Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap di ou, monchè, sa Granmèt la mande ou».
LEKTI LIV PWOFÈT MICHE 6, 1-4. 6-8
Koute sa
Granmèt la di:
«Leve, fè
pwosè devan mòn yo, se pou ti wotè yo tande vwa ou. Se pou mòn yo ak fondasyon
solid tè a tande jijman Granmèt la; paske jijman Granmèt la ap kòmanse kont pèp
li a avèk Izrayèl.
Pèp mwen, ki sa m’ te fè ou? oubyen ki tray mwen te fè
ou pase? Reponn mwen. Èske se paske mwen te fè ou sòti nan peyi Lejip la, mwen
te delivre ou sot nan kay esklavaj la, mwen te voye Moyiz avèk Aawon avèk
Miryam devan fas ou a?»
Kisa ki kòrèk pou m’ ofri Granmèt la? M’ap plwaye jenou
devan Bondye ki anwo nèt la? èske se pou m’ ofri l’ sakrifis antye avèk towo ki
gen en nan (1 an)? Èske Granmèt la kapab pran plezi nan mil belye oubyen nan
anpil milye bouk byen gra? Èske m’ap bay premye pitit mwen an pou krim mwen an,
fwi vant mwen an pou peche nam mwen an?
M’ap di ou, mòn chè, ki sa ki bon, ki sa Granmèt la
mande ou: Sètènman se fè sa ki dwat, renmen kè sansib, mache avèk atansyon
ansanm ak Bondye ou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
49, 5-6. 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
«Rasanble sen m’ yo pou mwen, yo menm ki te pase kontra
m’ nan nan sakrifis la».
Syèl yo ap anonse jistis li, paske Bondye se yon jij.R.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle kont avèk ou;
sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan.
Mwen p’ap
pran towo sot lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R.
Pouki sa w’ap
detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Epoutan ou
rayi disiplin, ou voye pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè,
epi mwen te pe bouch mwen.
Ou te
konprann mwen te tankou ou.
Moun ki ofri
sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn bèlte, moun ki san tach nan chemen an, m’ap
montre l’ delivrans Bondye.R.
LEVANJIL
«Larenn nan sid
la ap leve nan jijman avèk jenerasyon sa a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 38-42
Lè sa a:
Gen detwa nan
pwofesè lalwa yo ak nan farizyen yo ki pale ak Jezi, yo di: «Mèt, nou vle wè
yon siy ou fè». Li reponn, li di yo:
«Yon
jenerasyon move, ki adiltè, ap mande siy; yo p’ap ba l’ siy sof siy pwofèt
Jonas la. Reyèlman vre, menm jan Jonas te nan vant labalèn nan pandan twa jou
ak twa nuit, se konsa Pitit moun nan ap nan kè tè a pandan twa jou ak twa nuit.
Moun Niniv yo ap leve nan jijman an avèk jenerasyon sa
a, y’ap kondane l’; paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la: men gen plis
pase Jonas isit la.
Larenn nan sid la ap leve nan jijman an avèk jenerasyon
sa a l’ap kondane l’; paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la: men gen plis
pase Jonas isit la. Larenn nan sid la ap leve nan jijman an avèk jenerasyon sa
a, l’ap kondane l’; paske li te vin sot nan bout tè a pou l’ koute sajès
Salomon: men gen plis pase Salomon isit la».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Granmèt la ap fè pwosè ak
pèp li a etan l’ap raple pèp la se Li menm ki te fè li sòti nan esklavaj nan
peyi Lejip. Men, pandan Granmèt la ap fè pwosè ak pèp Izrayèl la, nou rann nou
kont kijan li te deja dispoze pou fè pèp la gras ak mizerikòd, paske pa gen
okenn sakrifis ki te kapab repare tò pèp la te fè Bondye. Gras ak mizerikòd Granmèt la, pèp la te jwenn
padon pou peche li, li te vin tounen zanmi Bondye ankò. Se nan sans sa a pwofèt
Miche raple pèp la, li enpòtan pou li pratike jistis.
E se nan menm sans sa a nou
konprann repons sòm nan bay premye lekti a, se: «Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a».
Jezi t’ap preche, pwofesè lalwa ak farizyen yo t’ap mande l’ yon siy. Li fè yo
konnen jan jenerasyon sila mechan sa, jan li adiltè, li pa vle fè sa ki dwat
devan je Granmèt la menm jan ak pwofèt Jonas ki te fè twa jou nan vant pwason
an, se konsa pitit Bondye a gen pou li fè twa jou nan vant tè a. Li anonse
yo soufrans ak rezireksyon Pitit Moun nan. Se yon verite, se yon siy yo pa t’ ka konprann, paske se pa sa yo te
anvi wè, se pa sa ki te nan imajinasyon yo.
Konsa tou, nan lavi nou chak, nou konn anvi wè gwo mirak alòske gen
anpil lòt siy k’ap pase devan je nou, men nou pa wè yo. Poutan se siy ki trè
enpòtan ki kapab ede nou rankontre ak Bondye. Pou fini, Jezi fè referans
ak Salomon pou li te pale mesye yo de Sajès Bondye a. Li te vle montre mesye yo
Sajès Bondye depase tout konpreyansyon ak entelijans lèzòm; se poutèt sa «sa ki sajès pou Bondye kapab sanble foli pou
lèzòm». Jezi avèti yo si yo pa chanje kè yo, jenerasyon sa a ap peri, menm
jan ak san-ven-mil moun Niniv yo ki te tande mesaj la men ki pa t’ ba li
enpòtans.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te
voye Jezikri, sèl Pitit ou a pou Li louvri wout delivrans la pou nou, ede nou
pou nou ka konprann siyifikasyon siy ou yo; konsa chak jou pi plis n’a va
prepare kè nou pou nou kapab resevwa byen ou pwomèt nou yo. Pa pouvwa Jezi.
PWOPOZISYON: Konbyen fwa mwen mande Bondye siy lè gen anpil
siy ke mwen pa rive dekouvri? Gade a travè ki siy, ki langaj Bondye ap pale ak
ou jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario