Páginas

JEDI 7

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Kè m’ chavire anndan m’»
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 11, 1b. 3-4. 8c-9
Men pawòl Granmèt la:
«Izrayèl te piti, mwen te renmen l’, mwen rele pitit mwen an sot Lejip.Yo rele yo, se konsa yo pati sot devan fas yo; yo t’ap ofri sakrifis bay Baal yo, yo t’ap sakrifye bay zidòl yo.
Mwen menm mwen tankou yon nouris pou Efrayim, mwen t’ap pote yo sou bra m’, men yo pa t’ konnen mwen t’ap swen yo. Avèk kòd Adan mwen t’ap mennen yo, avèk kòd renmen an; pou yo mwen te tankou yon moun k’ap leve jouk la sou zepòl yo, mwen t’ap panche sou li pou m’ fè l’ manje.
Kè m’ap boulvèse anndan m’, konsa mwen twouble tèlman mwen regrèt. Mwen p’ap kite kòlè m’ eklate, mwen p’ap chanje pou m’ gaye Efrayim, paske se Bondye mwen ye, se pa moun; nan mitan ou mwen se Sen an, mwen p’ap anvayi lavil la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 79, 2ac e 3b. 15-16
R/ Klere fas ou, Granmèt, n’a sove.
Ou menm k’ap kondui Izrayèl, fè atansyon, Ou menm ki chita anlè Cheriben yo, klere.
Drese pouvwa ou, vini, pou ou sove nou.R.
Bondye pouvwa yo, vire; gade antan ou nan syèl la, pou ou wè, vizite pye rezen sa a.
Pwoteje l’, li menm men dwat ou te plante a, ak pitit moun nan ou te asire pou ou a.R.
LEVANJIL
«Nou resevwa gratis, se pou nou bay gratis».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 7-15
Lè sa a: Jezi di Disip li yo:
«Ale, preche, se pou nou di: «Rèy syèl yo tou pre». Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte moun ki gen maladi lalèp yo, chase demon yo. Nou te resevwa gratis, se pou nou bay gratis. Pa pote lò, ni lajan, ni monnen nan senti nou, ni sak pou wout la, ni de chemiz, ni sapat, ni baton: travayè a merite pri travay li.
Nan nenpòt ki vil oswa bouk nou antre, mande si gen yon moun ki onèt ladan l’, rete la joustan nou pati.Lè nou antre nan lakay la, salye l’, antan nou di: «Lapè pou kay sa a». Si kay sa a merite, lapè nou an ap rive sou li; si l’ pa merite, lapè nou an ap tounen kote nou.
Tout moun ki pa resevwa nou, ki pa koute pawòl nou yo, sòti deyò kay yo a oubyen lavil yo a, souke pousyè sot nan pye nou. An verite mwen di nou, y’ap gen plis tolerans pou peyi Sodòm ak Gomò nan jou jijman an pase pou lavil sa a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Ale, preche, se pou nou di: Rèy syèl yo tou pre».
Jodi a, Levanjil la envite nou mete nou aktif nan travay levanjelizasyon an; Jezi di nou: ‘‘preche’’ (Mt 10,7). Sa yo anonse a, se bòn nouvèl Jezi a, k’ap pale nou sou Wayòm Bondye a, paske se Li menm Sovè nou an, ke Papa voye nan lemond, ki kapab rekonstwi nou sou pa anndan e ki kapab chanje sosye n’ap viv la.
Jezi t’ap anonse ‘‘Rèy syèl yo tou pre’’ (Mat 10, 7). Se li menm ki t’ap anonse wayòm Bondye a ki t’ap grandi nan pami lèzòm, nan mezi plis moun t’ap evite fè sa ki mal pou yo te fè sa ki byen.
Jezi vle sove moun nan totalman, nan kò li ak nan lespri li; plis toujou li vle bay moun nan lapè devan gwo pwoblèm li genyen fas ak lanmò, Jezi pwopoze rezireksyon. Yon moun ki se yon mò vivan akoz peche a, li fè eksperyans yon lavi tounèf lè li resevwa lagras Bondye. Se yon gwo mistè nou kòmanse eksperimante nan batèm nou: Nou menm kretyen, Bondye rele nou pou nou leve byen vivan ak Jezikri!
Men yon ekzanp sou fason Pap Franswa chèche byen moun: «“Kilti oubyen abitid jete sa” fè nou pèdi sansiblite fas ak gaspiyaj manje. Nan yon lòt epòk, gran paran nou yo te konn prete anpil atansyon pou yo pa t’ jete okenn rès manje. Lè ou jete yon manje, se vòlè ou vòlè li sou tab pòv la, sila k’ap mouri grangou a!»
Jezi mande nou pou nou toujou anonse lapè. Lè pè yo pote lakominyon pou malad yo, yo di: Se pou lapè Granmèt la vini abite nan kay sa! E lapè Kris la rete la, si gen moun ki merite resevwa li. Pou ou resevwa kado wayòm Bondye a, fòk ou byen dispoze kè ou. Yon lòt bò, nou wè  kòman anpil moun jwenn pretèks pou yo pa resevwa Levanjil la.
Nou gen yon gwo devwa nan mitan lèzòm, sèke depi nou kwè nan Bondye, nou pa kapab sispann anonse Levanjil la, paske nou viv li e nou vle lòt yo viv li tou.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye Papa pou kè kontan nou genyen nan anonse Levanjil Jezikri a.  Fè nou toujou gen kè kontan sa. Amèn !

PWOPOZISYON : Tout sa mwen resevwa nan men Bondye, se gratis. M’ap pataje yo gratis ak kè kontan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario