Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo abandone
m’, mwen menm sous dlo lavi a, yo fouye pui ki pèdi dlo».
LEKTI LIV
PWOFÈT JEREMI 2,1-3. 78. 12-1.3
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di:
«Ale, rele byen fò nan zòrèy Jerizalèm, w’a di: «Men
pawòl Granmèt la: Mwen sonje ou, mwen sansib pou lè ou te jèn nan, pou renmen
ou te genyen lè ou te fèk marye a, lè ou t’ap suiv mwen nan dezè a, nan tè ki
pa gen semans la. Izrayèl te sen pou Granmèt la, premye nan fwi l’ yo; tout
moun ki te devore l’, yo te peye sa; malè te rive yo», deklarasyon Granmèt la.
«Mwen te fè nou antre nan tè Kamèl la, pou nou te manje
fwi l’ avèk richès li: lè nou antre, nou vin sal tè m’ nan, nou fè eritaj mwen
an vin tounen yon rayisans. Prèt yo pa t’ di: «Kote Granmèt la?» moun yo ki
gadyen lalwa a pa t’ rekonèt mwen, gadyen yo fè peche kont mwen, pwofèt yo
preche pou Baal, yo suiv zidòl yo».
«Se pou nou sezi, poutèt sa, syèl yo, ni pòt li yo, se
pou nou chagren anpil», deklarasyon Granmèt la: «Sèke gen de bagay ki mal, pèp
mwen an fè: yo abandone m’, mwen menm sous dlo lavi a, yo fouye pui pou yo, pui
ki pèdi dlo, ki pa kapab kenbe dlo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
35, 6-7a. 8-9. 10-11
R/ Kote ou, Granmèt, se sous lavi a.
Granmèt, kè sansib ou nan syèl la, verite ou jous nan
nyaj yo;
jistis ou tankou mòn Bondye yo, jijman ou yo se anpil
bafon.R.
Ala valè kè sansib ou a genyen, Bondye!
Pitit moun yo ap espere anba pwoteksyon zèl ou yo; y’ap
plen ak richès kay ou, nan larivyè plezi ou, w’ap fè yo bwè.R.
Paske kote ou se sous lavi, nan limyè ou nou wè
limyè.Lonje kè sansib ou pou moun ki konnen ou yo, ak jistis ou a pou sila yo
ki gen kè yo dwat yo.R.
LEVANJIL
«Yo fè nou
favè pou nou konnen mèvèy syèl la, men sila yo menm yo pa ba yo favè»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 10-17
Lè sa a: disip yo pwoche, yo di Jezi:
«Pouki sa se an parabòl w’ap pale avèk yo a?»
Li reponn, li di yo: «Paske nou menm yo fè nou favè pou
nou konnen mèvèy rèy syèl yo, men sila yo menm yo pa fè yo favè sa a. Moun ki
genyen, y’ap ba li, l’ap gen plis; men moun ki pa genyen, menm sa l’ genyen an,
y’ap wete l’ nan men l’. Se pousa se an parabòl m’ap pale avèk yo, paske yo
gade san yo pa wè, yo koute san yo pa tande, ni yo pa konprann. Deklarasyon
Izayi te fè kòm pwofèt la reyalize, lè l’ di:
«Nou mèt koute byen koute, nou p’ap konprann; nou mèt
gade byen gade, nou p’ap wè. Kè pèp sa a lou: zòrèy yo tande di, je yo fèmen;
pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande ak zòrèy yo, pou yo pa konprann ak kè
yo, pou yo pa chanje konduit, epi pou m’ pa geri yo».
Kanta nou menm menm, se chans pou je nou, paske yo wè;
epi zòrèy nou, paske yo tande.
An verite mwen di nou, anpil pwofèt ak moun kòrèk te
anvi wè sa nou wè yo, men yo pa t’ wè yo; yo te anvi tande sa n’ap tande yo,
men yo pa t’ tande yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye nou an,
se yon Bondye Alyans. Alyans li fè ak nou, se yon alyans renmen ki chita sou
konfyans; se yon alyans ki defini nou kòm pèp li epi li menm kòm Bondye nou.
Men anpil fwa, menm jan ak pèp Izrayèl la nan Ansyen
Kontra a, ki te bliye se Bondye ki te kase chenn esklavaj li yo, nou bliye sa
Bondye te fè pou nou nan dezè lavi nou, nou bliye nan ki sitiyasyon li te
retire nou. Nou pito vire do ba li pou n’al sèvi zidòl mond la prezante nou,
nou pito obeyi move dezi nou yo olye nou tande vwa Bondye.
Poutan, lè nou abandone Bondye, sa lakòz li tris, se
pa paske li santi li pou kont li, men se paske li wè l’ap pèdi nou, li pran
lapèn. Paske li se yon Bon Papa ki pa ta renmen
youn nan pitit li yo pèdi anba grif lènmi an. Bondye renmen lè nou bò
kote li, se sa ki fè li plezi, se sa ki fè kè li kontan.
Bondye se tankou yon manman poul ki fèk kale e ki
kache tout pitit li anba zèl li. Menm si anpil fwa nou chape, nou vire do ba
li, li menm li pa janm abandone nou.
Kisa
ki zidòl nan lavi nou? Kisa ki zidòl nan lavi mwen? Petèt se lajan, plezi, bèl
kay, bèl machin…
Jodi
a Jezi ap raple nou tout bagay sa yo, se bagay ki fè nou esklav. Yo fè nou pa
ka wè grandè Bondye, yo fè nou avèg devan siy tan yo, yo fè nou pa ka enteryorize
pawòl Bondye. Li enpòtan pou nou chache puize nan sous lavi a. Sous la, se
Jezikri. Se li menm ki di: Mwen se Chemen an, Verite ak Lavi.
An
nou chèche puize nan sous padon an, nan sakreman penitans la; puize nan sous
lagras Bondye nan sakreman yo, puize nan sous lavi Jezikri nan Lekaristi a. Se
konsa n’a chante chak jou nan lavi nou menm refren nou jwenn nan sòm 35 la: «Kote ou,
Granmèt, se sous lavi a.»
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki sous lavi a, tanpri fè m’ toujou swaf ou.
PWOPOZISYON: M’ap idantifye zidòl mwen sèvi pou mwen ka
divòse avèk li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario