Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Si nou pa kwè, nou p’ap kenbe»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7, 1-9
Rive, nan tan
Akaz, pitit Joatam, pitit Ozyas, wa Jida: Rasin, wa Siri, ak Fase, pitit
Womeli, wa Izrayèl, monte Jerizalèm pou yo batay kont li, men yo pa t’ reyisi
pran l’. Yo pote nouvèl bay kay David la, yo di: «Siri enstale nan Efrayim». Kè
l’ sote ansanm ak kè pèp li a tankou pye bwa yo souke nan rak la devan fas van
an.
Granmèt la di Izayi: «Pati, al rankontre Akaz, ou menm
avèk rès Jasoub, pitit ou a, nan bout kannal basen anwo a sou wout jaden Lesiv
la, w’a di l’:
«Atansyon, pou ou ret trankil; pa pè, pa kite kè ou
tranble devan de bout bwa dife sa yo k’ap fè lafimen an, nan kòlè Rasin, wa
Siri a, ak pitit Womeli a, k’ap di: N’ap monte kont Jida, n’ap ataque l’, n’ap
fè l’ vin nan kan pa nou; n’ap mete pitit Tabeèl la kòm wa nan mitan l’.
Men pawòl Granmèt la: Bagay sa a p’ap kanpe, li p’ap
reyalize; men tèt Siri se Damas, tèt Damas se Rasin; nan swasannsenkan ankò,
Efrayim ap sispann vin tounin yon pèp; tèt Efrayim se Samari, tèt Samari se
pitit Womeli a. Si nou pa kwè, nou p’ap kanpe».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
47, 2-3a. 3b-4. 5-6. 7-8
R/ Bondye enstale lavil li a pou tout tan.
Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, nan lavil
Bondye nou an.
Mòn li a sen,
ti mòn li a bèl, kontantman tout tè a.R.
Mòn Siyon an,
nan bout rejyon nò a, lavil gran wa a.
Bondye nan lakay li yo, yo konnen l’ byen, li vin
tounen kachèt.R.
Sèke men wa yo rasanble, yo fè konplo ansanm.
Kon yo wè, yo sezi, yo twouble, yo sove.R.
La a, sezisman pran yo, doulè tankou doulè fi k’ap
akouche.
Nan van ki sot nan direksyon solèy leve a ou kraze
batiman Tasis yo.R.
LEVANJIL
«Y’ap gen
plis pitye pou Tir ak Sidon ak peyi Sodòm nan pase pou nou, nan jou jijman an»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 20-24
Lè sa a:
Jezi te kòmanse fè vil yo repwòch, kote li te fè anpil
mirak yo, paske yo pa t’ fè penitans:
«Madichon pou ou, Kowozayin, madichon pou ou, Betsayid,
paske si se nan Tir ak Sidon yo te fè mirak yo ki fèt lakay nou yo, gen lontan
yo ta pran sak avèk sann pou yo fè penitans! An verite mwen di nou, y’ap gen plis pitye pou Tir ak Sidon pase pou nou
nan jou jijman an.
Epi ou menm,
Kafanawòm, èske y’ap leve ou jous nan syèl? se jous nan lanfè y’ap desann ou;
paske si se nan Sodòm yo te fè mirak sa yo ki fèt lakay ou a, petèt yo t’ap
dire jous jodi a. An verite mwen di nou, y’ap gen plis pitye pou peyi Sodòm nan
pase pou ou, nan jou jijman an».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan Levanjil jodi nou dekouvri yon lòt fwa kijan misyon preche bòn
nouvèl la gen anpil ekzijans. Eksperyans pwofèt yo montre nou difikilte misyon
sa. Pi plis toujou nou wè nan levanjil jodi a kijan Jezi te soufri anpil paske
plizyè vil pa t’ akeyi Bòn nouvèl Wayòm syèl la (Mt 11, 21).
Sa pa t’ fasil ditou pou Jezi malgre tout gwo mirak
li te reyalize. Sa ede nou konprann tou difikilte k’ap tann nou nan misyon
preche levanjil la. Men nou gen lespwa menm jan Jezi te gen laviktwa sou pouvwa
peche ak sou lanmò nou menm tou n’ap gen laviktwa si nou gen lafwa ak esperans
nan li.
Jezi te pwomèt nou l’ap ansanm ak nou chak jou
jiska lafen. Avèk asirans sa li ba nou an, nou sèten n’ap ranpòte laviktwa
ansanm ak li. Men nou dwe fè anpil jefò, se chak jou pou nou fè eksperyans
konvèsyon, se nan tout ti aktivie n’ap fè pou nou chèche jistis ak sentete
Bondye.
An nou pa pè
pwoche kot Granmèt la, li menm ki gen sous lagras li a ki ouvri pou nou nan
sakreman penitans la, li menm ki toujou gen de bra li ouvè byen laj pou li
akeyi nou epi padone nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ban m’ sajès ak kouraj pou m’ kapab dekouvri pwòp
peche mwen yo epi selebre sakreman rekonsilyasyon pou yon lavi tou nèf.
PWOPOZISYON: Pran desizyon chanje move abitid ki pa fè Bondye
plezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario