Páginas

MÈKREDI 6

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li lè pou nou chèche Granmèt la».
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 10, 1-3. 7-8. 12
Se yon bèl jaden rezen Izrayèl te ye, ki donnen fwi; plis l’ap donnen fwi, se plis l’ap bati lotèl; plis tè a rich, se plis l’ap drese zidòl. Kè yo de bò, koulye a y’ap peri; li menm l’ap kraze zidòl yo, l’ap avili lotèl yo. Sèke koulye a y’ap di: «Nou pa gen wa; nou pa respekte Granmèt la, epi wa a, sa l’ fè pou nou?»
Samari fè wa l’ la pase tankou kim sou fas dlo, gran plas zidòl yo, — se peche Izrayèl la menm, — y’ap detwi; raje ak chadwon ap monte sou lotèl li yo, y’ap di mòn yo «Kouvri nou», epi ti wotè yo «Tonbe sou nou».
Simen nan jistis, n’a rekòlte nan kè sansib, sakle tè nou an ki fin repoze a. Li lè pou nou chèche Granmèt la, jous l’a vini, sila a k’ap aprann nou jistis la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Chèche fas Granmèt la tout tan.
Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.R.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
«Ale kot mouton kay Izrayèl la k’ap peri yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 1-7
Lè sa a:
Jezi rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa sou lespri pa-pwòp yo, pou yo chase yo, pou yo geri tout maladi ak tout feblès.
Non douz apot yo se te: Premye a Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, Jak pitit Zebede a, ak Jan, frè l’ la, Filip ak Batelemi, Toma ak Matye, pibliken an, Jak pitit Alfe a, ak Tade, Simon Kananeyen an ak Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi l’ la.
Douz sa yo, Jezi voye yo, antan l’ ba yo konsiy, li di: «Pa ale nan wout payen yo, pa antre nan vil Samariten yo; men pito nou ale kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di: «Rèy syèl la rive».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Ale, preche, se pou nou di: ‘‘Rèy syèl la rive’’».
Jodi a, Levanjil la montre nou Jezi k’ap voye disip li yo nan misyon: «Douz sa yo, Jezi voye yo, antan l’ ba yo konsiy…» (Mt 10,5).  Douz disip yo fòme sa nou rele  ‘‘Kolèj Apostolik ’’, sa vle di ‘‘misyonè’’; nan pelerinaj li sou tè a, Legliz la se yon kominote misyonè, paske li pran rasin nan akonplisman misyon Pitit la ak Lespri Sen an selon  plan ak pwojè Papa a.
Menm  jan Sen Pyè ak lòt Apot yo te fòme yon sèl kò, se konsa tou Pap la ansanm ak evèk yo, ki ranplase apot yo, yo fòme yon sèl kò e devwa yo se anonse Levanji la toupatou.
Pami disip Jezi voye nan misyon yo, nou jwenn sila yo ke li mete nan yon pozisyon ki enpòtan epi li ba yo yon pi gwo responsablite, tankou Pyè. Poutan, Levanjil yo kominike nou Bòn Nouvèl la, men yo pa la pou satisfè kiryozite nou. Nou menm, frè ak sè m’ yo, nou dwe priye pou tout evèk yo, antan nou soude ansanm ak yo. Sen Inyas d’Antyòch di nou: «Suiv evèk la, tankou Jezikri suiv Papa li, epi suiv pè yo tankou apot yo»
Jezi pa t’ap chèche gwo sabe, men li t’ap chèche moun ki disponib e ki te kapab swiv li nèt ale. Sa fè mwen menm kòm kretyen, mwen santi mwen responsab yon pati nan travay delivrans Jezi a.
E kòm se te nan kòmansman, Jezi te bay konsiy sa: ««Pa ale nan wout payen yo, pa antre nan vil Samariten yo; men pito nou ale kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di: «Rèy syèl la rive».
LAPRIYÈ: Jezi sovè m’, mwen vle suiv ou, ou mèt toujou konte sou mwen; ede m’ temwaye renmen ak mizerikòd ou chak jou nan lavi mwen. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap sòti nan mwen pou m’al rankontre kèk moun, pou m’ di yo kijan Bondye bon. M’ap eksplike kisa Bondye fè pou mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario