Páginas

SAMDI 2

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“M’ap fè prizonye pèp mwen yo tounen, m’ap enstale yo nan peyi yo a”.
NAN LIV PWOFÈT AMÒS 9,11-15
Men pawòl Granmèt la : “Jou sa a m’ap drese joupa David la ki te tonbe a, m’ap rebati miray li yo ki te louvri yo, m’ap refè sa’k te dekonstonbre yo, m’ap rebati’1 tankou nan jou lontan yo, pou yo posede rès Idimeyen yo ak tout nasyon yo, pou yo rele non’m sou yo, deklarasyon Granmèt la ki fè bagay sa yo.
Men jou k’ap rive, deklarasyon Granmèt la, moun k’ap simen an  l’ap rekòlte ak sa k’ap rekòlte a, moun k’ap foule rezen an,  l’ap tou kole ak sa k’ap voye semans la, mòn yo ap degoute ak dousè, tout ti mòn yo ap gen jaden. Sila yo nan pèp mwen an Izrayèl ki prizonye, m’ap fè yo tounen; y’ap bati vil yo ki te abandone yo, y’ap abite nan yo, y’ap plante rezen, y’ap bwè diven yo, y’ap fè jaden legim, y’ap manje fèy yo. M’ap enstale yo sou tè yo a, mwen p’ap chase yo ankò sot sou tè yo a, sa’m te ba yo a, deklarasyon Granmèt Bondye ou la”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 9. 11-12. 13-14 (r.: cf. 9)
R/ Se kè poze Granmèt la k’ap pale ak pèp li a.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se kè poze’l  k’ap pale pou pèp li a ak sen’1 yo. Avèk pou sila yo ki chanje nan kè yo.R.
Kè sansib ak verite rankòntre, jistis ak kè poze anbrase.
Verite a leve sot anba tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.

Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi’l.
Jistis ap mache devan’1,  l’ap poze pye’1 sou rout la.R.
LEVANJIL
“Eske pitit mesye marye a k’apab an dèy, pandan mesye marye a avèk yo?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN (9, 14-17)
Lè sa a :
Patizan Jan yo proche kot Jezi, yo di : “Pouki sa nou menm ak farizyen yo n’ap fè jèn byen souvan, men patizan ou yo menm yo pa fè jèn?” Jezi di yo : “Eske moun yo envite nan nòs la kapab nan lapenn toutotan mesye marye a avèk yo? Ap gen jou k’ap vini, lè ya wète mesye marye a sot nan men yo, lè sa a ya fè jèn.
Pèsòn pa mete yon mòso twal nèf pou’1 koud avèk yon vye rad; li tire sou fil rad la,  l’ap chire’l pi plis. Yo pa mete diven nouvo nan vye veso ki fèt ak po bèt; otreman veso yo ap eklate, diven an ap vide, veso yo ap pèdi; men diven nouvo se nan veso nèf yo mete li, pou yo toulede konsève”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Ap gen jou k’ap vini, lè y’a wète mesye marye a sot nan men yo»
Jodi a, nou remake kòman Jezi kòmanse yon tan nouvo ak yon nouvo doktrin ke li anseye avèk otorite. Nouvote sa choke otorite yo ak politisyen yo. Se konsa, nan paj nou li avan levanjil jodi a, nou wè Jezi k’ap padone, e ki geri nèg paralize a alòske farizyen yo te eskandalize pou sa; Jezi ki te rele Matye, yon pibliken pou swiv li, li te chita e manje lakay li ansanm ak lòt pibliken ak pechè ; farizyen yo te kesyone sa. Nan Levanjil jodi a, se disip Jan yo ki pwoche kot Jezi pou yo chèche konprann poukisa  Li menm ak disip li yo pa fè jèn.
Jezi, ki pa janm pa bay repons, pral di yo: «Èske moun yo envite nan nòs la kapab nan lapenn toutotan mesye marye a avèk yo? Ap gen jou k’ap vini, lè ya wète mesye marye a sot nan men yo, lè sa a ya fè jèn» (Mt 9,15). Jèn nan se yon pratik penitansyèl ki te ede moun yo rive «metrize move tandans ak libète kè yo» (Katechis Legliz Katolik, n.2043) men tou, li ede moun yo konprann mizerikòd Bondye. Men nan moman sa a ke disip Jan yo t’ap pale a, mizerikòd ak lanmou Bondye ki san limit la te nan mitan yo e li te manifeste nan Jezi ki te prezan pami yo, li menm ki se Pawòl ki tounen Moun. Kòman disip Jezi yo te kapab fè jèn ? Sèl atitik ki te posib pou yo genyen, se lajwa, kè kontan pou prezans Bondye ki fè li Moun.
Kòman yo te kapab fè jèn si Jezi te fèk sot montre yo yon nouvo fason yo kapab antre an kontak ak Bondye, yon nouvote ki divòse ak tout ansyen fason moun yo te konn viv relasyon yo ak Bondye ?
Jodi a Jezi la : «Mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba» (Mt 28,20), e Li pa la, paske li te retounen al al jwenn Papa e nou menm nou rele Li : «Vini, Granmèt Jezi».
Nou se moun k’ap tann. Se poutèt sa, se chak jou nou dwe renouvle nou avèk lespri nouvo Jezi a, pou nou kapab demakonnen ak woutin, divòse ak tout sa ki anpeche nou sanble ak Jezi tout bon vre, sou chemen sentete a. Sen Ogisten di nou: «Si nou gen gwo dezi pou wè Li [Jezi], dlo k’ap sot nan je nou ak jèn n’ap fè a ap kòrèk nèt».
An nou mande Manman Mari entèsede pou nou jwenn gras ki nesesè pou nou viv nan kè kontan antan nou konnen ke nou se pitit Bondye renmen anpil.
LAPRIYÈ : Jezi, ou menm ki vin ranpli nou ak kè kontan, tanpri montre nou kijan pou nou kominike kè kontan sa a bay lòt yo.
PWOPOZISYON: Pafwa èske woutin mwen yo pa anpeche mwen fè yon vrè rankont ak Bondye ? M’ap reflechi sou sa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario