Páginas

MADI 5

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo simen van, y’ap rekòlte tanpèt».
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 8, 4-7. 11-13
Men pawòl Granmèt la:
Wa yo kòmande nan Izrayèl, men se pa nan mwen sa sòti; chèf yo enstale, men mwen pa t’ konnen; ak lajan yo ak lò yo, yo fè zidòl pou tèt yo, pou yo mouri. Y’ap rejte towo ou la, Samari; kòlè m’ flanbe kont yo. Jouskilè yo p’ap kapab pwòpte anba li? Paske se nan Izrayèl sa sòti: see yon òfèv ki fè l’, li pa Bondye; sèke towo Samari a ap vin tounen twal zariyen; Yo simen van, y’ap rekòlte tanpèt; li p’ap gen ble, grenn nan p’ap fè farin; menm si l’ fè l’, se yon lòt k’ap manje l’.
Efrayim mete anpil lotèl pou l’ fè peche, e lotèl yo tounen pou li yon blòk peche. Mwen ekri pakèt lòd mwen yo pou li, men yo konsidere yo tankou bagay etranje. Y’ap ofri sakrifis, y’ap sakrifye chè, y’ap manje, Granmèt la p’ap resevwa yo; koulye a l’ap sonje peche yo, l’ap vizite pechè yo: yo menm y’ap tounin Lejip.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 113 B, 34. 5-6. 7-8. 9-10
R/ Kay Izrayèl la espere nan Granmèt la.
Bondye nou an nan syèl la, tout sa l’ vle, li fè l’.
Zidòl payen yo se lajan ak lò, travay men lèzòm.R.
Yo gen bouch, yo p’ap pale, yo gen je, yo p’ap wè.
Yo gen zòrèy, yo p’ap tande, yo gen nen, yo p’ap santi.R.
Yo gen men, yo p’ap touche, yo gen pye, yo p’ap mache;
se pou yo vin tounen tankou yo, sila yo ki fè yo a, ak tout moun ki met konfyans nan yo.R.
Kay Izrayèl la espere nan Granmèt la, li se sekou yo ak zam defans yo. Kay Aawon an espere nan Granmèt la, li se sekou yo ak zam defans yo.R.
LEVANJIL
«Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 32- 38
Lè sa a:
Yo te mennen yon moun ki baba bay Jezi, moun nan te gen yon demon. Kon l’ fin chase demon an, baba a pale, foul yo sezi, yo di: «Yo pa janm wè bagay konsa nan Izrayèl».
Farizyen yo menm t’ap di: «Se pa pouvwa chèf demon yo l’ap chase demon yo».
Jezi menm t’ap mache nan tout vil yo ak bouk yo, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, li t’ap preche levanjil rèy nan, li t’ap geri tout maladi ak tout feblès. Lè l’ wè foul yo, li pran lapenn pou yo, paske yo te bouke, yo te kouche tankou mouton ki pa gen gadyen.
Lè sa a li di disip li yo: «Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye; lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè nan rekòlt li a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi gen pouvwa san limit, se pou sa si w’ap mache ak li ou pa bezwen pè: Jezi gen pouvwa pou fè fonksyone tout sa ki pa fonksyonèl nan kò nou (li fè baba pale, li fè avèg wè,...); li gen pouvwa pou fè satan rete nan wòl li (li chase demon). Men, pou fè diferans ant pouvwa Bondye ak pouvwa lèzòm, pouvwa Jezi a, se pa pou li bay yon «cho» oubyen yon demonstrasyon, se pa pou li fè ekzibisyon; men se yon pouvwa pou li libere moun nan totalman anba tout sa ki antrave li, tout sa ki kokobe li e ki anpeche li viv ak diyite kòm pitit Bondye.
Pawòl Bondye pou jodi a ap raple nou kijan Granmèt la pwisan, pa gen chenn li pa ka kase; fòk nou mete tout konfyans nou nan li, paske Bondye renmen nou tout bon, li renmen nou san limit. Se fòs renmen sa ki geri malad, ak moun ki gen feblès yo. Se menm fòs renmen sa a ki fè Jezi te pran lapenn pou foul yo, paske yo te bouke, yo te kouche tankou mouton ki pa gen gadyen. Granmèt la kontinye genyen konpasyon pou nou, li vle sove nou, li genyen kè sansib.
Jodi a se yon gran okazyon pou nou rekonèt lanmou Bondye gen pou nou, Li se Bon Gadyen ki toujou la pou pran swen nou, pou pote nou sou zepòl li. Nan Levanjil la tou, nou dekouvri atitid farizyen yo, kòman yo t’ap kritike Jezi, yo t’ap di se pa Lespri Sen ki nan Li men se chèf demon yo ki t’ap aji nan li.
Pafwa nou aji menm jan avèk farizyen yo: olye pou nou rekonèt yon bon zèv yon moun fè, nou pito jije li sou feblès li. Se pou Bondye ede nou chanje atitid sa, antan nou rekonèt pwòp feblès pa nou.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, tanpri ba nou yon lespri pozitif pou nou kapab kopere, travay ansanm pou yon lavi miyò. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: M’ap rekonèt tout sa k’ bon nan moun k’ap viv bò kote m’ yo, antan m’ap ankouraje yo chanje sa ki pa bon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario