Páginas

DIMANCH 3

Koulè Vèt
KATÒZYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Men m’ap vide tankou larivyè lapè sou li”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 66, 10-14c
Fè kè nou kontan avèk Jerizalèm, fete nan li, nou tout ki renmen l’; fè kè nou kontan anpil, nou tout ki te pran lapenn sou li.
Se pou nou bwè lèt kont kò nou nan sen l’ k’ap ban nou konsolasyon, se pou nou souse lèt ak kè kontan nan tout kalite bèlte l’.
Sèke men sa Granmèt la di: “M’ap fè tankou yon larivyè lapè vide sou li, tankou ravin k’ap debòde, m’ap vide bèlte nasyon yo sou li, bèlte sa a n’ap souse a.
Y’ap pote nou sou kote, y’ap karese nou sou jenou. Tankou yon ti moun manman l’ap karese, konsa m’ap karese nou mwen menm menm, y’ap konsole nou nan Jerizalèm.
N’ap gade, kè nou ap kontan, zo nou ap jèmen tankou zèb, Granmèt la ap fè sèvitè l’ yo rekonèt men li”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 65, l-3a. 4-5. 6-7a. 16 e 20
R/ Bat bravo pou Bondye, tout tè a.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, chante bèlte non l’, fè lwanj li. Di Bondye: “Ala respè travay ou yo merite.R.
Tout tè a ap adore ou, l’ap chante pou ou, l’ap chante pou non ou”. Vini, n’a wè travay Bondye yo, Li merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo.R.
Li fè lanmè a vin tounen tè sèk, y’ap pase larivyè a apye; n’ap kontan nan li kote sa a. Li menm k’ap kòmande nan pouvwa l’ pou tout tan.R.
Vini, koute, m’ap rakonte, nou tout ki respekte Bondye, tout sa l’ fè pou nanm mwen. Konpliman pou Bondye, ki pa meprize lapriye m’, li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
DEZYÈM LEKTI
“Mak Granmèt Jezi, mwen pote yo nan kò m”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU MOUN GALAT YO 6, 14- 18
Frè m’ yo:
Mwen pa gen dwa jwenn konsiderasyon m’ okenn kote, sof nan kwa Granmèt nou Jezikri a, pa lantremiz li, tè a kloure sou kwa pou mwen, epi mwen menm tou pou tè a. Reyèlman vre, nan Jezikri, ni fè sikonsizyon ni pa fè l’, sa pa gen valè; sa k’ gen valè se moun ki refèt tou nèf la.Tout moun ki suiv règ sa a, lapè sou yo ak kè sansib, ni sou Izrayèl Bondye a tou.
Aprè sa, pèsònn pa dwe ap trakase m’; mwen pote mak Granmèt Jezi nan kò m’.
Favè Granmèt nou Jezikri avèk Lespri nou, frè m’ yo. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Lapè nou an ap poze sou li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10,1-12. 17-20
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasanndouz lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo se yon ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye ouvriye nan rekòlt li a. Ale; men mwen voye nou tankou mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye pèsònn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse di: “Lapè pou kay sa a”; si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen vi n’ jwenn nou. Rete nan menm kay sa a, manje, bwè sa yo genyen; paske ouvriye a merite salè l’. Pa travèse sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo resevwa nou, manje sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan vil la, di yo: “Rèy Bondye a tou pre nou”.
Men nan nenpòt ki vil tou nou antre, epi yo pa resevwa nou, soti sou laplas li yo, epi di: “Ata pousyè, ki te kole sou nou nan vil nou an, nou kite l’ pou nou; sèlman aprann sa, rè Bondye a tou pre”. Mwen di nou Sodòm ap jwenn plis padon jou sila a pase vil sa a”.
Swasanndouz yo tounen avèk kè kontan, yo di: “Granmèt, ata demon yo obeyi nou o non ou”. Li di yo: “Mwen te wè Satan tankou zèklè k’ap tonbe sot nan syèl la. Men mwen ba nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak skòpyon ak sou tout pouvwa lènmi an, anyen p’ap nui nou. Sèlman se pa sa ki dwe lakòz kè kontan nou, poutèt lespri yo obeyi nou an: se pou nou kontan pito poutèt non nou ekri nan syèl la”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Ale!»
Jodi a, nou remake kèk moun nan pami foul la, ki te fè sa k’ te posib pou yo pwoche kot Jezi te di yo antan li t’ap kontanple jaden ble a: «Rekòlt la anpil, men ouvriye yo se yon ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye ouvriye nan rekòlt li a» (Lik 10,2). Jezi fikse je li sou yo e li chwazi kèk nan yo, youn pa youn, jiskaske li fòme yon gwoup swasantdouz.
Disip sa yo ki pa t’ fin konprann, te tande Jezi ki t’ap voye yo nan misyon de pa de, nan tout vilaj ak tout kote li te gen pou l’ pase. Youn nan yo te petèt reponn: «men Granmèt, mwen jis vini pou m’ koute paske tout sa ou di si tèlman bèl!»
Granmèt la deja atire atansyon yo sou danje k’ap tann yo. «Ale! Men mwen voye nou tankou mouton nan pami lou». Jezi ki abitye pale an parabòl, ajoute: « Pa pote sak, ni bous, ni sapat» (Lik 10, 3). Nou ta ka entèprete langaj Jezi a nan fason sa: Mete tout bagay moun abitye sèvi sou kote. Mwen voye nou e sa sifi. Menm si nou lwen, se bò kote m’ nou ye, mwen ap mache avèk nou.
Sitiyasyon Douz disip yo diferan ak sitiyasyon swasantdouz yo, paske Jezi te rele douz yo pou rete bò kote li, men swasantdouz yo te retounen lakay yo, nan fanmi yo, ak nan travay yo. E se konsa yo pral viv sa yo te dekouvri bò kote Jezi: chak moun temwaye nan non Jezi, senpleman antan yo ede moun ki bò kote yo, pou ede yo vin pi pre Jezi.
Travay yo fini byen: «Swasanndouz yo tounen avèk kè kontan, yo di: “Granmèt, ata demon yo obeyi nou o non ou” (Lik10, 17). Antan yo chita bò kote Jezi, yo t’ap rakonte li eksperyans yo sou janan yo te dekouvri sa te bèl lè yo t’ap sèvi li temwen.
Antan n’ap sonje istwa sa ki pase lontan, nou rann nou kont se pa yon senp souvni istorik. Nous anti nou konsène tou: nou ka pwoche pi pre Jezi ki prezan nan Legliz la e nou ka adore li nan Lekaristi a. Pap Franswa ankouraje nou «pote Jezikri bay lòm, epi kondui lòm nan pou li rankontre ak Jezikri, ki se Chemen an, Verite a ak Lavi a, ki vrèman prezan nan Legliz la e ki viv nan epòk tout moun viv»
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi paske ou fè nou patisipe nan misyon sove tè a. Fè nou swiv Jezi Pitit ou a toutan pou nou kapab sèvi li temwen nan tout sikonstans.
PWOPOZISYON: Jodi a, ankouraje yon frè, yon sè mache ak Jezi ki gen pawòl lavi ki p’ap janm fini an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario