Koulè Wouj
JAK KI SEN, Apot,
Fèt
PREMYE
LEKTI
NAN LIV TRAVAY APOT YO 4,33; 5, 12.
27-33; 12, 2
Wa Ewòd bay lòd pou yo pase Jak anba kout kouto
Se avèk anpil pouvwa
apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò.
Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. Apòt yo t'ap fè
anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba
Galeri Salomon an. Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy
la. Epi granprèt la pran poze yo keksyon. Li di yo: Èske nou pa t' defann nou
pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout
Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo
reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun.Bondye zansèt nou yo te
fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou
kwa a. Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè
l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin
jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo. Nou se temwen tout bagay
sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo. Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo
te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo. Wa Ewòd fè touye Jak, frè
Jan an, ak nepe.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3.5. 7-8
R/Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, Se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou
nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.Pou yo rekonèt
chemen ou yo sou tè a, delivrans ou a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason
kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi
l’; Bondye beni nou, Bondye nou an; se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout
limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Tout tan n’ap pote lanmò Jezi nan kò nou»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KO-
RENTYEN YO 4,
7-15
Frè m’ yo:
Nou gen trezò a nan veso pòslèn, pou glwa a sòti nan
pouvwa Bondye, men pa nan nou. Nan tout okazyon se tray n’ap pase, men nou pa
kraze; nou pa konn kote pou nou vire kò nou, men nou pa dezespere; n’ap sibi
pèsekisyon men nou pa abandonne pou kont nou; yo jete nou atè, men nou pa peri;
tout tan se soufrans lanmò Jezi n’ap pote nan kò nou, pou lavi Jezi a parèt nan
kò nou. Tout tan reyèlman, nou menm ki vivan yo, yo renmèt nou bay pat lanmò
poutèt Jezi, pou lavi Jezi a parèt nan chè nou k’ap mouri a. Konsa lanmò a ap
travay nan nou bò isit epi lavi a nan nou menm lòt bò.
Men nou gen espri lafwa a, jan sa ekri a: «Mwen kwè, se
pousa mwen pale»; nou menm tou nou kwè se poutèt sa n’ap pale, antan nou konnen
sa a ki leve Jezi a, l’ap leve nou avèk Jezi, l’ap mete n’ avèk nou. Tout sa
poutèt nou menm lòt bò a, pou gras la vin an kantite pou anpil moun, pou l’ fè
yo fè anpil konpliman pou glwa Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«N’ap bwè
kalis mwen an»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20, 20-28
Lè sa a:
Manman pitit Zebede yo pwoche ak pitit li yo kot Jezi,
li adore l’, li mande l’ kichòy.
Jezi di l’: «Ki sa ou vle?»
Li menm li di: «Di pou de pitit mwen sa yo chita, youn
adwat ou, lòt la agòch ou, nan rèy ou an».
Jezi reponn, li di: «Nou pa konnen sa n’ap mande a.
Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou m’ bwè a?»
Yo di: «Nou kapab».
Li di yo: «Kalis mwen an, n’ap bwè l’; men chita adwat
mwen oubyen agòch mwen an, se pa mwen menm ki kapab ba nou sa, men se pou moun
yo Papa m’ pare l’ la».
Lè dis lòt yo tande sa, yo fè kòlè kont de frè yo.
Jezi menm rele yo kote l’, li di: «Nou konnen chèf
nasyon yo kòmande sou yo, gran yo fè yo santi pouvwa yo. Sa pa dwe fèt konsa
nan pami nou, men nenpòt ki moun ki vle vin pi gran nan pami nou, se pou l’ vin
sèvitè nou; epi moun ki vle vin premye nan pami nou, se pou l’ esklav nou.
Konsa Pitit moun nan pa t’ vini pou l’ fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi epi pou
l’ renmèt lavi l’ kòm redanmsyon pou tout pakèt moun yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, nan Legliz Katolik, n’ap fete Sen Jak ki sen. Jak se te youn nan douz
mesye ke nou rele apot yo, ki te pase lavi yo ap mache avѐk Jezi epi swiv
ansѐyman li yo. Jak avѐk Jan, se te 2 frѐ ki te kite tout sa yo te genyen pou
yo te swiv Jezi.
Nan okazyon fѐt sa a,
ann gade kisa pawὸl Bondye a pote pou nou. Nan premye moso Labib la, nou wѐ
kὸman apot yo te kontinye ap akonpli mѐvѐy nan mitan pѐp la epitou, temwaye sa
yo te wѐ ak sa yo te tande nan eksperyans yo avѐk Jezi. Yo pa t’ pѐ temwaye
Jezi yo te touye a epi ki te resisite, se sa k’ fѐ yo te adrese yo dirѐkteman
ak doktѐ lalwa yo. Tout bagay sa yo te leve kòlè Gran Konsѐy la, e se
konsa wa Ewòd te bay lὸd pou koupe tѐt Jak avѐk epe.
Nan dezyѐm moso Labib
la, Pὸl, nan lѐt li ekri moun Korent yo, li fѐ yo sonje menm si y’ap soufri, yo
pa dwe dekouraje paske yo pa pou kont yo. Soufrans ak pѐsekisyon y’ap sibi, se
soufrans lanmὸ Jezi y’ap pote nan kὸ yo, pou lavi Jezi a kapab parѐt nan kὸ yo.
Pi devan, nan Levanjil
la, nou wѐ kὸman manman Jak ak Jan t’al mande Jezi yon favѐ pou 2 mesye l’ yo,
pou l’ mete youn agoch li ak lὸt la adwat li nan rèy li an. Mesye yo te bezwen
okipe premye plas men li te difisil pou yo mande Jezi sa, se konsa yo te mare
konplo ak manman yo pou l’ te ka mande Jezi sa pou yo.Yo te plis gen je yo
fikse sou lonѐ, sou laglwa san yo pa sonje soufrans yo ta sipoze pran ansanm ak
Jezi antan ke disip Mѐt la.
Nou menm tou, nou toujou
vle pase pou premye nan tout bagay: nan liy, nan travay, nan kominote nou yo,
nan Legliz, menm nan fanmi nou yo. Nou vle janbe tѐt tout moun pou
nou pase menm lѐ nou voye lὸt moun nan dezyѐm plan. Kὸm kretyen, kote lacharite
nou gen pou lὸt yo ? Kote ansѐyman nou resevwa nan men Jezi ki di nou
premye kapab vin dènye epi dènye kapab vin premye an ? Konsa fὸk nou pa
kite lὸgѐy ak lanvi anvayi nou, pou fè nou pèdi fason nou wѐ lavi Jezi ke nou
vle swiv la. Malgre tout sa nou wѐ Jak te fѐ volonte Bondye, nan swiv ekzanp
Jezi te ba yo, ki fѐ li vin tounen yon gran sen nan Legliz la ke n’ap sonje
jounen jodi a.
LAPRIYÈ : Bondye
Papa, tanpri, fè nou
tounen vrѐ temwen lanmὸ ak leve byen vivan w’ pou yon jou, menm jan ak Jak, nou
rive eritye Wayòm ou an. Amѐn!
PWOPOZISYON: Sѐvi
Jezi temwen nan tout sikonstans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario