Páginas

MÈKREDI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Pouki sa soufrans mwen an ap dire tout tan an? Si ou tounen, w’a kanpe devan fas mwen»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 15, 10. 16-21
Madichon pou mwen! Manman m’, pouki ou anfante m’ kòm yon moun batay, yon moun k’ap chèche kont sou tout tè a? Mwen pa mande prete, pèsòn pa mande m’ prete; tout moun ap madichonnen m’. Mwen jwenn pawòl ou yo, mwen manje yo, pawòl ou yo vin tounen kè kontan pou mwen ak kontantman nan kè m’, paske yo rele non ou sou mwen, Granmèt Bondye lame yo.
Mwen pa chita nan reyinyon moun k’ap jwe, mwen jwenn bèlte m’ devan men ou; mwen konn chita pou kont mwen, paske ou plen m’ ak menas. Pouki soufrans mwen an vin ap dire tout tan an, kote m’ blese a pa gen remèd, li pa kapab geri? Li vin tounen pou mwen tankou fent mas dlo ki chanje wout.
Poutèt sa, men pawòl Granmèt la: «Si ou tounen, m’ap fè ou tounen, w’ap kanpe devan fas mwen; si ou separe sa k’ gen valè ak sa k’ pa vo anyen, w’ap tankou bouch mwen: yo menm y’ap vire vin jwenn ou, ou menm ou p’ap tounen kote yo. M’ap fè ou vin tankou yon miray fè devan pèp sa a, yon miray ki fò; y’ap batay kont ou, yo p’ap ranpòte laviktwa, paske m’ap avèk ou pou m’ sove ou, pou m’ delivre ou, deklarasyon Granmèt la. M’ap delivre ou sot nan men sa k’ pi mechan yo, m’ap sove ou sot nan men sa k’ gen fòs yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 58, 2-3. 4-5a. 10-11. 17. 18
R/ Bondye se kachèt mwen nan jou tray mwen an.
Delivre m’ sot nan men lènmi m’ yo, Bondye mwen, anba men sila yo ki leve kont mwen yo, pwoteje m’.
Delivre m’ sot nan men sila yo k’ap fè mechanste yo, anba men moun sanginè yo, sove m’.R.
Sèke men yo fè konplo kont lavi m’, yo fonse sou mwen avèk fòs.
Pa gen fot, ni peche nan mwen, Granmèt.R.
Fòs mwen, se ou menm m’ap tann; paske, Bondye, se pwoteksyon m’ ou ye.
Bondye mwen, se pou kè sansib li pran devan m’. Bondye ap fè pou m’ meprize lènmi m’ yo.R.
Mwen menm m’ap chante fòs ou, m’ap danse granmaten poutèt kè sansib ou, paske ou vin tounen pwoteksyon m’ ak kachèt mwen nan jou tray mwen an.R.
Fòs mwen, m’ap chante pou ou, paske, Bondye, se pwoteksyon m’ ou ye: Bondye mwen, kè sansib mwen.R.
LEVANJIL
«Li vann tout sa l’ genyen, li achte jaden sa a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 44-45
Lè sa a: Jezi di foul yo:
«Rèy syèl la sanble ak yon trezò ki kache nan yon jaden; moun ki jwenn li a, li kache l’, li tèlman kontan, l’ale, li vann tout sa l’ genyen, li achte jaden an.
Konsa tou rèy syèl la sanble ak yon komèsan k’ap chèche bon bijou; lè l’ jwenn yon bijou ki gen anpil valè, li vann tout sa l’ genyen, li achte l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pwofèt Jeremi, menm jan ak tout lòt pwofèt yo, se vwa Bondye k’ap pale ak pèp li a; nou vle raple wòl yon pwofèt se: premyèman anonse pawòl Bondye a; dezyèmman denonse tout mal nan mitan pèp la, tout vis ki nan sosyete a.
Bondye, depi nan kòmansman, te fè Abraam pwomès l’ap vin papa yon gran pèp. Aprè sa, Bondye atravè Moyiz te fè yon alyans avèk pèp la, li te ba li pwòp lwa pa li pou l’ rive konnen volonte li, dekwa pou l’ vin tounen vrè pèp li a. Anpil fwa pèp la vire do bay Bondye, li tonbe anba dominasyon lòt nasyon yo. Pwofèt la gen misyon raple pèp la pawòl Bondye a pou l’ ka konvèti, pou l’ ka rankontre pwoteksyon ak favè Granmèt la.
Pwofèt Jeremi te twouve nan sitiyasyon difisil pou anonse pawòl Granmèt la, menm lè li pale de malè ki pandye sou tèt pèp la. Anpil fwa pèp la pa vle koute pwofèt la, anpil fwa li ba li reskonsab pwoblèm, tribilasyon, pèsekisyon ak malè ki tonbe sou yo. Se konsa pwofèt Jeremi te santi l’ devan yon pèp ki vle tounen pwòp jij li, yon pèp k’ap pèsekite li, yon pèp ki vle kondane li.
Pwofèt la tonbe ap plenyen nan pye Bondye, li panike, li sispann pote mesaj Bondye a. Nan lapriyè l’ap fè Bondye, sila a envite l’ retounen anonse Pawòl la san plenyen paske se li menm ki se pwoteksyon li, defansè li, sovè li. Anpil fwa nou bliye misyon n’ap akonpli yo, malgre yo difisil, se Mèt la k’ap reyalize li nan nou.
Anpil fwa nou vle tonbe nan konfizyon akoz difikilte nou kontre yo pou n’ ta revòlte kont Granmèt la. Pawòl Granmèt la envite n’ aji nan imilite, nan konfyans ak abandon dekwa pou Granmèt la li menm pran defans nou, pote limyè pou nou.
Nan levanjil la, Jezi konpare Wayòm Bondye a ak yon trezò ki kache nan yon jaden epi ak yon bijou gran valè yon komèsan jwenn nan yon magazen. Sila k’ jwenn bijou a, li sere l’ jiskaske l’ rive achte teren ki genyen l’ nan. Komèsan an menm ale vann tout sa l’ genyen pou l’ rive achte bijou gran valè sa a.
Nan toulede ekzanp sa yo, nou kapab konprann travay pou wayòm Bondye a mande anpil sakrifis, anpil devouman, anpil renmen. Kòm kretyen nou resevwa Lespri Sen an, pi gran trezò a ki byen kache nan zantray nou pou n’ rive tounen moun k’ap travay pou Wayòm nan. Nou dwe valorize kado sa a, nou dwe konsyan de prezans Bondye nan lavi nou gras a Lespri li ki abite n’ kòm kretyen batize; nou dwe dekouvri gran favè Granmèt la fè n’ nan rele li rele nou pou n’ vin tounen limyè ak sèl pou tè a, pou n’ vin tounen kolaboratè li nan gran travay liberasyon limanite a. Pawòl Bondye a, se yon trezò nan lavi nou kòm kretyen.
Sakrifis nou gen pou n’ fè, se bliye tèt nou, se mete n’ osèvis pawòl sa a pou n’ konprann li nan tout pwofondè l’, pou n’ viv li epi kite l’ transfòme lavi nou, epi konsa pou n’ transmèt li bay lòt yo pou transfòmasyon kè yo, fanmi yo, kominiote nou yo, sosyete nou yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede n’ konprann tout mèvèy ou mete devan nou nan kreyasyon an, tout trezò ou pataje avèk nou yo, fanmi nou, zanmi nou, travay nou, lanati. Aprann nou konnen kòman pou n’ sèvi ak yo pou tout moun ka chante lwanj ou toupatou. Amèn

PWOPOZISYON: Nan gwoup aksyon apostolik nou yo, ann chita reflechi sou tout kalite trezò Granmèt la depoze nan nou epi bò kote nou pou n’ kapab tounen vrè travayè wayòm li an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario