Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Èske se pa twou ròch asasen
kay la vin
tounen, kote yo rele non’m nan?”
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 7, 1-11
Pawòl ki rive kot Jeremi sot nan
Granmèt la, ki di : “Kanpe nan pòt kay Granmèt la, preche pawòl sa a nan pòt
la, wa di : ‘Koute pawòl Granmèt la, tout moun Jida, k’ap antre nan pòt sa yo
pou nou adore Granmèt la’
Men pawòl Granmèt lame yo, Bondye
Izrayèl la : “Fè rout nou yo ak kalkil nou yo vin bon, ma abite avèk nou nan
kote sa a. Pa mete konfyans nan pawòl
manti, antan n’ap di: ‘Kay sakre Granmèt la, kay sakre Granmèt la, kay sakre
Granmèt la ki la !’
Sèke si nou dirije rout nou yo ak
kalkil nou yo byen, si nou fè jijman ant moun nan avèk prochen’1, si nou pa fè
move depozisyon sou etranje a ak vèv la, si nou pa vide san inosan nan kote sa
a, si nou pa mache dèyè dye etranje yo, pou malè pa rive nou, m’ap abite avèk
nou nan kote sa a, nan tè a mwen te bay zansèt nou yo depi tout tan e pou tout
tan an.
Men nou mete konfyans nou nan
pawòl manti, ki p’ap sèvi anyen pou nou. Vòlè, touye, fè adiltè, fè sèman pou
bay manti, ofri sakrifis bay Ba al yo, ale dèyè dye etranje yo nou p’at konnen yo; epi nou vini, nou kanpe
devan’m nan kay sa a, kote n’ap rele non’m nan, n’ap di : ‘Nou delivre, paske
nou fi’n fè tout bagay sa yo ki lèd yo’.
Èske se twou ròch asasen kay sa a
vin tounen, kote yo rele non’m nan je nou yo? Mwen menm, se mwen menm, mwen
wè”, deklarasyon Granmèt la.
SÒM REPONS 83, 3. 4.
5-6a é 8a. 11 (r.: 2)
R/
Ala renmen nou renmen joupa ou yo,
Granmèt lame yo !
Nam
mwen anvi, l’ap deperi pou kay ou
Granmèt la.
Kè’m ak
chè’m ap danse pou Bondye vivan an. R.
Menm ti zwazo jwenn yon kay pou li, toutrèl la jwenn yon nich, kote li depoze ti
pitit li yo : lotèl ou yo, Granmèt lame yo, wa’m ak Bondye’m. R.
Se
chans pou moun ki abite nan kay wa, pou tout tan y’ap fè lwanj ou.
Se
chans pou moun ki jwenn sekou’1 nan ou.
Y’ap mache sot nan mèvèy al nan mèvèy.
R.
Sèke yon jou nan lakay ou yo pi bon pase mil, mwen chwazi ret sou pa
pòt nan kay Bondye’m nan, pase pou’m abite nan joupa moun peche yo. R.
LEVANJIL
“Kite tou lè de grandi jous nan
rekòlt la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 24-30)
Lè sa a :
Jezi prezante yon
lòt parabòl bay foul yo, li di :
“Wayòm syèl la sanble ak yon moun
k’ap simen bon semans nan jaden 1’. Pandan
moun yo ap dòmi, lènmi 1’ rive, li simen chendan nan
mitan ble a, epi li pati.
Kou plant la grandi, li bay
foul, se lè sa a zèb la parèt. Sèvitè fanmi an pwoche,
yo di 1’ : ‘Mèt, èske se pa bon semans ou te simen nan jaden ou an? Kòman fè li
gen zèb?’ Li di yo : ‘Se lènmi an ki fè sa’. Sèvitè yo di1’ : ‘Èske ou vle n’al
rache1’?’
Li di : ‘Non, pou si nou rache
chendan an, nou pa rache ble a tou avèk yo. Kite yo toulède pouse jous nan
rekòlt la, nan tan rekòlt la, m’’a di moun k’ap rekòlte yo : Ranmase chendan an
anvan, mare1’ nan pakèt, pou yo boule 1’; kanta pou ble a menm, ranmase 1’ nan
magazin’m’ ”.
REFLEKSYON: «Kite
yo toulède pouse jous nan rekòlt la»
Parabòl jodi a kapab ede nou
reflechi sou lavi nan kominote, kote byen an ak mal la, Levanjil la ak peche a,
toujou melanje. Sa nou panse ki ta pi bon, se sa fini
ak sitiyasyon sa, tankou sèvitè yo kwè sa:« Èske ou vle n’al rache1’?» (Mt
13,28). Men Bondye si tèlman gen pasyans, li rete tann jous nan dènye moman
posiblite yon chanjman, paske li se Bon Papa : «Kite yo toulède pouse jous
nan rekòlt la» (Mt 13,30).
Se yon reyalize ki
pa twò klè, men se la Wayòm nan ye. Bondye envite nou dekouvri siy Wayòm li an
pou nou kapab ranfòse li. Menm sib yen ak mal la ansanm, sa pa dwe anpeche nou avanse
sou chemen lavi espirityèl la. Nou pa kapab
grandi yon lòt fason, ni nou pa kapab rive nan Wayòm nan si se pa nan sosyete
n’ap viv la. Travay nou se fè Wayòm Bondye a grandi.
Levanjil la ankouraje nou wè pi lwen ke
tandans nou genyen pou nou rejte lòt yo, antan n’ap fè jefò pou nou vin pi bon
chak jou.
Nou pa dwe panse nou
pi bon ke lòt yo, nou deja rive epi yo menm yo dèyè toujou. Jezi li menm, li konstate nou se moun ki sou chemen
an, nou gen anpil wout pou nou fè toujou, nou dwe vanse pi devan.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi paske ou ba nou yon dènye
chans, ou pran pasyans ak nou. Lè nou tonbe ou ede nou leve. Ou fè nou kwè nou
ka rive pi lwen.
PWOPOZISYON : M’ap
pran pasyans ak lòt la, m’ap sipòte defo li ak pasyans menm jan Bondye Granmèt
la pran pasyans ak mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario