Koulè Blan
SEN JWACHEN
AK SENT ÁN,
Papa ak
Manman Mari ki sen, ki Vyèj
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Sonje, Granmèt, pa kase kontra ou la avèk nou»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 14, 17-22
Je m’ ap
koule dlo tout lannuit ak tout lajounen, yo pa dwe sispann, paske doulè vyèj la
pitit pèp mwen an gran anpil, malè a rèd anpil. Si m’ sòti nan jaden yo, men se moun
yo touye ak epe; si m’ antre nan lavil la, men se moun k’ap mouri grangou:
pwofèt la ak prèt la a prale nan yon peyi yo pa t’ konnen.
Èske ou te
rejte Jida lwen ou? oubyen èske nam ou degoute ak Siyon? Pouki sa ou frape nou
an, pou pa gen okenn gerizon? Nou t’ap tann lapè a, men pa gen anyen ki bon;
nou t’ap tann tan gerizon an, men se tray.
Granmèt, nou
rekonèt mechanste nou, fot zansèt nou yo, paske nou fè peche kont ou. Pa fè nou
pran lawont poutèt non ou, pa fè fotèy bèlte ou la sibi afwon; sonje, pa kase
kontra ou la avèk nou.
Èske gen nan
zidòl nasyon yo k’ap fè lapli tonbe, oubyen èske syèl la kapab bay lapli? Èske
se pa ou menm Granmèt Bondye nou an, ou menm n’ap tann nan? Se ou menm ki
fè tout bagay sa yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 78, 8. 9. 11. 13
R/ Poutèt bèlte non ou, Granmèt, delivre nou.
Pa sonje fot
zansèt nou yo, fè vit pran devan nou ak kè sansib ou yo, paske nou vin pòv
anpil.R.
Pote nou
sekou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou; padonnen peche
nou yo poutèt non ou.R.
Se pou l’ antre devan fas ou, rèl prizonye yo; daprè
grandè bra ou kite rès pitit lanmò yo.R.
Nou menm menm, pèp ou a ak mouton pak ou a, n’ap fè
lwanj ou tout tan; pou jenerasyon ak jenerasyon, n’ap anonse lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Menm jan yo
ranmase chendan yo, yo boule yo nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman
syèk tan yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 13, 36- 43
Lè sa a:
Lè Jezi fin ranvwaye foul yo, li rive nan kay la; disip
li yo pwoche kote l’, yo di: «Eksplike nou parabòl chendan yo nan jaden an». Li
reponn, li di yo:
«Moun k’ap simen bon semans la, se Pitit moun nan.
Jaden an, se tè a; bon semans la menm, se pitit rèy nan; chendan an, se pitit
dyab yo; lènmi an menm ki simen yo a, se dyab la; rekòlt la, se finisman syèk
tan yo; moun k’ap rekòlte yo menm, se Mesaje yo.
Men jan yo ranmase chendan, yo boule l’ nan dife a, se
konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo: Pitit moun nan ap voye Mesaje l’ yo,
y’ap ranmase tout moun k’ap fè lòt yo tonbe yo, y’ap wete yo sot nan rèy nan,
ni sila yo k’ap fè peche, y’ap voye yo nan boukan dife a: se la k’ap gen dlo
nan je ak manje dan.Lè sa a atò moun ki kòrèk yo ap klere tankou solèy nan rèy
Papa yo a.Moun ki gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Istwa limanite se yon istwa sakre ki gen
monte-desann ladan l’. Se yon istwa ki konsène de gran pèsonaj: Bondye ak
lèzòm. Depi nan kòmansman kreyasyon an, lèzòm ki te nan bon relasyon ak Bondye
ki te kreye yo a te vin tonbe nan peche lè yo te rive kite dyab la twonpe yo.
Depi lè sa a, moun nan pa t’ ka kanpe pou gen bon jan relasyon ak sila a ki
kreye l’ la, li pa t’ ka gen bon jan relasyon avèk pwòp parèy li.
Nan premye moso labib la nou sot li nan liv Jeremi an, yo montre n’
lapriyè pwofèt la ap fè monte devan Bondye pou manifeste dezespwa yo fas ak yon
seri de evenman ki pote dèy, tribilasyon nan lavi pèp Bondye a. Pwofèt la
konsyan nan dyalòg li ak Bondye; se pwòp peche pèp la ki alabaz malè k’ap frape
li yo.
Lè yon moun vire do bay Pawòl Bondye a, k’ap chache lavi pou tout
moun, moun sa a se pwòp malè pa li l’ap fòje; se pwòp twou l’ l’ap fouye pou l’
tonbe ladan l’. Lèzòm pa ka rive fè anyen ki dwat san limyè pawòl Bondye a, se
Sajès ki anwo nèt la ki oryante li nan sans ki byen an. Pou l’ rive mache nan
chemen ki dwat la, lèzom nan gen bezwen fè Bondye konfyans, li gen bezwen
louvri kè li pou Pawòl Bondye a transfòme li, pou li rive mennen bak lavi li
jan Bondye mande li a. Menm jan pwofèt Jeremi te di a, ann mande Bondye pou l’
gen pitye pou nou, pou l’ pa gade sou peche nou yo, men pou li fè kè l’ sansib
pou nou.
Nan levanjil la nou wè Matye pale n’ de prezans mal la li ki nan mond
lan. Fas ak sa Bondye te simen ki bon, ki bèl pou byennèt
tout moun, gen Satan, malen an, mechan an, ki vin simen move zèb pou detounen
plan Bondye pou limanite. Apot la fè n’ konnen se Bondye k’ap gen dènye mo a,
li menm ki gen pou l’ vin jije tout bagay, pou l’ vin bay tout moun daprè sa yo
merite.
Pawòl levanjil la mande nou viv nan lesperans, nan konfyans nan
prezans Bondye ki toujou la nan mitan nou pou veye sou nou, pou pran swen nou. Menm
lè sitiyasyon lavi a parèt difisil, menm lè anpil byen nou fè ta vle tounen mal
pou nou, nou dwe kontinye travay pou byen an ka triyonfe nèt ale sou fas tè a.
Nou dwe kontinye ranpli devwa nou kòm kretyen jan Granmèt la mande
nou, paske nou konnen rekonpans nou se nan men Bondye li ye. Moun k’ap fè mal
yo se kolaboratè dyab la yo ye, men Bondye voye n’ pote bòn nouvèl la pou n’ ataque
pouvwa dyab la nan mond lan. Nan sa n’ap chache fè ki byen, ki bèl, pou tout
moun, se ede n’ap ede rèy Bondye a rive pi vit nan mitan nou. Kòm kretyen nou
se bon semans Granmèt la mete nan mond lan pou n’ kapab bay bon jan fwi, pou n’
kapab donnen an kantite fwi jistis, fwi kè poze, fwi respè youn pou lòt, fwi
tèt ansanm, fwi egalite fanm ak gason, fwi pwoteksyon anviwonman an, fwi ede
moun viv nan diyite pitit Bondye a. Kòm nou dwe ede lemond dekouvri prezans
Jezi ki nan mitan nou byen vivan, jan li menm li te di sa «m’ap toujou avèk nou
joustan sa kaba» (Mt 28, 20 b)
LAPRIYÈ: Granmèt, Bondye papa nou yo,
ou menm ki te fè Jwachen avèk Án ki sen gras sa a pou Manman Pitit ou a ki pran
chè a te fèt nan yo, tanpri, gras a priyè yo toulede, fè nou jwenn sove a ou te
pwomèt pèp ou a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Imite Án ak Jwachen nan fason yo te fè volonte Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario