Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se poutèt anpil peche ou yo mwen aji konsa avèk
ou. M’ap fè joupa Jakòb yo tounen»
LEKTI LIV
PWOFÈT JEREMI 30, 1-2.
12-15. 18-22.
Men pawòl Granmèt la ki rive sou Jeremi, li di: «Men
pawòl Granmèt Bondye Izrayèl la, li di: «Tout pawòl sa yo mwen pale avèk ou a,
ekri yo nan yon liv».
Men sa Granmèt la di: «Kote ou blese a, li pa kapab
geri, kote ou malad la, li grav anpil; pèsonn pa plede kòz ou pou l’ panse ou,
sa pa sèvi anyen pou yo ba ou swen. Tout zanmi ou yo bliye ou, yo p’ap chèche
ou; chatiman lènmi an frape ou ak yon pinisyon ki rèd: poutèt pakèt fot ou,
peche ou yo rèd. Sa ou bezwen rele sou soufrans
ou a? Soufrans ou a pa gen gerizon. Se poutèt pakèt fot ou yo ak poutèt move
peche ou yo, mwen aji konsa avèk ou».
Men pawòl
Granmèt la: «Men m’ap fè prizonye joupa Jakòb yo tounen, m’ap pran pitye pou
kay li yo, m’ap bati vil sou tèt li, m’ap drese kay sakre a nan plas li.Y’ap fè
lwanj ak vwa mizisyen k’ap sot ladan l’. M’ap fè yo vin anpil, yo p’ap diminye;
m’ap fè yo jwenn bèlte, yo p’ap rabese. Pitit li yo ap vin tankou nan
kòmansman, fanmiy li a ap dire devan m’, m’ap vizite tout moun k’ap fè l’ pase
mizè. Chèf li ap sòti nan li, pitit wa ap fèt nan mitan l’; m’ap fè levasyon
l’, l’ap pwoche kote m’. Kilès ki leve kè l’ pou l’ pwoche kote m’?»
Deklarasyon Granmèt la.
«N’ap pèp
mwen, mwen menm m’ap Bondye nou. »
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
101, 16-18. 19-21. 29 e 22-23
R/ Granmèt la bati Siyon, li parèt nan bèlte l’.
Nasyon yo ap respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou
tè a ap respekte bèlte w’ la; paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan
bèlte l’.L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an pèp
k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la. Sèke
li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a, antan l’
nan syèl la; pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
Pitit sèvitè ou yo ap abite, ras yo ap asire devan fas
ou, pou yo anonse non Granmèt la nan Siyon, avèk lwanj li nan Jerizalèm; lè pèp
yo ap rasanble pou yo fè yon sèl, avèk rèy yo, pou yo sèvi Granmèt la.R.
LEVAN JIL
«Pase m’ lòd
pou m’ vin jwenn ou sou dlo yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 14, 22-36
Lè foul la fin manje kont li, menm lè a Jezi fòse disip
yo pou yo monte nan batiman an pou yo pran devan l’ lòt bò lanmè, joustan li
fin ranvwaye foul yo. Lè l’ fin ranvwaye foul la, li monte sou mòn nan pou l’
lapriyè pou kont li. Lè aswè rive, li te pou kont li la a. Batiman an menm te
nan mitan lanmè, lanm yo t’ap souke l’: sèke van yo t’ap vin nan sans kontrè.
Vè twazè nannuit Jezi vin kote yo, antan l’ap mache
anwo lanmè a. disip yo wè l’ap mache sou lanmè a, yo twouble; yo di: «Se yon
zonbi», yo pran rele poutèt yo pè.
Tou suit Jezi pale avèk yo, li di: «Pran tèt nou, se
mwen menm, pa pè». Pyè menm reponn, li di: «Granmèt, si se ou menm, pase m’ lòd
pou m’ vin jwenn ou sou dlo yo». Jezi di
l’:«Vini».
Pyè desann
sot nan batiman an, li mache sou dlo a, pou l’al jwenn Jezi. Men lè l’ wè kijan
van an fò, li pè; li kòmanse fonse, li rele, li di: «Granmèt, sove m’».
Menm lè a
Jezi lonje men l’, li kenbe l’, li di l’: «Lafwa ou piti, pouki sa ou fè dout?
»
Lè yo monte nan batimán an, van an sispann. Moun yo ki
te nan batiman an, yo pwoche, yo adore l’, yo di: «An verite, ou se Pitit
Bondye».
Yo travèse lòt bò lanmè a, yo rive nan peyi Jeneza. Moun
peyi a rekonèt li; yo voye avèti tout rejyon an, yo mennen tout malad yo ba li;
yo lapriyè l’ pou l’ kite yo touche omwen fil rad li.
Tout moun ki
te touche l’, yo te sove.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl
Bondye a toujou pote nouvote pou nou. Menm si se yon pawòl nou tande chak jou,
li se yon pawòl ki toujou la pou renouvle nou, pou pote limyè, pou klere chemen
nou. Se pawòl lavi.
Antan n’ap medite sou tèks nou li jodi a, an nou fè yon ti rete sou levanjil
la. Genyen twa bagay ki atire atansyon nou ladan l’:
Premyèman, nou wè Jezi ki monte sou tèt mòn nan pou li priye. Sa fè nou
konprann lapriyè se yon bagay ki enpòtan nan lavi nou, paske se sèl mwayen pou
nou antre an kominikasyon ak Bondye epi se gras a li nou jwenn fòs pou nou
kapab viv konba lavi a. Èske nou toujou genyen bòn abitid sa a? Si nou genyen
li an nou kontinye apwofondi li. Si nou pa konn pran tan sa a, li bon pou nou
chache jwenn li nan fonksyònman nou. Anpil fwa nou ka di nou pa gen tan, li ka
sanble sa vre, lè nou gade tout pakèt aktivite nou genyen. Men pa bliye ke tan
an se Bondye ki ba nou li, sante nou genyen an se kado Bondye; konsa li bon pou
nou pran yon ti tan pou nou di Bondye mèsi.
Si ou pa gen
sante ki sa ou ka fè? Mwen kwè ou pa ka fè anyen, se yon kote w’ap rete chita. Kidonk an nou pa tann lè nou nan kalamite pou nou ap rele chèche Bondye.
Yon dezyèm
bagay, se Pyè ki mande pou li al jwenn Jezi epi li doute; li te pral koule. Eksperyans Pyè a se yon ekzanp pou montre frajilite nou kòm moun. Nou
fèb epi a nenpòt moman nou ka doute. Menm jan Jezi pa t’ kite Pyè koule nou ka
rete kwè li p’ap kite nou koule. Menm jan Pyè te rele sove li, konsa depi nou
rele Bondye ap sove nou.
Yon twazyèm bagay, n'ap mansyone se lè Jezi rive a kòman anpil moun
anvayi li epi tout moun kite touche li te geri. Non sèlman paske yo te rive touche
li, men se paske yo te kwè nan Li. Nou ka wè la ki pouvwa Sovè nou an. Konsa
depi nou kwè nan li nou ka rive geri tou.
LAPRIYÈ: Granmèt ede mwen pou m’ toujou kwè
nan ou; menm lè mwen doute jis pou m’ koule, tanpri souple vin pote mwen sekou.
Amèn.
PWOPOZISYON: Pandan jounen sa a, m’ap pran yon
ti tan pou m’ di Bondye mèsi nan fon kè mwen paske li pa janm kite mwen peri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario