Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se yon moun ki gen bouch sal mwen ye, mwen wè wa a Granmèt lame yo ak
je m’»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 6, 1-8
Ane wa Ozyas mouri a, mwen wè Granmèt la ki chita sou
yon fotèy byen wo, ki anlè nèt; sa k’ te anba l’ yo te plen kay sakre a.
Serafen yo te kanpe anlè l’; yo chak te gen sis zèl: de pou yo kouvri fas yo,
de pou yo kouvri pye yo, de pou yo vole.
Youn t’ap
rele bay lòt, yo t’ap di: «Li sen, li sen, li sen, Granmèt Bondye lame yo; tout
tè a plen ak bèlte l’». Vwa sila a ki t’ap rele a fè gon pòt yo souke, kay la
vin plen ak lafimen.
Mwen di:
«Madichon pou mwen, paske mwen pe bouch, paske mwen se yon moun ki gen bouch
sal, mwen abite nan mitan yon pèp ki gen bouch sal, epi mwen wè wa a Granmèt
lame yo».
Youn nan Serafen yo vole kote m’. Li te gen yon chabon
dife nan men l’, li te pran l’ sou lotèl la ak yon pensèt; li touche bouch
mwen, li di: «Gade, sa a touche bouch ou, fot ou a pati, peche ou la pwòpte».
Mwen tande Granmèt la k’ap di: «Kilès m’ap voye? Kilès k’a prale pou nou? » Mwen di: «Men mwen, voye m’».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 92, lab. lc-2. 5
R/Granmèt la wa, li vlope ak bèlte.
Granmèt la
wa, li vlope ak bèlte; Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs.R.
Reyèlman vre
li rann fas tè a solid, pou l’ pa souke.
Fotèy ou
solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R.
Temwayaj ou
yo merite konfyans nèt; kay ou a klere ak sa ki sen an, Granmèt, pou longè tan
yo.R.
LEVANJIL
«Pa pè moun
k’ap touye kò yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 10, 24-33
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
«Disip la pa anlè mèt la, ni sèvitè a pa anlè mèt li.
Sa kont pou disip la vin tankou mèt li, pou sèvitè a vin tankou mèt li. Si yo
rele pèd-famiy nan Bèlzeboul, y’ap di pi mal pou sèvitè l’ yo.
Pa pè yo. Nan pwen anyen ki kache yo p’ap konnen. Sa m’
di nou nan fè nwa, di l’ nan limyè; sa nou tande nan zòrèy, preche l’ sou tèt
kay.
Pa pè sila yo k’ap touye kò a, men ki pa kapab touye
nanm nan; pito nou pè sila a ki kapab pèdi ni nanm nan ni kò a nan dife a. Èske
yo pa vann de zwazo pou yon goud; youn nan yo pa tonbe atè san Papa nou pa vle.
Cheve nan tèt nou, yo tout yo konte yo. Konsa, pa pè: nou vo plis pase anpil
zwazo.
Nenpòt moun k’ap rekonèt mwen devan lèzòm, mwen menm
tou m’ap rekonèt li devan Papa m’ ki nan syèl la. Men moun k’ap nye m’ devan
lèzòm, m’ap nye l’ tou devan Papa m’ ki nan syèl la».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pwofèt Izayi rakonte
nou pwòp eksperyans vokasyonèl li ak Bondye. Eksperyans sa a, se yon envitasyon
pou nou tout kòm pitit Bondye, pou nou kapab rekonèt feblès nou ak frajilite
nou nan dispozisyon nou pou nou sèvi Granmèt la. Pwofèt Izayi vle montre nou,
ke peche pa dwe anpeche nou pwoche kot Granmèt la, paske si nou pran konsyans
de eta nou Papa nou p’ap manke padone nou. Se konsa n’a vin santi nou lib pou
nou di Bondye : «Men mwen, voye m’».
Nan Levanjil jodi a, Jezi avèti nou ke misyon an pa fasil, fòs
renmen l’ lan pi fò nan nou ke tout sa ki kab fè nou pè, tankou: desepsyon,
kritik ak imilyasyon. Sèlman, nou dwe gen lafwa nou byen fèm pou n’ kab kontinye
chemen an, paske konba sa a kab pi di pou nou si yo touye lafwa nou, ak
konviksyon nou, ke si yo ta touye kò a.
Frè ak sè m’, an nou
kite limyè Jezikri klere nou pou difikilte n’ap jwenn sou chemen lavi a ak
chemen misyon an pa tenyen lanp lafwa nou. An nou mande Bondye pou li fè nou
disponib pou li, menm jan ak pwofèt Izayi, pou nou ka tounen nan men li yon
enstriman liberasyon pou frè ak sè nou yo, pou nou travay pou yon sosyete ki pi
jis, ki pi koeran, ki pi fratènèl pou tout moun ka santi yo se moun, yo se
pitit Bondye.
LAPRIYÈ : Granmèt, menm si mwen pa bon, mwen konnen ou ka pirifye
mwen. Jodi a mwen vle remèt ou libète mwen, entelijans mwen, lavi mwen tout
antye. Pran mwen, fè sa ou vle avèk mwen.
PWOPOZISYON: M’ap fè tout sa m’ kapab pou peche pa fè m’
vire do bay Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario