Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Se pou l’
jete tout peche nou yo nan fon lanmè a»
LEKTI LIV
PWOFÈT MICHE 7, 14-15. 18-20
Pèp ou a, bann mouton eritaj ou a, sila yo ki abite pou
kont yo nan bwa a, nan mitan Kamèl la, se pou ou gadiyen yo ak bagèt ou a; se
pou Bazan ak Galaad jwenn manje tankou jou lontan yo. Tankou jou ou te sòti nan
peyi Lejip la, fè l’ wè mèvèy.
Bondye, kilès ki tankou ou, ki wete peche a, ou menm ki
padonnen fot rès eritaj ou a? Li p’ap fè kòlè ankò, paske se kè sansib li vle.
Se pou l’ tounen, pou l’ pran pitye pou nou, se pou l’ wete peche nou yo, pou
l’ jete tout peche nou yo nan fon lanmè. W’ap bay Jakòb verite a, w’ap bay
Abraam kè sansib la, sa ou te fè sèman bay zansèt nou yo, depi nan jou lontan
yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
84, 2-3. 5-6. 7-8
R/ Fè nou wè kè sansib ou, Granmèt.
Ou jwenn plezi ou, nan tè ou la, Granmèt, ou fè
prizonye Jakòb yo tounen.
Ou padonnen peche pèp ou a, ou kouvri tout peche yo.
Ou refoule tout kòlè ou, ou tounen sot nan kòlè ou ki
te rèd la.R.
Fè nou
tounen, Bondye, delivrans nou, vire kòlè ou sot sou nou.
Èske se pou
tout tan w’ap fache kont nou, oubyen w’ap lonje kòlè ou pou jenerasyon ak
jenerasyon? R.
Èske ou p’ap tounen
vin ba nou lavi, pou pèp ou a kontan nan ou?
Fè nou wè kè
sansib ou, Granmèt, delivrans ou a, ba nou li.R.
LEVANJIL
«Li lonje men l’ sou disip yo, li di: Men manman m’ ak frè m’ yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 46-50
Lè sa a:
Jezi t’ap pale avèk foul yo, manman l’ ak frè l’ yo te
kanpe deyò, yo t’ap chèche pale avèk li. Yon moun di l’: «Men manman ou ak frè ou yo kanpe deyò a, y’ap chèche
ou».
Li menm menm
li reponn, li di l’: «Kilès ki manman m’, kilès ki frè m’? »
Li lonje men
sou disip li yo, li di: «Men manman m’ ak frè m’. Nenpòt ki moun ki fè volonte
Papa m’ ki nan syèl la, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou wè kòman Miche ap fè lwanj
pou Granmèt la. Li rekonèt se sèl Bondye Granmèt la ki kapab voye byen lwen
tout peche pitit li yo. Li di Bondye, kilès ki tankou ou, ki wete peche a,
ki padone fot rès eritaj ou a? Nan pawòl sa yo nou dekouvri dimansyon infini
lanmou ak mizerikòd Bondye gen pou limanite. Bondye gen pasyans, li fidèl pou
tout tan. Se sèl li menm ki kenbe pawòl li te di Abraam ak zansèt nou yo,
depi nan jou lontan.
Se sa k’ fè nan Sòm nan
nou chante: fè nou wè kè sansib ou,
Granmèt. Ou jwenn plezi ou, nan tè ou la, Granmèt. Se sèl Granmèt la ki ka
padonen peche pèp li a. Li kouvri tout peche pèp la. Li refoule tout kòlè
li. Se sèl nan Bondye Granmèt la nou jwenn lavi ak kè kontan pou tout tan.
Nan levanjil la nou wè kòman kèk moun ki te nan
foul kote Jezi t’ap
pale a t’ap chèche detounen pawòl Mèt la. Pandan li t’ap pale, yo vin di li men manman l’ ak frè l’ yo te kanpe deyò, yo t’ap chèche pale avèk li. Jezi ki konprann entansyon yo, reponn: «Kilès ki manman m’, kilès ki frè m’? »
pale a t’ap chèche detounen pawòl Mèt la. Pandan li t’ap pale, yo vin di li men manman l’ ak frè l’ yo te kanpe deyò, yo t’ap chèche pale avèk li. Jezi ki konprann entansyon yo, reponn: «Kilès ki manman m’, kilès ki frè m’? »
Li lonje men
sou disip li yo, li di: «Men manman m’ ak
frè m’. Nenpòt ki moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm ki frè
m’ ak sè m’ ak manman m’».
Nan repons Jezi a, li tou di yo se li menm Bondye voye a vin delivre yo
a anba esklavaj peche, se li menm ki mesi a. Nan sans sa a, Jezi envite nou fè
volonte Papa li. Se yon bòn nouvèl pou nou: si nou fè sa Bondye vle, ebyen nou
se frè, sè ak manman Jezi.
Parante Jezi a depase tout lyen sangen, se yon parante espirityèl ki
kapab fè moun tout ras, tout kilti ak tout jenerasyon jwenn plas yo kay Papa
Bondye. Jezi, antan ke gran frè nou, li revele nou li se chemen an, verite a,
ak lavi a. An nou swiv modèl obeyisans li ak senplisite li, pou nou ka fè Papa
nou plezi. Konsa yon jou kote Gran Frè nou ye a, nou va la tou.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri montre m’ kòman pou m’
fè volonte Papa, pou m’ ka sanble ti frè ou tout bon vre, ou menm ki te fè
volonte Papa jous nan dènye bout.
PWOPOZISYON: M’ap chèche fè volonte Bondye nan fason m’ap sèvi
frè ak sè mwen ak yon kè mizerikòd.
No hay comentarios:
Publicar un comentario