Koulè Blan
BENWA KI SEN, Abe
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Lave nou, wete move panse nou yo sot devan je m’».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 1, 11-17
«Ki mele m’
avèk pakèt sakrifis nou yo? deklarasyon Granmèt la. Mwen bouke: sakrifis belye,
grès bèf, san towo ak mouton ak bouk, mwen pa vle sa. Lè nou vin
devan fas mwen, kilès ki mande bagay sa yo nan men nou, pou n’ap mache nan
lakou m’ yo?
Pa ofri sakrifis ki pa vo anyen ankò: lansan an, mwen
rayi l’; nouvèl lin ak saba ak lòt fèt yo, mwen pa sipòte yo; reyinyon nou yo
pa bon menm; nouvèl lin nou yo ak gran fèt nou yo, nam mwen rayi yo, yo annuiye
m’, mwen bouke sipòte yo.Lè nou lonje men nou, mwen vire je m’ lwen nou; lè nou
fè plis lapriyè, mwen pa koute; sèke men nou plen san.
Lave nou, pwòpte nou, wete move panse nou yo sot devan
je m’; sispann aji mal, aprann fè byen: chèche sa ki dwat, pote sekou bay sa yo
fè pase mati a, pran ka òfelen an, defann vèv la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/Moun ki san tach sou wout la, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
Se pa poutèt
sakrifis ou yo m’ap reprann ou; sakrifis antye ou yo devan fas mwen tout tan,
Mwen p’ap
aksepte bèf ki sot lakay ou, ni kabrit ki sot nan pak ou yo.R.
«Pouki sa
w’ap resite kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Ou menm
poutan ou rayi disiplin, ou rejte pawòl mwne yo dèyè do ou.R.
Se bagay sa yo ou te fè, epi mwen te pe bouch.Ou te
konprann mwen te sanble avèk ou:
M’ap fè ou
eksplikasyon, m’ap drese yo kont fas ou. Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè
lwanj mwen, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a».R.
LEVANJIL
«Mwen pa vin pote lapè, men epe»
MEN BÒN NOUVÈL DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 34-11, 1
Lè sa a, Jezi di Apot li yo:
«Pa konprann se lapè mwen vin mete sou tè a; mwen pa
vin mete lapè, men epe. Sèke mwen vini pou m’ separe moun nan kont papa l’,
pitit fi a kont manman l’, bèl fi a kont bèl-mè l’; moun nan ap gen moun lakay
li kòm lènmi l’.
Moun ki renmen papa l’ oubyen manman l’ plis pase m’,
li pa merite pou l’ disip mwen, moun ki renmen pitit gason l’ oubyen pitit fi
l’ plis pase m’, li pa merite pou l’ disip mwen. Moun ki pa pran kwa l’, ki pa
suiv mwen, li pa merite pou l’ disip mwen. Moun ki jwenn lavi l’, l’ap pèdi l’;
moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap jwenn li.
Moun ki resevwa nou, li resevwa m’; moun ki resevwa m’,
li resevwa sila a ki voye m’ nan.
Moun ki resevwa yon pwofèt kòm pwofèt, l’ap resevwa
rekonpans pwofèt; moun ki resevwa yon moun kòrèk kòm moun kòrèk, l’ap resevwa
rekonpans moun kòrèk.
Nenpòt ki moun ki bay youn nan pi piti sa yo yon vè dlo
fre sèlman kòm disip, an verite mwen di nou, li p’ap pèdi rekonpans li».
Rive, lè Jezi fin pase tout lòd sa yo bay douz disip li
yo, li pati sot la, pou l’al bay lansèyman, pou l’al preche nan lòt vil yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Pawòl
Bondye envite nou pratike de bagay nan lavi nou: konvèsyon (nou jwenn envitasyon sa a nan premye lekti a) ak akèy ou ospitalite (nou jwenn envitasyon
sa a nan levanjil la).
Nou ta kapab rezime tout mesaj premye lekti a ak sa nou jwenn nan pati
final la: «Lave nou, pwòpte
nou, wete move panse nou yo sot
devan je m’; sispann aji mal, aprann
fè byen: chèche sa ki dwat, pote
sekou bay sa yo fè pase mati a, pran
ka òfelen an, defann vèv la». Kidonk mo konvèsyon an klè, nou ka rezime li nan kèk mo oubyen
ekspresyon: lave nou, pwòte nou, wete move panse nou, sispann aji mal, fè byen,
chèche sa ki dwat, pote sekou, defann.Konvèti, se sispann kraze malere a, sispann
pale moun mal, sispann viv nan ipokrizi, sispann vòlè, sispann fè adiltè.
Nou dwe klè sous a: konvèsyon an, se pa sòti nan yon relijyon pou ale
nan yon lòt; okontrè se lè yon moun deside fè yon chanjman radikal nan
konpòtman oubyen atitid li. Se sa pou nou mande Bondye jodi a, pou nou gen
kouraj pou nou chanje tout move konduit nou yo. Si nou fè sa mond nou an ap gen
plis trankilite, p’ap gen vyolans, p’ap gen asasinay, p’ap gen jalouzi, p’ap
gen divizyon, p’ap gen lit pou enterè, p’ap gen rayisans, p’ap gen lagè.
Epitou, tout moun ap santi latè se yon paradi.
Nan Levanjil la Jezi vle nou gen yon lòt atitid anvè etranje oubyen moun
nou pa konnen antan ke disip-misyonè; li vle montre nou kijan li enpòtan pou
nou aprann akeyi. Lè nou akeyi yon ti pòv malere ki gen kè li pwòp, se Jezi
menm nou akeyi epi se Bondye menm nou akeyi: «Moun ki resevwa nou, li resevwa
m’; moun ki resevwa m’, li resevwa sila a ki voye m’ nan».
Sa ki pi
enteresan toujou, sèke selon sa Jezi di, rekonpans nou kapab jwenn lè nou akeyi
yon moun, li va pwopòsyonèl ak kalite akèy nou bay la: «Moun ki resevwa yon
pwofèt kòm pwofèt, l’ap resevwa rekonpans pwofèt; moun ki resevwa yon moun
kòrèk kòm moun kòrèk, l’ap resevwa rekonpans moun kòrèk. »
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ban mwen yon kè ki senp e ki ouvè pou akeyi
frè ak sèm yo, sitou sila yo ki pi fèb, ki san defans.
Bondye, ou menm ki fè abe Benwa ki sen vin tounen yon gran mèt nan lekòl
sèvis ou, tanpri, fè nou pa mèt anyen anvan renmen ou nan, pou nou kouri ak
tout kè nou nan wout kòmandman ou yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:M’ap analize
tèt mwen pou mwen wè kisa mwen dwe chanje nan lavi mwen jodi a. M’ap akeyi lòt
yo ak anpil tandrès pou mwen kapab akeyi Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario