Koulè Blan
MAT KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Tout pèp la rasanble kot Granmèt la»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 26, 1-9
Nan kòmansman
rèy Joakim, pitit Jozyas, wa Jida, pawòl sa a rive sot nan Granmèt la, li di:
«Men pawòl
Granmèt la: «Kanpe nan lakou kay Granmèt la, pale ak tout vil Jida yo, ak tout
moun
ki vin pou yo
adore nan kay Granmèt la, di yo tout pawòl yo mwen te kòmande ou pou ou pale ak
yo a, pa wete okenn pawòl; petèt chak moun ap koute, y’ap vire sot nan move
chemen yo, m’a regrèt malè mwen kalkile pou m’ fè yo sibi a poutèt mechanste ki
nan lide yo a.
W’a di yo:
Men pawòl Granmèt la: Si nou pa koute m’, pou nou mache nan lalwa m’ nan mwen
te ba nou an, pou nou koute pawòl sèvitè m’ yo pwofèt yo mwen te voye kote nou
an, yo menm mwen fè leve nannuit pou m’ dirije yo a epi nou pa koute a, m’ap fè
kay sa a vin tounen tankou Silo, m’ap madichonnen vil sa a nan pami tout nasyon
tè a».
Prèt yo ak
pwofèt yo ak tout pèp la tande pawòl sa yo Jeremi t’ap di nan kay sakre Granmèt
la. Lè Jeremi fin di tout sa Granmèt la te kòmande l’ pou l’ di tout pèp la,
prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la arete l’, yo di: «W’ap mouri sètènman.
Pouki sa ou fè deklarasyon pwofèt o non Granmèt la, ou di: «Kay sa a ap vin
tounen tankou Silo, vil sa a ap abandone, pou l’ pa gen pèsonn pou abite l’?» Tout pèp la
rasanble kont Jeremi nan kay Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
68, 5. 8-10. 14
R/ Nan pakèt kè sansib ou, koute m’, Granmèt.
Yo vin pi plis pase cheve tèt mwen, sila yo ki rayi m’
pou granmesi yo.Yo fò, sila yo k’ap pèsekite m’ yo, lènmi m’ yo k’ap bay manti
yo, sa m’ pa t’ pran, koulye a mwen blije renmèt la.R.
Sèke se poutèt ou mwen sipòte jouman, lawont kouvri fas
mwen.
Mwen vin tounen etranje pou frè m’ yo, ak moun deyò pou
pitit manman m’ yo. Sèke jalouzi lakay ou a devore m’, jouman moun k’ap manke
ou dega yo, yo tonbe sou mwen.R.
Mwen menm lapriyè m’ ap monte kote ou, Granmèt; nan tan
favè a, Bondye. Nan pakèt kè sansib ou a, koute m’, nan verite delivrans ou a.R.
LEVANJIL
«Èske sila a
se pa pitit menuizye a? Kote l’ jwenn tout bagay sa yo? »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 54-58
Lè sa a:
Jezi rive nan
peyi l’, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, atèl pwen moun yo te sezi,
yo t’ap di:
«Kote l’ jwenn sajès sa a ak pouvwa sa yo? Èske sila a
se pa pitit menuizye a? Èske manman l’ se pa sila yo rele Mari a, epi frè l’ yo
Jak, ak Jozèf, ak Simon, ak Jud? Epi sè l’ yo,
èske yo tout pa lakay nou? Kote l’ jwenn tout bagay sa yo? » Yo te dekontwole
akòz li.
Jezi menm di
yo: «Pa gen pwofèt ki manke konsiderasyon sof nan peyi l’ ak nan lakay li». Li pa fè
anpil mirak nan kote sa a poutèt lafwa yo pa t’ genyen.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan tan pase yo ak nan tan jodi a, li difisil
pou nou pale de Bondye ak moun ki konnen nou, moun ki abitye ak nou. Nan ka pa
Jezi a, Sen Jan Krizostòm te di: «Moun Nazarèt yo te admire li, men admirasyon
sa a, olye li te ba yo lafwa, li te enspire yo jalouzi; se kòm yo t’ap di:
‘‘Poukisa se li menm, se pa mwen menm?’’»
Jezi te byen konnen moun ki te prefere fè kòmantè sou pawòl li, olye
pou yo te koute li. Moun sa yo, se te paran, zanmi, vwazen li, moun ki te chè
pou li menm. Poutan, se pou moun sa yo li te parèt pi difisil pou rive konprann
mesaj delivrans li a.
Nou menm ki pa nan menm kondisyon ak Jezi, nou pa kapab pwovoke
jalouzi (menm si pafwa sa ka rive lè n’ap fè jefò pou nou vin kreyen tout bon
vre). Men malgre tou, menm jan sa te rive pou Jezi, sa ka
rive ke moun nou renmen pa koute nou. Nan sikonstans sa yo, nou dwe sonje ke
moun ki pi pwòch nou plis wè defo nou pase kalite nou, e ki kapab di: - Ou menm
ki te konn fè sa oubyen ki fè sa, ou pa gen anyen pou moun aprann nan men ou! Menm si li difisil pou nou preche oubyen pale de Bondye ak moun ki nan
antouraj nou, se yon nesesite.
Sen Jan Krizostòm ajoute kòmantè sa: « Mwen priye ou, gade jan Mèt la
gen bon kè, li pa pini yo paske yo refize tande li; okontrè li di yo avèk
dousè: «Pa
gen pwofèt ki manke konsiderasyon sof nan peyi l’ ak nan lakay li» (Mat 13,57).
Men si Jezi te kite peyi li, li te tou tris, men li te kontinye priye pou mesaj
delivrans la te ka touche kè moun yo. Nou menm tou jounen jodi a, nou dwe priye
pou mesaj Jezi a ka rive kraze tout baryè prejije ak rasis, pou li touche tout
kè, pou tout moun ka viv ak kè kontan, ak kè poze.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm Pitit ou a te
aksepte pou yo resevwa l’ kay Mat ki sen, tanpri, an konsiderasyon priyè l’ fè
nou gras, pou antan n’ap sèvi Jezikri avèk fidelite nan frè nou yo, nou merite
ou resevwa nou nan palè syèl la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kijan mwen ka ranpli misyon mwen kòm pwofèt
jounen jodi a? Ki defi ki prezante devan mwen? M’ap priye pou Bondye ka ban
mwen konkou Lespri Sen an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario