Páginas

DIMANCH 31

Koulè Vèt
DIZUITYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI                                                                           .
“Sa sa ap sèvi moun nan tout travay li a?”
NAN LIV KOWELÈT 1, 2; 2, 21 23
Se van k’ap pwodui van, se sa Eklezyas di; se van k’ap pwodui van, tout bagay se van.
Sèke lè yon moun travay avèk sajès, avèk konesans, avèk ladrès, li kite eritaj li pou yon moun ki pa fè anyen: sa a se bagay ki pa sèvi anyen, se yon gran malè. Kisa yon moun jwenn ak tout travay li ak tray lespri l’, ki fè l’ap redi anba solèy la? Tout jou l’ yo yo plen ak soufrans ak fatig, menm nannuit li pa gen repo pou lespri l’; èske sa a se pa yon bagay ki pa sèvi anyen?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Si jodi a nou te kapab koute vwa Granmèt la: “Pa fèmen kè nou”.
Vini, an nou fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye, delivrans nou. An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk kantik an nou fè fèt pou li.R.
Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou ajenou devan Granmèt la ki fè nou an, paske se li menm ki Bondye nou, nou se pèp pak li ak mouton men l’.R.
Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: “pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou yo te eseye m’ nan: yo te chèche m’ kont, malgre yo te wè travay mwen yo”.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se sa k’ anwo yo pou nou chèche, kote Jezikri ye a”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 3, 1-5. 9-11
Frè m’ yo:
Si nou leve vivan avèk Jezikri, se sa k’ anwo a pou nou chèche, kote Jezikri chita adwat Bondye; se sa k’ anwo yo pou nou goute, se pa bagay ki sou tè a. Sèke nou mouri, lavi nou kache avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri ap parèt, li menm ki lavi nou an, lè sa a tou n’ap parèt ansanm avèk li nan bèlte a.
Konsa se pou nou donte manb nou yo ki pou tè a: move plezi, bagay ki pa pwòp, move tandans, move lanvi, renmen lajan, ki sèvis zidòl.
Pa fè manti youn bay lòt. Nou wete moun ansyen an ak tout aksyon l’ yo ki te abiye nou an, nou abiye ak moun nouvo a, ki refèt tou nèf nan konesans la, daprè pòtre sila a ki te kreye l’ la; kote sa a pa gen payen ak Juif, ni sikonsizyon ak mank sikonsizyon, ni moun sòt ak moun lelit, ni esklav ak moun lib, men se Jezikri ki tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Sa ou pare a, pou kilès l’ap ye?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 12, 13-21
Lè sa a:
Yon moun nan foul la di Jezi: “Mèt, di frè m’ nan pou l’ separe eritaj la avèk mwen”.
Jezi menm di l’: “Mon chè, ki moun ki te mete m’ kòm jij oubyen notè sou nou?”
Li di yo: “Fè atansyon, evite tout anvi lajan; paske se pa nan richès yon moun lavi l’ ye, se pa nan sa l’ posede yo”.
Li di yon parabòl pou yo, li di:
“Yon moun rich te gen yon jaden ki rapòte l’ anpil fwi, li t’ap kalkile nan kè l’, li t’ap di: “Ki sa pou m’ fè, paske mwen pa gen kote pou m’ ranmase fwi m’ yo?” Li di: “Men sa m’ap fè: m’ap detwi depo m’ yo, m’ap fè dòt ki pi gran, se la m’ap ranmase tout richès mwen yo ak byen m’ yo.
M’ap di nanm mwen: Nanm mwen, ou gen anpil byen an depo pou anpil ane; repoze, manje, bwè, fete”.
Men Bondye di l’: “Enbesil, nannuit sa a menm y’ap mande ou nanm ou; sa ou pare a, pou ki moun y’ap ye?”
Se konsa sa ye pou moun k’ap ranmase richès pou pwòp tèt pa l’, men ki pa rich nan je Bondye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè sa a, Jezi t’ap pale ak yon foul moun. Yon nèg  chèche pran kontak ak Li, li di li: “Mèt, di frè m’ nan pou l’ pataje eritaj papa nou an avèk mwen». Jezi menm refize antre nan kont yo te genyen sou zafè lajan. Men, li pwofite okazyon sa a pou l’ di moun yo : Fè atansyon, pa cho dèyè lajan, paske se pa lajan ki sous lavi a.
Epi, pou li fè yo wè pi klè sa l’ vle di a, li rakonte yo yon ti parabòl : Vwala te gen yon gwo nèg ki te gen anpil tè. Jaden li yo te rapòte anpil, ki fè li te poze tèt li kesyon sa a : ki sa m’ pral fè, kote m’ pral mete tout rekot sa a? Bon, mwen pral kraze depo mwen yo, epi m’ap bati lòt pi gwo pou m’ mete rekòt mwen. Aprè sa, mwen pral pran plezi mwen, mwen pral jwi tout byen mwen yo.
Men, Bondye di li : Egare ! Aswè a menm ou pral mouri. Tout sa ou te sere yo, pou ki moun y’ap ye ?
Lè fini, Jezi di : se konsa sa ye tou pou tout moun k’ap chache ranmase byen poutèt pa l’ pito pase l’ ranmase richès kote Bondye.
Pwovèb la di : «Rad moun mouri pa gen pòch». Se vre, moun mouri pa bezwen pòch, paske yo pa kab pote anyen nan sa yo te genyen isit anwo tè a pou yo ale lòt bò a. Se sa jenòm nan te bliye. Tout sa ki te nan tèt li, se ranmase byen pou l’ jwi sou tè sa a, tankou nèg rich nan parabòl la. Men, Jezi di nou : Se pa lajan ki sous lavi a, se pa lajan ki kab asire lavi ou tout bon.
Sa Jezi di l’ la, li di l’ pou nou tout, kit nou rich, kit nou pòv. Moun ki apiye sou sa li genyen, li va tonbe ak tout sa li genyen. Men, moun ki apiye sou Bondye, anyen pa kab brannen li.
Jezi di : se pa lajan ki sous lavi a, men se renmen, se lenzalòt. Lavi Bondye, lavi tout bon vre a, se renmen. Se sèl renmen ki pi fò pase lanmò. Tout sa nou fè akoz nou renmen Bondye ak frè n’ yo, se sa ki richès nou tout bon, se sa sèlman nou kab ranmase mete l’ kote Bondye. Pa chache vin rich devan lèzom, men chache vin rich devan Bondye. Kisa sa sèvi ou pou ou viv anwo tè a, si lavi sa ap mennen ou nan lanmò. Men, lavi n’ap viv anwo tè a vin bèl, si l’ mennen nou nan lavi ki p’ap janm fini an.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, anpil fwa mwen tounen moun fou k’ap dèyè richès latè, mwen menm fè sa m’ pa t’ dwe fè pou mwen rive jwenn li : mwen fè move kout lang, mwen touye moun nan tout kalite bagay ; mwen bliye si se pase m’ap pase epitou sa m’ap chèche yo ap pase tou. Jodi a, mwen vin mande ou padon pou tout krim ke mwen komèt. Mwen deside pou mwen pa rekòmanse epi m’ap mande ou pou w’ ede mwen rekonèt ke richès ou a pi enpòtan ke tout lòt richès ki ekziste.

PWOPOZISYON : Kenbe kontak ak Bondye pou nou ka rich nan li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario