Koulè Vèt
DISETYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Pa fache,
Granmèt, si m’ pale”.
NAN LIV LAJENÈZ 18, 20-32
Jou sa yo:
Granmèt la di: “Rèl moun Sodòm ak Gomò yo vin anpil,
peche yo a lou anpil. M’ap desann pou m’ wè si rèl la ki rive kote m’ nan, se
yo menm ki reyalize l’ avèk aksyon yo, wi ou non, fò m’ konnen”.
De mesaje yo vire, yo pati sot la, y’al Sodòm. Abraam
te kanpe toujou devan Granmèt la. Li pwoche, li
di: “Èske w’ap detwi moun kòrèk la avèk mechan an? Si ta gen senkant moun kòrèk
nan lavil la, èske tout moun t’ap peri? Èske ou p’ap menaje kote sa a poutèt
senkant moun kòrèk yo, si ta genyen yo ladan l’? Wete sa nan lide ou, pou ou fè
bagay sa a, pou ou touye moun kòrèk la avèk mechan an, pou ou trete moun kòrèk
la tankou mechan an. Sa pa sanble ou: ou menm k’ap jije tout tè a, ou pa dwe fè
jijman sa a ditou”.
Granmèt la di
l’: “Si m’ jwenn senkant moun kòrèk nan mitan vil Sodòm nan, m’ap kite tout
kote a poutèt yo”.
Abraam pran
lapawòl, li di: “Kòm mwen kòmanse yon fwa, m’ap pale ak Granmèt mwen, malgre
mwen se pousyè ak sann. Ki sa w’ap fè, si manke senk moun pou fè senkant moun
kòrèk yo? Èske w’ap detwi tout vil la poutèt karant senk?” Li di: “Mwen p’ap detwi l’, si m’ jwenn karant
senk ladan li”. Abraam pale ankò ak Granmèt la: “Men si se karant ou
jwenn ladan l’, ki sa w’ap fè?” Li di: “Mwen p’ap frape l’ poutèt karant
yo”. Abraam di: “Tanpri, pa fache,
Granmèt, si m’ pale. Kisa w’ap fè, si se trant ou jwenn ladan l’?” Li reponn: “Mwen p’ap fè sa m’ te deside a,
si m’ jwenn trant ladan l’”. Li di: “Kòm
yon fwa, mwen kòmanse, m’ap pale ak Granmèt mwen. Kisa w’ap fè, si ou jwenn
ven?” Li di: “Mwen p’ap touye yo poutèt
ven yo”. Abraam di: “Tanpri, pa fache,
Granmèt, si m’ pale ankò yon fwa. Ki sa w’ap fè, si ou jwenn dis ladan l’?” Li
di: “Mwen p’ap detwi l’ poutèt dis yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 137, l-2a. 2bc-3. 6-7ab. 7c-8
R/ Nan nenpòt ki jou mwen rele ou, ou reponn mwen, Granmèt.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen. Devan Mesaje yo
m’ap chante pou ou, m’ap adore ou nan kay sakre w’ la ki sen an.R.
M’ap fè lwanj
pou non ou poutèt kè sansib ou ak verite ou. Nan nenpòt ki jou mwen rele ou, ou
reponn mwen; ou mete anpil fòs nan nanm mwen.R.
Sèke Granmèt
la wo, anlè a, li voye je sou pòv la, li rekonèt grandizè a byen lwen.Si m’ap
mache nan mitan tray, w’ap fè m’ jwenn lavi; w’ap lonje men ou kont lènmi m’
yo.R.
Men dwat ou
ap sove m’. Granmèt la ap fini travay la pou mwen; Granmèt, kè sansib ou pou tout
tan: travay men w’ yo, pa lage l’.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li fè nou
viv avèk li, li padonnen tout fot nou yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 2, 12-14
Frè m’ yo:
Nou antere avèk Jezikri nan batèm nan, se nan li tou
nou leve vivan, gras a lafwa nan travay Bondye a, li menm ki leve l’ sot nan
pami mò yo.
Nou menm, nou te mouri nan peche yo ak chè nou an san
sikonsizyon, li fè nou viv avèk li, li padonnen tout fot nou yo; li detwi
desizyon ki te siyen kont nou an, sou papye a, sa k’ t’ap plede kont nou an: li
pran l’, li kloure l’ nan mitan sou kwa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Mande, y’ap
ban nou”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 1-13
Rive, pandan Jezi te yon kote, li t’ap lapriyè; kon l’
sispann, youn nan disip li yo di l’:
“Granmèt, aprann nou lapriyè, tankou Jan te aprann
disip li yo”. Li di yo: “Lè n’ap
lapriyè, se pou nou di:
“Papa, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se
ou ki wa. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a; padonnen peche nou yo,
tankou nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran
nan pyèj”.
Li di yo: “Kilès nan nou, si l’ gen yon zanmi ki vin
kote l’ nan mitan nannuit, epi ki di l’: “Zanmi, prete m’ twa pen, paske yon
zanmi m’ vin sot nan vwayaj, li rive lakay mwen, mwen pa gen anyen pou m’ ba l’
manje”, si mesye sa a reponn li anndan kay la, li di: “Pa trakase m’; pòt deja
fèmen, ti moun mwen yo avèk mwen nan kabann nan: mwen pa kapab leve pou m’ ba
ou l’. Si lòt la pèsiste ap frape, mwen di nou: “Menm si l’ p’ap leve ba li l’
poutèt se zanmi li, l’ap leve poutèt lòt la san wont, l’ap ba li tout sa l’
bezwen”.
Mwen menm mwen di nou: “Mande, y’ap ba nou; chèche,
n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou. Kilès nan nou, si pitit li mande l’ pen,
pou l’ ba l’ wòch? oubyen si l’ mande pwason: èske nan plas pwason an l’ap ba
l’ yon koulèv? oubyen si l’ mande yon ze, èske l’ap lonje yon skòpyon ba li?
Konsa, si nou menm, malgre nou move, nou konn bay pitit nou bon bagay, nou pa
bezwen mande pou Papa nou ki nan syèl la, l’ap bay moun ki mande l’ yo bon
lespri a!”
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan dyalòg li avèk Abraham nan
premye Lekti a, Bondye montre li se yon Bondye ki atantif, ki vle rantre nan
relasyon ak nou, ki prèt pou l’ bay lèzòm chans pou l’ rive sove. Bondye se
Papa kè sansib nèt ale a, se Sila a ki mande n’ pou n’ fè sa ki dwat la. Menm
si l’ konn padone, li toujou gade fon kè n’ pou l’ dekouvri kapasite moun nan
pou l’ rekonèt fot li.
Nan mond n’ap viv jodi a, youn nan pi gran difikilte
lèzòm genyen, se pran konsyans li se pechè, li bezwen Bondye nan lavi li. Jan
sa te rive Sodòm ak Gomò a, ki t’ap viv nan refize chemen ki dwat la, kote moun
yo te menm pèdi vrè sans lavi yo kòm moun, Bondye, aprè tout sa Moyiz fè pou l’
kalme kòlè l’, finalman li pa t’ rankontre pyès moun ki te regrèt fot yo. Sèke
yo t’ap viv yon libète ki te tounen libètinaj, ki fè yo pèdi bon sans yo; yo te
vin avèg tèlman, ki fè yo te vin awogan, yo te pèdi tout bon manyè ak moralite
yon moun dwe genyen pou viv nan sosyete a.
Jodi a, nou tande gason k’ap reklame dwa pou marye ak
gason parèy yo, anpil fanm vle marye ak fanm parèy yo; nou tande frè k’ap touye
frè yo, pitit k’ap touye papa, nou tande tout menas ak bri lagè, nou tande sa
k’ap mande pou yo rekonèt dwa pou yo wete lavi timoun jan yo vle. Sa fè nou
poze tèt nou anpil kesyon sou istwa Sodòm ak Gomò a. Ki kote sans lavi moun nan
ye? Jis ki kote libète lòm rive? Kisa
k’ pi konsekan nan lavi yon moun. Èske moun nan konnen kote l’ sòti, epi pou
kisa Bondye kreye l’?
Dezyèm lekti
a fè n’ sonje kòman se Jezi ki te vin pran pwòp chatiman k’ te peze sou nou an,
li monte sou kwa a ak li. Lè n’ aksepte mache dèyè l’, depi jou batèm nou, nou
menm tou nou gen pou n’ aprann viv tankou li, viv nan renonsman ak pwòp tèt
nou, mouri nan nou menm, pou n’ ka viv pou Bondye, pou n’ ka viv pou lòt yo,
pou n’ ka lanse n’ san rete nan sèvis lamisyon an.
Jezi, nan Levanjil la, reponn youn nan disip li yo ki
mande l’ montre yo lapriyè. Nan repons li bay la, li vle oryante lapriyè yon
moun k’ap sèvi Bondye. Premyèman, li pale yo osijè respè pou Bondye ki Mèt tout
bagay, nou gen pou n’ chache bay Bondye glwa l’ merite. Dezyèmman li fè n’
konprann se Bondye k’ap pran swen nou, se li k’ ban nou fòs pou travay pou n’
jwenn dekwa nou bezwen pou n’ viv, se li k’ap mete nan men n’ pou n’ede sa k’
pa genyen yo. Twazyèmman, Jezi pale sou nesesite pou mande rekonsilye ak
Bondye. Pi gwo andikap ki ekziste nan lavi yon kretyen, se lè l’ pa rekonèt li
gen bezwen konfese peche l’, epi se lè l’ refize louvri kè l’ pou l’ padone frè
l’ ak sè l’ yo tou. Nan lapriyè pou n’ mande Bondye
padon an, Jezi aprann nou fòk nou sense ak Bondye. Nou mande l’ padone nou menm
jan nou menm tou nou padone lòt yo. Sa vle di, nou resevwa padon nan menm mezi
nou padone lòt yo. Nou pa dwe bliye padon an, se youn nan konsekans renmen an.
Pyès moun pa dwe tounen yon jij pou pwochen li. Katriyèmman, Jezi aprann disip
li yo mande pwoteksyon Bondye. Bondye se lavi, li menm ki kreye n’ pou n’ ka
viv, li vle n’ konsève lavi sa a non sèlman sou tè a, men pou lavi sa debouche
nan lavi k’ p’ap janm fini an.
An nou chèche fè volonte Bondye, chèche viv nan bon jan relasyon ak
pwochen nou, nan padon ak mizerikòd youn pou lòt.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri,
ede n’ chita lavi n’ sou reyalite Pawòl ou yo pou n’ kapab viv nan bon jan
relasyon avèk ou menm ki se Mèt lavi nou, epi pou n’ devlope bon jan relasyon
avèk pwochen nou.
PWOPOZISYON: Ann gade lavi nou kòm disip misyonè Jezikri pa rapò ak sa Jezi te anseye
n’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario