Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“M’ap voye grangou se pa
grangou pen, men se pou koute pawòl Granmèt la”.
NAN LIV PWOFÈT AMÒS 8, 4-6. 9-12
Koute sa, nou menm k’ap kraze pòv la, k’ap fè
malere yo tonbe nan peyi a, n’ap di : “Kilè pou mwa a pase, pou nou vann
machandiz yo? kilè pou saba a pase, pou nou kòmanse vann ble a, pou nou fè mezi
a vin pi piti, pou nou monte pri a, pou nou deregle balans yo; konsa n’ap achte
pòv yo ak lajan, ak malere yo pou yon pè sapat; ata pay ble a n’ap vann”.
“Jou sa a, deklarasyon Granmèt Bondye, solèy la ap
kouche gwo midi, m’ap kouvri tè a ak fènwa gwo lajounen. M’ap fè fèt nou yo vin
tounen dèy, tout kantik nou yo ap vin tounen plent; m’ap mete sak sou tout do
nou, m’ap koupe cheve sou tout tèt. M’ap fè jou sa a vin tankou dèy yon sèl
pitit, finisman’1 va tankou jou anmè.
Men jou k’ap rive, deklarasyon Granmèt la, m’ap
voye grangou sou tè a : se pa grangou pou pen, ni swaf pou dlo, men pou koute
pawòl Granmèt la. Y’ap deplase sot nan lanmè jous nan lanmè, sot nan nò jous
nan sòlèy leve; y’ap mache nan tout sans pou yo chèche pawòl Granmèt la, yo
pa’p jwenn li”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 2. 10. 20. 30. 40. 131
(r.: Mt 4, 4)
R/ Se pa ak pen sèlman moun viv, men ak tout pawòl ki soti nan bouch Bondye.
Se chans pou moun ki kenbe temwanyaj li yo, k’ap chèche’1 ak tout kè yo.R.
Ak tout kè’m mwen te chèche’w, pa fè’m pèdi wout sot nan
kòmandman’w yo.R.
Nam mwen ap deperi tèlman mwen anvi jijman’w yo pandan tout tan. R.
Se chemen verite a mwen chwazi, se jijman’w yo mwen mete
devan’m.R.
Men mwen anvi kòmandman’w yo; nan jistis ou, fè’m vivan.R.
Mwen louvri bouch mwen, mwen respire lespri a, paske mwen te anvi
kòmandman ou yo.R.
LEVANJIL
“Se pa moun ki vanyan ki
bezwèn doktè; se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ MATYE KI SEN (9, 9-13)
Lè sa a :
Pandan Jezi ap pase, li wè yon mesye ki chita nan
biro ladwa’n nan, yo te rele’1 Matye; li di’1 : “Swiv mwen”. Li leve, li swiv
li.
Rive, antan li sou tab nan lakay la, anpil pibliken
ak pechè vini, yo vin sou tab avèk Jezi epi avèk patizan’1 yo. Lè farizyen yo
wè sa, yo di patizan’1 yo : “Pouki sa mèt nou ap manje avèk pibliken yo avèk
pechè yo?”
Jezi menm tande, li di : “Se pa moun vanyan ki
bezwèn doktè, men se malad yo. Al aprann sa sa vle di : ‘Se kè sansib mwen vle,
se pa sakrifis’. Sèke mwen pa vin rele moun kòrèk yo, men pechè yo”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
“Swiv mwen”(Mt
9,9).
Jodi a, Levanjil la pale nou sou vokasyon Matye, li menm ki te yon
pibliken. Jezi ap prepare yon ti gwoup disip ki pral gen pou kontinye misyon li
te genyen pou sove tout moun nan. Li chwazi moun Li vle : pechè oubyen moun
ki gen ti metye tou senp. Se konsa li rele yon pibliken pou mache dèyè li, yon
moun jwif yo pa t’ byen gade akòz pwofesyon li, yo menm yo te konsidere tèt yo
tankou moun ki bon nèt, moun ki san peche, temwen Lalwa a. Yo te konsidere
pibliken yo tankou moun ki nan peche paske yo t’ap resevwa lajan nan non
gouvènè a, sila ke jwif yo pa t’ vle soumèt devan li.
Envitasyon Jezi a sifi: «Suiv mwen»
(Mt 9,9). Avèk yon sèl pawòl Mèt la, Matye abandone pwofesyon li e, nan kè
kontan, li envite li nan gwo fèt lakay li pou di l’ mèsi. Sètènman
Matye te gen bon zanmi ki te ekzèse menm metye ak li, e ki te patisipe nan fèt
la tou. Daprè farizyen yo, tout pibliken se te pechè piblik.
Farizyen
yo ki pa santi yo te ka fè silans, yo poze disip Jezi yo kesyon: «Pouki sa mèt
nou ap manje avèk pibliken yo avèk pechè yo?» (Mt 9,10)
Jezi bay
yon repons touswit: «Se pa moun vanyan ki bezwèn doktè, men se malad yo»
(Mt 9,12). Jezi bay prezisyon sou misyon li, lè li di : «mwen pa vin rele
moun kòrèk yo, men pechè yo» (Mt 9,13).
Pawòl Levanjil sa nou sot tande a,
toujou alamòd. Jezi kontinye rele nou, li envite chak moun selon kondisyon li
ak pwofesyon li. Anpil fwa, suiv Jezi vle di, abandone vye lide nou yo, move
konpòtman nou genyen nan fanmi nou, pran tan pou lapriyè, patisipe nan lamès,
patisipe nan travay levanjelizasyon. Finalman, tout sa vle di, «yon kretyen pa mèt tèt li, men li se yon
moun ki ofri tèt li nan sèvis Bondye» (Sen Inyas d’Antyòch).
Sètènman, Jezi mande m’chanje anpil
bagay nan lavi m’; e mwen mande tèt mwen nan ki gwoup mwen ye: èske mwen nan
gwoup sila yo ki santi yo kòrèk nèt, oubyen èske mwen nan gwoup sila yo ki
santi yo dwe fè jefò pou yo vin bon.
LAPRIYÈ : Jezi
Granmèt, ou menm ki rele nou pou mache dèyè w’, tanpri ede nou swiv ou chak
jou.
PWOPOZISYON : Èske
konpòtman mwen sanble konpòtman disip Jezi ? M’ap gade kisa mwen dwe
chanje jodi a nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario