Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Kòm pwofèt
nan nasyon yo mwen mete ou»
KÒMANSMAN LIV
PWOFÈT JEREMI 1, 1. 4-10
Pawòl Jeremi pitit Elsyas, youn nan prèt yo ki te nan
Anatòt nan peyi Benjamen an.
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di: «Anvan m’ te fòme
ou nan vant, mwen te konnen ou; anvan ou te sòti nan vant, mwen te fè ou sen,
mwen te vwe ou kòm pwofèt pou nasyon yo».
Mwen di: «A, a, a, Granmèt Bondye! gade mwen pa konnen
pale, se yon ti moun mwen ye».
Granmèt la di m’: «Pa di «mwen se ti moun»; men kot
tout sa m’ voye ou, se pou ou ale, se pou ou pale tout sa m’ap kòmande ou. Pa
pè devan fas yo, paske mwen avèk ou, pou m’ delivre ou», deklarasyon Granmèt
la.
Granmèt la voye men l’, li touche bouch mwen, Granmèt
la di m’: «Mwen mete pawòl mwen yo nan bouch ou; mwen mete ou jodi a sou nasyon
yo ak sou rèy yo, pou ou rache, pou ou detwi, pou ou chase, pou ou gaye, pou ou
bati, pou ou plante».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
70, 1-2. 3-4a. 5-6ab. 15ab e 17
R/ Bouch mwen ap anonse delivrans ou a, Granmèt.
Se nan ou,
Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan.
Nan jistis ou
a delivre m’, sove m’; panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se pou ou
sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay defans, pou ou sove m’, paske fòs mwen ak
kachèt mwen se ou menm.
Bondye mwen,
wete m’ nan men moun peche a.R.
Paske se ou
menm ki esperans mwen, Granmèt; Granmèt, espwa m’ depi m’ tou jèn.
Se sou ou
mwen apuiye depi m’ nan vant, depi nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R.
Bouch mwen ap
anonse jistis ou, tout lajounen delivrans ou a, pou m’ ta koute l’, mwen pa
kapab.
Bondye, ou
ban m’ lansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
«Li bay fwi san fwa plis»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 13, 1-9
Jou sa a,
Jezi sòti nan lakay la, li chita bò lanmè a. Foul yo rasanble kote l’, si
tèlman li blije monte nan yon batiman pou l’ chita; tout foul la te kanpe sou
bò lanmè a. Li t’ap pale avèk yo anpil nan parabòl, li t’ap di:
«Sila a k’ap simen an sòti pou l’ simen. Pandan l’ap
simen an, gen kèk grenn ki tonbe sou bò wout la, zwazo syèl yo rive, yo manje
yo. Dòt menm tonbe nan teren wòch, kote pa t’ gen anpil tè; menm lè a, yo
pouse, paske yo pa t’ gen tè ki fon; lè solèy la leve, chalè l’ boule yo, epi
kòm yo pa t’ gen rasin, yo seche. Dòt menm tonbe nan pikan, yo grandi avèk
pikan yo, ki toufe yo. Dòt ankò tonbe nan bon tè; yo bay fwi, yon pòsyon san
fwa plis, yon lòt swasant fwa plis, yon lòt trant fwa plis. Moun ki gen zòrèy, pou l’ koute, se pou l’ koute».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Granmèt la wè
pi lwen pase nou, paske se li menm ki te kreye nou. Se sa menm istwa vokasyon
pwofèt Jeremi an montre nou. Bondye gade pwofèt la, li di li yon pawòl: «Anvan m’ te fòme
ou nan vant, mwen te konnen ou; anvan ou te sòti nan vant, mwen te fè ou sen,
mwen te vwe ou kòm pwofèt pou nasyon yo».
Jeremi etone, devan kokenn chenn deklarasyon sa a, epi
li di Granmèt la:
«A, a, a, Granmèt
Bondye! gade mwen pa konnen pale, se yon ti moun mwen ye».
Granmèt la reponn Jeremi: «Pa di «mwen se ti moun»; men
kot tout sa m’ voye ou, se pou ou ale, se pou ou pale tout sa m’ap kòmande ou.
Pa pè devan fas yo, paske mwen avèk ou, pou m’ delivre ou».
Aprè sa Granmèt la voye Jeremi nan misyon ak pawòl sa
yo: «Mwen mete pawòl mwen yo nan bouch
ou; mwen mete ou jodi a sou nasyon yo ak sou rèy yo, pou ou rache, pou ou
detwi, pou ou chase, pou ou gaye, pou ou bati, pou ou plante».
Nou menm tou, nou fè eksperyans anpil fwa ki sanble ak
Eksperyans Jeremi an; lè nou pa vle reponn apèl Bondye nan lavi nou, nou toujou
jwenn anpil pretèks pou nou prezante li. An nou gade nan ki fason Bondye ap
rele nou jodi a epitou an eseye dekouvri pretèks nou yo ki fè nou pa vle reponn
apèl li. Ki misyon Bondye konfye mwen jodi a?
Atravè moso Levanjil Matye a, Jezi ap di nou nou pa
bezwen antre nan jaden Granmèt la, nou pa dwe pè simen semans levanjil, paske
li ka tonbe nan bon tè. Li ka bay bon randman.
Nan sans sa a, li enpòtan pou nou wè nou menm ki kalite
tè nou ye, nan ki mezi nou akeyi pawòl Bondye a nan lavi nou pou nou kite li
donnen fui renmen, lapè, kè kontan, kè poze, solidarite, fratènite?
Se kalite fwi sa yo Bondye ap tann nan men nou. An nou
di li mèsi pou pawòl li a ki toujou pote konsolasyon ak lapè pou nou, pawòl sa
ki se yon lanp k’ap klere fènwa tout enkyetid nou yo, pawòl ki ba nou asirans
ak sekirite. Se pou nou akeyi pawòl la ak anpil lajwa nan kè nou, se pou nou
kite li transfòme nou pou nou ka ranpli misyon nou kòm pè, wa ak pwofèt, menm
jan ak pwofèt Jeremi.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede nou dekouvri apèl w’ap
fè nan lavi nou jodi a, pou nou tounen mesaje Bòn Nouvèl la, pou nou travay nan
jaden Legliz ou a, antan n’ap temwaye ou vivan nan fason nou pale ak nan jan
nou aji. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Dekouvri apèl
Bondye nan lavi mwen, dekouvri vokasyon mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario