Páginas

JEDI 28

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Tankou labou nan men moun k’ap fè krich, konsa nou ye nan men m’»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 18, 1-6
Pawòl ki rive kot Jeremi sot nan Granmèt la, li di: «Leve, desann nan kay moun k’ap fè krich la, lè w’a rive la a, koute pawòl mwen yo».
Mwen desann nan kay moun k’ap fè krich la, li t’ap fè travay li a sou yon wou. Lè veso li t’ap fè avèk labou nan men l’ yo gaye, li tounen fè yon lòt veso, jan sa fè l’ plezi nan je l’, konsa li fè.
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di: «Èske menm jan ak moun k’ap fè ak krich sa a, mwen pa kapab fè pou nou, kay Izrayèl? deklarasyon Granmèt la. Tankou labou nan men moun k’ap fè krich la, konsa nou ye nan men m’, kay Izrayèl».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 2abc. 2d-4. 5-6
R/ Se chans pou moun Bondye Jakòb pote sekou.
Fè lwanj Granmèt la, nam mwen;    fè lwanj Granmèt la nan lavi m’,
m’ap chante kantik pou Bondye m’ nan, tout tan m’ap viv.R.
Pa met konfyans nou nan chèf, nan pitit moun yo, kote ki pa gen delivrans.          Souf li pati, li tounen nan tè l’ la; jou sa a panse l’ yo peri.R.
Se chans pou sila a Bondye Jakòb la pote l’ sekou a, sila a ki gen espwa l’ nan Granmèt Bondye l’ la.     Li menm ki fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa k’ nan li.R
LEVANJIL
«Yo mete sa k’ bon yo apa nan veso; kanta move yo menm, yo jete yo deyò»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 47-53
Lè sa a: Jezi di foul yo:
«Rèy syèl la sanble ankò ak yon senn yo voye nan lanmè, ki ranmase tout kalite pwason.Lè l’ plen, yo rale l’, yo chita bò lanmè a, yo mete sa k’ bon yo apa nan veso; kanta sa k’ move yo menm, yo jete yo deyò. Se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo: Mesaje yo ap sòti, y’ap separe move yo sot nan mitan moun ki kòrèk yo, y’ap jete yo nan boukan dife a: la ap gen kriye ak manje dan.
Nou konprann tout bagay sa yo? »
Yo di l’: «Wi».
Li di yo: «Konsa tout pwofesè ki resevwa lansèyman nan rèy syèl la, li sanble ak yon pèd-fanmi, ki pran nan trezò l’ sa k’ nouvo ak sa k’ ansyen». Rive, lè Jezi fin di parabòl sa yo, li pati sot la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl nou sot tande nan Levanjil la fè n’ konnen kisa rèy Bondye a ye. Kouman pou n’aji lè nou rankontre ak Bondye : Jete tout sa k’ pa bon lakay nou, tout vye mès nou yo. Èske jodi a nou santi nou kapab kite aktivite nou yo pou nou suiv Jezi ? Èske nou ta kapab konsakre tout lavi nou nan sèvis wayòm Bondye, nan sèvis sila yo ki pi fèb, ki pi frajil nan sosyete a ?
Se pou nou divòse ak tout sa k’ pa bon nan lavi nou, tout sa ki anpeche nou akeyi wayòm Bondye a. Nou dwe evite kouri dèyè bagay ki pa mennnen nou nan bon chemen an, ki se chemen Jezi vin montre nou an : chemen laverite, chemen jistis, chemen solidarite, chemen kote tout moun se moun. Se sa wayòm Jezi a ye. An nou fè nou tou piti nan men Bondye, pou nou ka tounen enstriman liberasyon pou lòt yo, antan n’ap poze aksyon ki konkrè nan sosyete a pou nou defann sila yo ki pi fèb, sila yo ke sosyete a mete sou kote, sila yo ke yo derekonèt dwa yo, yo bliye si se moun ak pitit Bondye yo.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, fè pitit ou yo renmen rèy ou an pou yo ka viv valè li yo, pou yo travay pou wayòm ou an etabli sou tout fas tè a. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn.

PWOPOZISYON : Poze yon aksyon ki montre ou se moun k’ap travay pou wayòm Bondye ka tabli sou tè a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario