Páginas

SAMDI 30

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la voye m’ kote nou tout bon vre, pou m’ pale pawòl sa yo»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 26, 11-16. 24
Jou sa yo:
Prèt yo ak pwofèt yo ak chèf yo pale ak tout pèp la, yo di: «Mesye sa a merite lanmò, paske li fè deklarasyon pwofèt kont lavil sa a, jan nou tande ak pwòp zòrèy nou yo».
Jeremi di tout chèf yo ak tout pèp la: «Granmèt la voye m’ pou m’ fè deklarasyon pwofèt bay kay sa a ak lavil sa a sou tout pawòl yo nou tande yo. Koulye a fè chemen nou yo ak panse nou yo vin bon, koute vwa Granmèt Bondye nou an; Granmèt la ap regrèt malè a li te pale kont nou an. Mwen menm menm, men m’ nan men nou, fè m’ sa nou twouve ki bon, ki dwat nan je nou. Sèlman aprann sa, konnen sa, si nou touye m’, se yon san inosan n’ap vide kont pwòp tèt nou, kont lavil sa a ak kont moun ki abite l’ yo; se tout bon vre Granmèt la te voye m’ kote nou, pou m’ pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou».
Chèf yo ak tout pèp la di prèt yo ak pwofèt yo: «Mesye sa a pa merite lanmò, paske se o non Granmèt Bondye nou an li pale nou».
Konsa Ayikam, pitit Safan pwoteje Jeremi, pou yo pa renmèt li nan men pèp la, pou yo pa touye l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 68, 15-16. 30-31. 33-34
R/ Nan tan favè a, ou reponn mwen, Granmèt.
Delivre m’ sot nan labou a, pou m’ pa fonse, delivre m’ anba men sila yo ki rayi m’ yo, sot nan fon dlo yo.
Pa kite lanm dlo yo nwaye m’, pa kite bafon an vale m’; pa kite fòs la sere bouch li sou mwen.R.
Mwen menm mwen pòv, m’ap plenn; delivrans ou a, Bondye, resevwa m’. M’ap fè lwanj non Bondye avèk kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj.R.
Se pou pòv yo wè, pou yo kontan, chèche Bondye, se pou kè nou viv. Paske Granmèt la koute pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo.R.
LEVANJIL
«Ewòd voye koupe tèt Jan, disip li yo vini, yo pote nouvèl bay Jezi»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 14, 1-12
Lè sa a, Ewòd chèf ka peyi a, tande repitasyon Jezi, li di sèvitè l’ yo: «Sila a, se Jan-Batis; li leve vivan sot nan pami mò yo, se pousa l’ap fè mirak sa yo».
Sèke Ewòd te arete Jan, li te mete l’ nan chenn, li te mete l’ nan prizon poutèt Ewodyad, madanm frè l’ la. Jan te di l’: «Ou pa gen dwa pran l’ pou ou». Li te vle touye l’, li te pè pèp la, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
Jou nesans Ewòd la, pitit fi Ewodyad la te danse nan mitan yo, sa te fè Ewòd plezi. Li te fè sèman poutèt sa, li te pwomèt li li t’ap ba l’ nenpòt ki sa l’ ta mande l’. Li menm menm, li pran konsèy nan men manman l’. Li di: «Ban m’ tèt Jan-Batis koulye a menm nan yon plat».Wa a kontrarye; men poutèt sèman an ak poutèt sila yo ki te sou tab avèk li yo, li pase lòd pou yo bay li; li voye koupe tèt Jan nan prizon an. Yo pote tèt li sou yon plat, yo bay ti fi a, li menm li pote l’ bay manman l’.
Disip li yo pwoche, yo pran kò l’, yo antere l’; yo vin anonse Jezi sa.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Litiji Pawòl Bondye pou jodi a envite nou kontanple yon enjistis: enjis lanmò Jan Batis; an menm tan se yon envitasyon pou nou dekouvri nan Pawòl Bondye a nesesite pou nou temwaye byen klè epi konkrètman lafwa nou, pou nou anonse esperans pou mond nou an.
Mwen envite nou santre refleksyon nou an sou Ewòd. An reyalite, pou nou menm li reprezante yon move temwen, men li pral ede nou konprann kèk aspè enpòtan pou temwaye lafwa nou nan mond la.
«Lè sa a, Ewòd chèf ka peyi a, tande repitasyon Jezi» (Mt 14,1). Aparaman, deklarasyon sa montre yon bòn atitid, men li plen ipokrizi. Se yon reyalite nou ka rankontre jounen jodi a lakay anpil moun e petèt nan nou menm. Anpil moun tande pale de Jezi, men yo poze tèt yo kesyon: Kilès li ye reyèlman? Kisa ki angaje nou ak li pèsonèlman?
Premyèman, li nesesè pou nou bay yon repons ekzak: repons Ewòd la parèt yon ti jan vag pou nou: «Sila a, se Jan-Batis; li leve vivan sot nan pami mò yo, se pou sa l’ap fè mirak sa yo». Li klè ke nou regrèt nou pa bay repons kesyon Pyè te poze Jezi a: « E nou menm, kisa nou di? Pou nou menm, kilès mwen ye? Pyè pran pawòl, li deklare: «Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.» (Mt 16,15-16). Deklarasyon sa a pa kite okenn dout, li pa fè nou pè ni endiferan; okontrè li louvri pòt yon temwayaj ki anrasinen nan Levanjil la.
Jan Pòl II te defini li konsa nan Ekzòtasyon Apostolik Ecclesia in Europa: «Avèk tout Legliz la mwen envite frè ak sè m’ yo nan lafwa pou yo toujou ouvè ak tout konfyans nan Kris la, pou yo kite li renouvle yo, antan y’ap anonse ak tout moun bòn volonte, avèk fòs lapè ak renmen an, ke moun ki rankontre Granmèt la li konnen Verite a, li dekouvri Lavi, li jwenn chemen ki mennen ladan.»
LAPRIYÈ:Granmèt, jodi samdi sa a, tanpri, pa lentèmedyè Lavyèj Mari, Manman esperans la, ede nou dekouvri reyèlman kilès Jezi ye epi pote bon temwayaj sou Li bay frè ak sè nou yo.

PWOPOZISYON: Poze yon aksyon jodi a ki pote lavi pou, ki ankouraje moun viv.

No hay comentarios:

Publicar un comentario