Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Nou p’ap rele travay men nou yo Dye ankò»
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10
Men pawòl
Granmèt la:
«Tounen,
Izrayèl, kot Granmèt Bondye w’ la, paske ou te gate nan peche w’ la. Pran bon
pawòl avèk ou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’: «Wete tout fot la, resevwa
byen an, n’ap renmèt sakrifis bon pawòl bouch nou. Asou p’ap sove nou, nou p’ap
monte sou chwal, nou p’ap rele travay men nou yo dye ankò, paske moun ki nan ou
a, ou pran pitye pou òfelen l’ nan».
M’ap geri
doulè yo, m’ap renmen yo ak tout kè m’, paske mwen vire kòlè m’ lwen yo; mwen
tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou lis, rasin li ap eklate tankou rasin
Liban. Ramo l’ yo ap devlope, bèlte l’ ap tankou bèlte pye oliv la, lode l’ ap
tankou lodè Liban an.
Y’ap tounen
vin chita anba lonbraj li, y’ap viv avèk ble, y’ap jèmen tankou pye rezen;
souvni l’ap tankou diven Liban. Efrayim, sa k’ genyen ankò ant mwen menm ak
zidòl yo? Mwen menm m’ap koute, m’ap kondui l’ tankou yon sapen ki byen vèt; se
nan mwen menm w’ap jwenn fwi ou.
Ki moun ki gen sajès, pou l’ konprann bagay sa yo? Se
pou l’ konprann, se pou l’ konnen bagay sa yo. Paske wout Granmèt yo dwat, moun
ki kòrèk yo ap mache nan yo; men rebèl yo ap peri nan yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 8-9. 12-13. 14 e 17
R/ Bouch mwen ap anonse lwanj ou, Granmèt.
Pitye pou mwen,
Bondye, daprè kè sansib ou; daprè kantite bon kè ou, efase fòt mwen an.
Lave m’ nèt
sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Gade se verite ou renmen nan kè, nan sekrè ou fè m’ wè
sajès.
Lave m’ avèk izòp, m’ap vin pwòp; lave m’, m’a vin blan
pase lanèj. R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm
nan zantray mwen yo.
Pa jete m’
lwen fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen
kè kontan delivrans ou a,
Asire m’ ak
lespri ki pi vif la. Granmèt, louvri po bouch mwen,
bouch mwen ap
anonse lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Se pa nou
menm k’ap pale, men se Lespri Papa nou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 16-23
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
«Men mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Se pou
nou gen ladrès tankou sèpan, se pou nou senp tankou pijon.
Sèlman pran prekosyon ak moun yo; sèke y’ap renmèt nou
nan tribinal yo, y’ap bat nou nan kay reyinyon yo; y’ap kondui nou devan prefè
yo ak wa yo poutèt mwen, pou nou sèvi m’ temwen devan yo ak devan nasyon yo.
Men lè y’ap bay nou, pa reflechi sou fason osinon sou sa n’ap di: se nan lè sa
a menm y’ap ba nou sa pou nou di; sèke se pa nou menm k’ap pale, se Lespri Papa
nou k’ap pale nan nou.
Frè ap bay frè nan lanmò, papa ap bay pitit; pitit ap
leve kont papa ak manman, y’ap fè touye yo. Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen; men moun k’ap pèsevere
jouskalafen, se li menm k’ap sove.
Lè y’a va
pèsekite nou nan yon vil, sove kò nou nan yon lòt. An verite, mwen di nou, nou
p’ap fini ak vil Izrayèl yo, anvan Pitit moun nan ap rive».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi voye Apot yo nan misyon ak anpil rekòmandasyon. Li konsyan travay yon
misyonè pa janm fasil. Men sa ki sèten, sèke Lespri Sen toujou akonpaye misyonè
a. Granmèt la ap rekonpanse jefò ak sakrifis tout moun ki rete fidèl nan travay
li a. Bondye pa gade sa nou ye pou l’ vin rankontre ak nou; lè se Granmèt la ki
chwazi nou epi li konfye nou yon misyon, se pou nou fè l’ jan sa dwe fèt. Menm
si pafwa bagay yo difisil, nou pa dwe dekouraje. Se paske se li ki chwazi nou
pou n’ panse nou p’ap rankontre pèsekisyon.Non! se pou tet sa nan levanjil
Matye a, Jezi di disip li yo, pran prekosyon, paske li konnen kisa k’ap tann
yo.Li menm ki se bwa vèt yo te pase li sou dife. Li menm ki se Bondye yo te
pèsekite l’, premye misyonè yo te fè menm eksperyans sa a, yo te rankontre
pèsekisyon, menas lanmò, men yo pa t’ janm lage. Frè ak sè m’ yo, jodi a
misyonè sa yo pa la ankò; se sou nou Jezi konte pou n’ fe travay la mache pi
devan. Li di ankò, nou pa bezwen enkyete, paske travay n’ap fè a se pa travay
nou li ye, men se travay Bondye, se Lespri Jezi ki leve byen vivan an k’ap
okipe tout bagay, se li k’ap montre nou kijan pou nou defann tèt nou. Li di
ankò, nou pa bezwen enkyete nou pou anyen, paske se li menm ki rele nou epi se
li menm ki chwazi nou. Puiske se li ki voye nou, l’ap toujou avèk nou, nou pa
bezwen chèche lòt sekirite, se li sèl ki kapab ba nou sekirite san lajan, paske
vrè sekirite a, se nan li li ye.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, mwen vle sèvi ou menm sèl ak tout kè mwen, jous nan
bout. Tanpri kenbe menm pou m’ pa tonbe nan move pa yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite menas lanmò ni pèsekisyon
fè m’ fè bak nan misyon Jezi konfye m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario