li konnen se pou sa paralize a te ka gen plis rekonesans anvè li, paske
devan prezans Jezi ki san peche a, malad la te ka santi li wont, li jennen akoz
peche li yo, epi petèt kèk laperèz te ka anpeche li jwenn gerizon li t’ap
chèche a. Granmèt la vle mete paralize alèz. Sa pa gen enpòtans si pwofesè yo
(espesyalis Lalwa yo) ta babye. Okontrè pou Jezi, sa ki enpòtan, se montre ke
Li te vini pou manifeste mizerikòd la anvè pechè yo, sa fè pati misyon li. Se
sa li vle tout moun konnen.
Moun ki
kite ògèy yo bouche je yo, yo panse yo se moun kòrèk, e yo pa aksepte apèl Jezi
fè yo; okontrè, moun ki vrèman konsidere tèt yo tankou pechè, yo akeyi apèl sa
a. Se Granmèt la ki koube li byen ba devan yo pou li padone yo. Tankou Sen
Ogisten di sa: «Moun ki gen gwo lògèy la,
li se yon gwo mizè, men mizerikòd Bondye a ki plen senplisite a pi gran
toujou». Epitou, nan ka n’ap pale jodi a, mizerikòd Bondye a ale pi lwen
toujou: non sèlman li padone paralyze tout peche li, men tou li ba li lasante:
«Leve, pran kabann ou, al lakay ou» (Mt 9,6). Jezi vle pechè konvèti a gen yon
lajwa total kapital.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou gen anpil maladi ki kokobe nou,
tankou rayisans, lògèy. Tanpri, nan mizerikòd san
limit ou a, vin libere nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Se pou nou gen yon konfyans ki pi solid nan Granmèt
la. Men se
pou nou toujou konsidere nou se pechè pou nou resevwa lagras la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario