Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Èske rach la ap leve tèt li kont sila a k’ap koupe avèk li a? »
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 10, 5-7. 13-16
Men pawòl
Granmèt la:
«Madichon pou Lasiri! se fwèt ak baton kòlè m’, se nan
men yo kòlè m’ ye. Mwen voye l’ kot yon nasyon k’ap fè manti, mwen voye l’ kont
yon pèp k’ap fè m’ fè kòlè, pou l’ pran richès, pou l’ separe piyay, pou l’
foule l’ anba pye tankou labou nan lari. Men li menm se pa konsa li konprann
koze sa a, se pa konsa kè l’ kalkile sa; men se kraze kè l’ te mande kraze, se
touye li te mande pou l’ touye anpil nasyon».
Li di: «Se ak fòs men m’ mwen te fè sa, se ak sajès
mwen mwen te reyisi.Mwen retire fwontyè pèp yo, mwen piye chèf yo.Tankou moun
ki gen pouvwa, mwen pran sa k’ te abite nan wotè yo. Men m’ jwenn richès pèp yo
tankou yon nich; tankou yo ranmase ze ki abandone, konsa mwen ranmase tout tè
a, pa gen pèsòn ki souke plim zèl, ki louvri bouch, ki rele».
Èske rach la
leve tèt li kont sila a k’ap koupe avèk li a? Oubyen èske si a leve tèt li kont
sila a k’ap siye avèk li a? Kòm si fwèt la t’ap drese kont sila a k’ap leve l’
la, kòmsi baton an t’ap drese, li menm ki yon bout bwa a».
Se pousa chèf la, Granmèt lame yo, ap voye grangou sou
sila yo ki gra yo, anba richès yo a l’ap limen yon brazye tankou yon boukan
dife.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
93, 5-6. 7-8. 9-10. 14-15
R/ Granmèt la p’ap repouse pèp li a.
Pèp ou a Granmèt, yo rabese l’, eritaj ou a, yo fè l’
pase tray.
Vèv la ak etranje a, yo touye yo, òfelen yo, yo touye
yo.R.
Yo di: «Granmèt la p’ap wè, Bondye Jakòb la pa
konprann».
Chèche konprann, nou menm ki san konprann nan pèp la,
nou menm ki sòt yo, kilè n’a gen sajès? R.
Sila a ki plante zòrèy la, li pa ta tande; oubyen sila
a ki fikse je a, li pa ta gade? Li menm ki korije nasyon yo, li pa ta fè
repwòch, li menm ki aprann moun syans la? R.
Sèke Granmèt la p’ap repouse pèp li a, li p’ap lage
eritaj li a. Sèke se daprè jistis la jijman an ap tounen, y’ap suiv li, tout
moun ki gen kè yo dwat yo.R.
LEVANJIL
«Ou kache
bagay sa yo pou moun sajès yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 25
-27
Lè sa a: Jezi pran lapawòl, li di:
«Mwen fè konpliman pou ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè
a, paske ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijan yo, ou
devwale yo bay ti moun piti yo. Oui, Papa, paske se konsa sa fè ou plezi.
Papa m’ renmèt mwen tout bagay, pèsòn pa konnen Pitit
la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof Pitit la ak moun Pitit la vle
devwale sa».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «OU KACHE BAGAY SA YO POU MOUN SAJÈS YO AK MOUN
ENTELIJAN YO, OU DEVWALE YO BAY TI MOUN PITI YO».
Jodi a, nou ta kapab di Levanjil la ba nou opòtinite
pou nou antre nan pwofondè sajès Bondye a. Kilès moun ki pa ta renmen yo
devwale li mistè lavi a? Men gen mistè ke menm pi gwo syantifik nan lemond pa
kapab fè limyè sou li. Poutan, gen yon nèg, pa gen anyen ki kache devan li, pa
gen anyen ki sekrè pou li» (Mak 4, 22). Se sila ki rele tèt li «Pitit Moun nan», paske li di «Papa m'
renmèt mwen tout bagay» (Mt 11, 27). Nati li kòm moun, te manifeste kòm Pawòl
Bondye ki tounen moun, li se dezyèm pèsòn Sent Trinite a; devan li pa gen okenn
fòs fènwa ki ka reziste, e se gras a li menm lannuit la klere plis ke lajounen
an.
Genyen
yon pwovèb Arab ki di: «Si yon foumi nwa monte
sou yon mi nan mitan yon nuit nwa, Bondye wè li». Pou Bondye, pa gen anyen
ki sekrè ni mistè. Mistè yo, se pou nou menm kòm moun yo ekziste. Devan Bondye,
tout bagay parèt klè: ni sa ki nan tan prezan, ni sa ki nan tan pase, ni sa ki
gen pou rive.
Antan li
plen ak satisfaksyon, Granmèt la di: «Mwen fè konpliman pou ou, Papa, Granmèt
syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijan
yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo» (Mt 11,25). Vrèman vre, pèsonn pa ka
pretann li konnen kalite sekrè sa yo, menm si li ta eseye fè gwo etid sou yo.
Yon moun ki fin vyeyi e ki pa gen gwo nivo entèlektyèl kapab konnen plis sekrè
sou lavi ke yon gwo save ki te etidye nan pi gwo inivèsite nan lemond. Genyen
sajès (konesans ou kapab genyen) nan jan ou kwè nan Bondye, nan jan ou gen kè ou
senp ak jan ou fè ou toupiti.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, fè nou gen kè nou senp pou nou kapab rankontre ak ou menm
ki se Sajès la menm.
PWOPOZISYON: M’ap eseye pwoche pi
pre Bondye pou m’ ka konnen sekrè Wayòm li an, pou m’ ka gen plis sajès. Si m’
konprann bezwen mwen se bezwen lòt la, mwen ka vin pi saj nan fason mwen trete
li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario