Páginas

VANDREDI 22

Koulè Vèt
MARI-MADLÈN KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“M’ap ba nou gadyen daprè kè m’; y’ap rasanble tout nasyon yo Jerizalèm”.
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 3, 14-17
“Tounen, pitit rebèl yo, deklarasyon Granmèt la, paske se mwen menm ki mèt nou; m’ap pran nou, youn nan chak vil, de nan chak fanmi, m’ap fè nou antre nan Siyon; m’ap ba nou gadyen daprè kè m’, y’ap swen nou avèk syans avèk lansèyman.
Lè n’ap vin devlope, lè n’ap grandi sou tè a jou sa yo, deklarasyon Granmèt la, yo p’ap di ankò : ‘Kote Ach kontra Granmèt la”? Sa p’ap monte sou kè nou, yo p’ap sonje 1’, yo p’ap vizite 1’, sa p’ap fèt ankò.
Lè sa a y’ap rele Jerizalèm ‘Fotèy Granmèt la’, tout nasyon ap rasanble vin jwenn li о non Granmèt la nan Jerizalèm; yo p’ap mache ap swiv mechanste kè yo ki move anpil la”.
SÒM REPONS Jer. 31, 10. 11-12ab. 13
R/ Granmèt la ap pwoteje nou, tankou yon gadyen fè pou bann mouton 1’.
Koute pawòl Granmèt la, nasyon yo, anonse 1’ nan zile yo, ki lwen yo, di :“Sila a ki te gade Izrayèl la, l’ap rasanble 1’, l’ap pwoteje 1’, tankou yon gadyen fè pou bann mouton l’.R.
Granmèt la ap delivre Jakòb, l’ap delivre 1’ sot nan men sa k’ pi fèb la.
Y’ap vini, y’ap fè lwanj nan mòn Siyon an, y’ap rive nan byen Granmèt la. R.
Lè sa a vyèj la ap kontan nan dans, jèn jan yo ak vye granmoun yo tou; m’ap konsole yo, m’ap fè yo kontan pou yo bliye doulè yo”. R.
LEVANJIL
“Moun ki koute pawòl la, ki konprann li, li donnen fui”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 18-23
Lè sa a : Jezi di patizan 1’ yo :
“Nou menm, koute parabòl moun k’ap simen an. Tout moun ki koute pawòl wayòm nan, epi ki pa mete 1’ nan kè 1’ pou 1’ konprann li, move a rive, li pran sa yo te simen nan kè 1’ la. Sila a se sa k’ simen sou bò chemen an.
Sa k’ simen sou tèren wòch la menm, se sa k’ tande pawòl la, menm lè a li resevwa 1’ avèk kè kontan; sèlman li pa gen rasin, se pou yon tan li sou sa: lè vin gen tray ak pèsekisyon poutèt pawòl la, menm lè a li bite.
Sila a menm ki simen nan pikan yo, se sa k’ tande pawòl la, sèlman tèt chaje syèk tan sa a avèk atirans richès yo toufe pawòl la, li rete san fui.
Sila a ki simen nan bon tè a, se sa k’ tande pawòl la, ki mete 1’ nan kè 1’ pou 1’ chèche konprann li: li donnen fui, li fè yon pòsyon san fwa plis, yon lòt swasant, yon lòt menm trant”.
REFLEKSYON : “Nou menm, koute parabòl moun k’ap simen an».
Jodi a, nou kontanple Bondye tankou moun k’ap simen an, tankou yon kiltivatè ki plen jenewozite nan kè li. Li pa t’ janm montre li te gen lanbisyon lè l’ap sove moun nan,  paske li bay tout bagay nan pwòp Pitit li Jezikri, Li menm, tankou grenn ki tonbe nan tè a (li mouri, e yo antere li), li vin tounen lavi ak rezireksyon gras ak leve byen vivan li a.
Bondye se yon kiltivatè ki gen pasyans. Tan an se nan men Papa li ye, paske Li menm sèl konnen jou a ak lè rekòt la (Mak 13, 32). Bondye pran pasyans. Nou menm tou nou dwe pran pasyans, antan nou mete revèy lavi nou sou lè, antan n’ap tann akonplisman pwojè Bondye genyen pou nou. Sen Jak di nou: «Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an» (Jak 5,7).
Bondye tann rekòt la e li fè jaden an donnen ak gras li a. Nou menm, nou pa kapab rete ap dòmi non plis, paske nou dwe kolabore antan n’ap rekonèt se Bondye ki aktè prensipal la, se Li menm k’ap transfòme tout bagay ak gras li.
Kilti Bondye ki pran rasin ki e ki pouse sou tè a, se yon bagay byen vizib nan jan li manifeste; nou ka wè li nan mirak ki fèt nan lavi nou, e nou ka dekouvri kèk ekzanp sentete nan lavi a. Gen anpil moun ki swaf tante pawòl Bondye a, aprè yo fin tande tout pawòl ak bwi nan mond sa a, yo swaf yon pawòl ki pote lavi, yon pawòl ki kapab soulaje yo. Gen anpil kretyen ki viv lafwa yo nan Jezikri ak nan Legliz la avèk menm chalè Levanjil la depi nan kòmansman, paske pawòl Bondye a jwenn bon tè nan lavi yo e li pote fwi; nou menm, nou dwe kenbe moral nou wo pou nou gade avni an ak je lafwa nou.
Frè ak sè mwen yo, pou nou rive rekòlte bon fui, sa pa depann de estrateji nou genyen kòm moun ni sa pa depann de piblisite n’ap fè, men se inisyativ Bondye ki plen mizerikòd la ak Lespri Sen li an ki kapab transfòme lavi nou, pou fè nou pote bon jan fui lanmou ak kè kontan bay lòt yo.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri fè semans pawòl ou a donnen nan lavi nou.
Bondye, se Mari-Madlèn, anvan tout moun, Sèl Pitit ou a te konfye nouvèl kè kontan pak la; tanpri, gras a priyè l’avèk ekzanp li, fè nou preche Jezikri vivan, epi fè nou wè l’ kòm wa nan glwa ou la. Li menm ki vivan.

PWOPOZISYON: Bondye mande mwen pote fui lapè ak kè kontan nan lavi lòt yo, nan lavi sila k’ap viv bò kote mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario