Koulè
Blan
ALFONS DE LIGORI KI SEN, Evèk ak Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Ananyas, Granmèt la pa voye ou, ou fè pèp la met konfyans li nan manti».
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 28, 1 -17
Rive nan ane sa a, nan kòmansman
rèy Sedesyas, wa Jida, nan katriyèm ane, nan sinkyèm mwa, Ananyas, pitit Azou,
pwofèt Gabaon an, di m’, nan kay Granmèt la devan prèt yo ak tout pèp la :
«Men pawòl Granmèt lame yo, Bondye
Izrayèl la. «Mwen kraze jouk wa Babilòn nan. Nan dezan ankò, m’ap ramne tout veso
kay Granmèt la isit la, sa Naboukodonozò, wa Babilòn nan, te pran sot isit la,
li te pote Babilòn nan. Ni Jekonyas, pitit Joakim, wa Jida a, ni tout ekzile
Jida yo ki pati Babilòn yo, m’ap fè yo tounen isit la, deklarasyon Granmèt la;
sèke m’ap kraze jouk wa Babilòn nan».
Pwofèt Jeremi di pwofèt Ananyas, devan je prèt yo ak
devan je tout pèp la ki te nan kay Granmèt la; pwofèt Jeremi di: «Amèn! Se
konsa pou Granmèt la fè! Granmèt la ap reyalize pawòl yo ou deklare kòm pwofèt
la, pou l’ ramne veso yo nan kay Granmèt la, ni tout ekzile yo sot Babilòn vin
isit la. Ebyen koute pawòl sa a m’ap pale nan zòrèy ou ak nan zòrèy tout pèp
la: «Pwofèt yo ki te ekziste anvan m’ yo ak anvan ou depi nan kòmansman, yo te
fè deklarasyon pwofèt sou anpil peyi epi sou gran rèy, yo te pale sou kesyon
batay, malè, grangou.Men pwofèt ki deklare lapè a, se lè pawòl li a reyalize,
yo konnen se pwofèt li ye, se Granmèt la ki voye l’ tout bon vre».
Pwofèt Ananyas pran chenn nan sot nan kou pwofèt
Jeremi, li kraze l’; Ananyas di devan tout pèp la: «Men pawòl Granmèt la: «Se
konsa m’ap kraze jouk Naboukodonozò, wa Babilòn nan, aprè dezan, sot nan kou
tout nasyon yo».
Pwofèt Jeremi pati nan chemen l’. Pawòl Granmèt la rive
kot Jeremi, lè pwofèt Ananyas fin kraze chenn nan sot nan kou pwofèt Jeremi a,
li di: «Al di Ananyas: Men pawòl Granmèt la: «Se chenn ki fèt ak bwa ou kraze,
w’ap fè chenn ki fèt ak fè pou yo». Paske men pawòl Granmèt lame yo, Bondye
Izrayèl: «Mwen mete yon jouk an fè sou kou tout nasyon sa yo, pou yo sèvi
Naboukodonozò wa Babilòn nan, epi y’ap sèvi l’; menm bèt yo sou tè a, mwen
renmèt ba li».
Pwofèt Jeremi di pwofèt Ananyas: «Koute, Ananyas,
Granmèt la pa voye ou, ou fè pèp sa a met konfyans li nan manti. Se pousa men
pawòl Granmèt la: «Men m’ap wete ou sot sou fas tè a: ane sa a menm w’ap mouri,
paske se kont Granmèt la ou pale». Pwofèt
Ananyas mouri ane sa a menm, sou setyèm mwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 29. 43. 79. 80. 95. 102
R/ Aprann mwen desizyon ou yo, Granmèt.
Vire chemen
manti a lwen m’, fè m’ favè lalwa ou la avèk bon kè ou.R.
Pa wete pawòl
laverite a menm sot nan bouch mwen, paske mwen espere anpil nan jijman ou yo.R.
Moun ki
respekte ou yo ap vire kote m’, ni sa k’ aprann temwayaj ou yo.R.
Fè kè m’ vin
san tach nan desizyon ou yo, pou m’ pa wont.R.
Moun peche yo
ap tann mwen, pou yo pèdi m’; mwen mete kè m’ nan temwayaj ou yo.R.
Mwen pa devye sot nan jijman ou yo, paske ou mete lalwa
a devan m’.R.
LEVANJIL
«Li gade nan
syèl la, li beni pen yo, li bay disip yo, disip yo menm bay foul yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 14, 13-21
Lè sa a:
Lè Jezi tande lanmò Jan-Batis, li pati sot la nan
batiman, l’al yon kote nan savann ki pou kont li; lè foul yo tande sa, yo suiv
li apye sot nan lavil yo. Lè l’ sòti, li wè yon pakèt foul; li pran pitye pou
yo, li geri malad yo.
Lè aswè rive, disip li yo pwoche kote l’, yo di: «Kote
a se yon savann, lè a deja ta; ranvwaye foul yo, pou y’al nan bouk yo, pou yo
achte manje».
Jezi menm di yo: «Yo pa bezwen ale; ba yo manje nou
menm».
Yo reponn li: «Nou pa gen anyen isit la sof senk pen ak
de pwason».
Li di yo: «Pote yo ban mwen isit la».
Li pase foul la lòd pou l’ kouche sou zèb la, li pran
senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l’ nan syèl la, li beni pen yo, li kase
yo, li bay disip yo, disip yo menm bay foul yo. Tout moun manje, vant plen.Yo
ranmase rès yo, douz panye plen moso. Kantite moun yo menm ki te manje yo, se
te senk mil gason, san konte fi ak ti moun.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Jezi montre jan li sansib, jan li gen
konpasyon pou foul moun sa yo ki t’ap suiv li e ki te grangou. Premyèman nou dekouvri enkyetid disip Jezi yo,
ki te montre yo reyalis lè yo te mande Jezi pou ranvwaye foul yo dekwa pou yo
te ka achte kichòy pou yo manje.
Men Jezi te mande disip li yo pou yo chache yon moyen pou bay foul la
manje. Nan sans sa Jezi envite nou pou nou aji! Nou pa ka rete endiferan devan
kalamite lòt yo epi avan nou rele bay Bondye, se pou nou gade kisa ki posib pou
nou fè. Lè nou konprann nesesite lòt yo, fòk nou chèche yon mwayen pou nou ede
yo, fòk nou fè yon dilijans pou yo. Men an menm tan tou, fòk nou toujou konte
sou konkou Granmèt la, paske se li menm k’ap konble tout vid nou yo, se li menm
k’ap ranpli nou.
Nan lekòl Jezi a nou ka aprann plizyè bagay: kè sansib (konpasyon);
dispozisyon pou sèvi lòt yo; mete sa nou genyen nan sèvis lòt yo san nou pa
mezire.
Sètènman Jezi te kapab bay foul la manje pou kont li (paske li se
Bondye epi pa gen anyen ki enposib pou li), men li pa t’ fè sa pou li te ka bay
yon leson: sèke menm si nou dwe toujou konte sou lanmou, mizerikòd ak konkou
Granmèt la, nou dwè fè sa ki alawotè mezi posiblite pa nou kòm moun. Avèk senk pen, de ti
pwason tout moun manje vant plen epi rete rès! Sa se yon gwo mèvèy Bondye! Nan
sakreman Lekaristi a, Jezi kontinye envite nou chak jou, pou nou vin puize nan
Sous lavi li a, pou nou jwenn enèji pou kò nou ak nam nou, antan nou nan
pelerinaj lafwa a.
Kidonk, Granmèt la
toujou la pou li miltipliye tout jefò n’ap fè pou wayòm li an ka rive nan mitan nou; li soutni jefò
nou fè pou lè nou metè tèt ansanm pou jwenn solisyon pwoblèm nou yo, lè nou
konsakre tèt nou nan sèvis lòt yo, lè nou chache lajisitis ak lè nou defann
lavi.
LAPRIYÈ: Granmèt, louvri je nou pou nou wè mizè frè ak sè nou yo; louvri
kè nou pou nou ka konprann yo; louvri men nou pou nou ka pataje sa nou genyen
ak yo. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap eseye rezoud yon pwoblèm lakay mwen
oubyen nan kominote mwen, nan dialog ansanm ak lòt moun ki konsène.
No hay comentarios:
Publicar un comentario