Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Leve, fè
lwanj, nou menm ki te chita nan pousyè a»
LEKTI LIV PWOFÈT
IZAYI 26, 7-9. 12. 16-19
Tras wout moun ki kòrèk la, li dwat; ou menm ki dwat,
ou egalize chemen moun ki kòrèk la pou l’ mache. Nan wout jijman ou yo, Granmèt, n’ap tann ou; non ou ak souvni ou se sa
nam nou anvi.
Nam mwen anvi
ou nan nuit, nan lespri m’, anndan fon kè m’ granmaten m’ap veye ou. Lè ou fè
jijman ou yo sou tè a, moun yo ki abite fas tè a aprann jistis.
Granmèt, w’ap ba nou lapè; tout aksyon nou yo, se ou
menm ki fè yo pou nou.
Granmèt, nan kè sere, y’ap chèche ou; nan tray, y’ap
plenyen ak pawòl ou. Tankou fi a ki ansent, lè tan pou l’ fè pitit la ap
pwoche, li gen doulè, l’ap rele nan soufrans li yo, konsa nou te ye devan fas
ou, Granmèt. Nou te ansent, se kòmsi nou t’ap fè pitit, men se van nou te anfante.
Nou pa t’ pote delivrans sou tè a, se pousa moun ki abite tè a yo pa t’ rive
fèt.
Mò ou yo ap viv, moun mwen yo ki mouri yo, y’ap tounen
vin vivan. Leve, fè lwanj, nou menm ki abite nan pousyè a, paske se lawouze
limyè lawouze ou la ye; peyi jean yo, w’ap detwi l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
101, 13-14ab e 15. 16-18. 19-21
R/ Granmèt la ap ekzamine sou tè a antan l’ nan syèl la.
Ou menm, Granmèt, se tout tan ou dire, souvni ou pou
jenerasyon ak jenerasyon.
W’ap leve pou ou pran pitye pou Siyon, paske li tan pou
ou pran pitye pou li.
Sèke sèvitè ou yo renmen wòch li yo, yo pran lapenn pou
pousyè l’ la.R.
Nasyon yo ap respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou
tè a ap respekte bèlte ou la;
paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte
l’. L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an, pèp
k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la.
Sèke li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt
la gade sou tè a antan l’ nan syèl la;
Pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit
lanmò yo.R.
LEVANJIL
«Mwen tou dou, kè m’ tou pòv».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 11, 28-30
Lè sa a: Jezi pran lapawòl, li di:
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap pran fatig, k’ap redi
anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men
m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nam nou; jouk
mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou fè kò nou piti, nou parèt pi senp, san konplikasyon, Bondye pran
plezi nan nou. Epi li devwale nou sekrè renmen li an, li devwale nou sekrè
sajès li a. Nan premye lekti a nou jwenn
yon imaj pousyè. Imaj pousyè sa a fè referans ak salte. Se yon bagay nou konnen,
lè gen pousyè yon kote, sa ka lakòz maladi. Pou ti moun yo menm se pi rèd.
Granmoun yo konn di ti moun yo pa jwe nan tè a, paske li ka fè yo gripe. Sa vle
di, moun pa fèt pou viv nan kote ki gen pousyè. Konsa li enpòtan pou nou kite
Granmèt la netwaye nou, pou wete tout pousyè peche ki blanchi bèlte lagras li a
nan nou.
Nan Levanjil jodi a, Jezi fè nou envitasyon pou nou vin jwenn li. Nou pa
bezwen ezite vin jwenn li ak tout chay pwoblèm k’ap trakasye nou, pwoblèm
grangou, lwaye kay, vyolans nan fanmi yo. Jezi pwomèt nou repo. LI di nou do li
laj pou li pote tout chay nou yo. Si nou fè li konfyans, fènwa nou yo va tounen
limyè, sous dlo lagras li va jayi nan sechrès lavi nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen santi difikilte lavi a peze lou sou do mwen, jodi a mwen
vin remèt ou tout sa. Mèsi paske ou pran yo tout sou do ou, pa gen moun ki plis
konprann mwen pase ou, pa gen moun ki solidè ak mwen menm jan ak ou.
PWOPOZISYON : Imite kè sansib Jezi pou nou ka sèvi lòt yo ak
dousè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario