Páginas

LENDI 4

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap marye ou avèk mwen pou tout tan»
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 2, 14. 15-16. 19-20
Men pawòl Granmèt la:
«Se mwen menm k’ap ba l’ bwè lèt, k’ap kondui l’ nan savann, k’ap pale nan kè l’; l’ap chante la tankou jou lè l’ te jèn nan, tankou jou lè l’ te monte sot nan peyi Lejip la.
Jou sa a, deklarasyon Granmèt la, l’ap rele m’: «Mari mwen», li p’ap rele m’ «Mèt mwen» ankò. M’ap marye ou avèk mwen pou tout tan; m’ap marye ou avèk mwen nan jistis avèk jijman, nan kè sansib avèk nan bon kè, m’ap marye ou avèk mwen nan lafwa, w’ap konnen mwen se Granmèt la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Granmèt la sansib, li gen bon kè.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè konpliman pou non ou, pou tout tan ak tout tan gen tan.
Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, yo pa kapab sonde grande l’.R.
Yon jenerasyon ap fè lwanj pou travay ou bay yon lòt jenerasyon, y’ap rakonte pouvwa ou.
Grandè bèlte wotè ou, y’ap deklare l’, mèvèy ou yo, y’ap detaye yo.R.
Fòs ou ki terib yo, y’ap di yo, grande ou la y’ap rakonte l’.Y’ap pibliye souvni richès dousè w’ la, y’ap fete nan jistis ou a.R.
Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib. Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
LEVANJIL
«Pitit fim nan fèk sot mouri, men vini, l’a viv»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 18 -26
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pale, gen yon chèf prèt ki pwoche; li adore l’, li di: «Granmèt, pitit fi m’ nan fè k’ sot mouri, men vini, poze men sou li, pou l’ viv». Jezi leve, li suiv li, avèk disip li yo tou.
Gen yon madanm ki t’ap pèdi san depi douzan, li pwoche dèyè, li touche fil rad li. Li t’ap di nan kè l’: «Si m’ touche rad li sèlman, m’ap sove».
Jezi vire, li wè l’, li di: «Konfyans mafi, lafwa ou sove ou». Madanm nan sove menm lè a.
Lè Jezi antre nan kay chèf la, li wè mizisyen yo ak foul k’ap fè bwi, li di: «Rale kò nou, ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi». Men yo t’ap pase l’ nan rizib. Lè l’ fin chase foul la, li antre, li kenbe men l’, ti fi a leve. Nouvèl sa a gaye nan tout peyi sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Konfyans mafi, lafwa ou sove ou».
Jodi a, Pawòl Bondye a envite nou admire de bèl manifestasyon lafwa a, ki si tèman bèl, ki fè kè Jezi danse e ki lakòz li bay yon repons tousuit. Pa gen pèsonn ki gen jenewozite pase Granmèt la!
«Granmèt, pitit fi m’ nan fè k’ sot mouri, men vini, poze men sou li, pou l’ viv» (Mt 9, 18). Nou prèske ta kapab di, yon lafwa ki solid ‘‘oblije’’ Bondye aji. Men se kalite obligasyon sa ki nan gou Bondye. Lòt temwayaj lafwa nou jwenn nan Levanjil jodi a enpresyone nou tou: «Si m’ touche rad li sèlman, m’ap sove» (Mat 9, 22).
Se kòm si nou ta kapab di Bondye kite moun ki gen lafwa ‘‘manipile’’ L’ pou bon plezi pa Li. Sa li pa dakò se si nou tante li akoz mank lafwa nou. Sa a se sitiyasyon Zakari, ki te mande pou Zanj Gabriyèl te ba li yon prèv: «Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre?» (Lik 1,18). Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou. Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive» (Lk 1,19-20). E se konsa sa te pase.
Se Bondye menm ki vle ‘‘oblije’’ pwòp tèt li e ki kite lafwa nou ‘‘mete Li nan lanbara’’. «Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou» (Lik 11,9). Li se Papa nou e li pa vle refize nou anyen nan sa li konnen ki bon kòm Pititi li.
Men, fòk nou fè demand nou yo ak senplisite, fòk nous anti nou an konfyans ak Bondye pou nou kapab frekante li : pou nou fè yon moun konfyans nou dwe konnen li; e pou nou konnen li fòk nou frekante li. Se konsa, « lafwa fè sous lapriyè a jayi, e lapriyè a, lè li jayi, li rive nan solidite lafwa a» (Sen Ogisten). An nou pa bliye bèl konpliman Manman Mari te resevwa : «Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre !» (Lik 1,45).
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt,  tanpri, fè nou rankontre ak ou pou dezi kè nou ka konble. Pa pouvw a Jezikri.
PWOPOZISYON: Èske mwen gen lafwa ase pou m’ jwenn delivrans nan men Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario